[1] Pou maestwo koral la. Sou enstriman a kòd. Yon sòm Asaf. Yon chan.
[2] Yo konnen Bondye nan Jida, Non li gran ann Izrayèl.
[3] Li gen tant li nan Salèm. Li abite nan Siyon.
[4] Se la li te kase flèch ki t ap fè dife yo, Boukliye, epe ak zam lagè yo. – Poze!
[5] Ou pi klere, ou pi gran Pase montay ravisè yo.
[6] Yo piye vanyan gason ki gen kè, Yo dòmi dènye dòmi yo. Pèsonn nan vanyan gason yo pa t ka leve men yo.
[7] O Bondye Jakòb la, depi ou menase yo, Yo dòmi, ni kavalye ni cheval.
[8] Ou menm Bondye, ou terib. Kilès ki ka kanpe devan w, lè kòlè w eklate?
[9] Depi kote w ye nan syèl la, ou fè tande jijman ou. Latè, nan krentif li, rete trankil,
[10] Lè Bondye leve pou l fè jistis, Pou l delivre tout malere sou latè. – Poze!
[11] Paske, menm kòlè lòm fè lwanj ou, Ou antoure ak yon rès kòlè.
[12] Fè ve bay Letènèl, Bondye nou an, epi respekte yo. Se pou tout moun ki antoure li pote kado pou Bondye terib la.
[13] L ap koupe souf chèf yo, Li terib pou tout wa latè.