Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 1:04

[1] Kantik eskalye yo. Yon kantik Salomon. Si se pa Letènèl ki bati kay la, Moun ki bati l yo travay anven. Si se pa Letènèl ki veye vil la, Moun k ap gade l yo veye anven.

[2] Se anven ou leve bonè, ou kouche ta, Ou manje pen doulè; Wi, li bay byeneme li somèy.

[3] Gade! Pitit se eritaj ki soti nan Letènèl, Fwi zantray se yon rekonpans.

[4] Tankou flèch nan men yon vanyan gason, Se konsa pitit ou fè lè w jèn ye.

[5] Benediksyon pou moun ki ranpli ralfò yo ak pitit, Li p ap wont, Lè y ap plede ak lènmi l yo nan pòtay la.

Liv Sòm Yo — Chapters