[1] Pou Maestwo koral la. Sou enstriman a kòd. Yon Kantik David.
[2] O Bondye, tande priyè m. Pa kache pou pa koute plent mwen yo.
[3] Tande byen, e reponn mwen. Mwen ajite nan chagren mwen, e m ap plenn
[4] Akòz vwa lènmi an, Akòz mechan an k ap peze m. Paske, yo lakòz malè tonbe sou mwen, Epi yo rayi mwen nan kòlè yo.
[5] Kè m ap tranble anndan mwen. Laperèz lanmò te tonbe sou mwen.
[6] Pè ak latranblad antre sou mwen, Laperèz kouvri mwen.
[7] Mwen di: Si m te gen zèl pijon, Mwen t ap vole epi mwen t ap jwenn repo.
[8] Gade! Mwen t ap sove ale byen lwen. Mwen t ap abite nan dezè a. – Poze!
[9] Mwen t ap prese chèche yon refij, Kont van fò, kont tanpèt.
[10] Vale yo, Senyè, divize lang yo. Paske, mwen wè vyolans ak dispit nan vil la.
[11] Lannuit kou lajounen, yo fè viwonn vil la sou miray, Inikite ak vis nan mitan vil la.
[12] Dezas nan mitan l. Vyolans ak manti pa kite plas piblik li yo.
[13] Se pa yon lènmi k ap meprize m, Mwen ta reziye m. Se pa moun ki rayi m ki leve kont mwen, Mwen ta kache pou li.
[14] Men se ou menm, yon moun tankou m; Ou menm, bon zanmi m, moun mwen konnen.
[15] Nou te konn pale byen ansanm, Nou te konn ale ak foul la nan kay Bondye a.
[16] Se pou lanmò sezi yo, Se pou yo desann tou vivan nan peyi-mò, Paske, mechanste abite avè yo, nan mitan yo.
[17] Mwen menm, mwen rele Bondye, Letènèl ap sove m.
[18] Leswa, lematen, a midi, m ap plenn, m ap jemi. Epi Bondye tande vwa m.
[19] L ap rachte nanm mwen nan lapè, nan batay yo kont mwen. Paske, moun ki kont mwen yo anpil.
[20] Bondye ap tande, l ap imilye yo, Limenm k ap reye depi lontan. – Poze! Paske, yo pa chanje, yo pa gen krentif pou Bondye.
[21] Mechan an mete men sou moun ki anpè avè l. Li vyole kontra li.
[22] Bouch li pi dous pase krèm, Men, nan kè l se lagè. Pawòl li pi swa pase luil, Men, yo tankou yon epe ou rale nan fouwo l.
[23] Lage fado ou bay Letènèl, e l ap soutni ou. Li p ap janm kite jis la bite.
[24] Men, ou menm, Bondye, w ap fè yo desann nan bafon twou a, Moun k ap vèse san, moun k ap bay manti p ap wè mwatye nan jou yo. Men mwen menm, se nan ou mwen konfye m.