[1] Pou maestwo koral la. Sou Gitit. Yon sòm David.
[2] O Letènèl, Senyè nou, Ala gran non ou gran sou tout latè! Ou mete grandè w pi wo pase syèl la.
[3] Nan bouch timoun ak tibebe, Ou tabli fòs ou poutèt advèsè ou yo, Pou fè lènmi w ak moun ki renmen vanje yo fèmen bouch yo.
[4] Lè m gade syèl ou yo, travay ou fè ak men w yo, Lalin ak zetwal ou te tabli yo,
[5] Kisa lòm ye konsa pou w ta sonje li? Kisa pitit lèzòm ye pou w ta pran ka li?
[6] Ou fè l yon ti jan enferyè Bondye. Ou ba l glwa ak onè kòm kouwòn.
[7] Ou tabli li sou travay men ou fè. Ou soumèt tout bagay anba pye li.
[8] Mouton tankou bèf, yo tout, Menm bèt sovaj ki rete nan savann,
[9] Zwazo nan syèl ak pwason nan lanmè, Tout bèt k ap pase nan kouran dlo.
[10] O Letènèl, Senyè nou, Ala gran non ou gran sou tout latè!