Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 1:44

[1] Pou Maestwo koral la. Sou flit la. Yon kantik David.

[2] Moun fou a di nan kè l: Pa gen Bondye! Yo kòwonpi. Yo komèt abominasyon ak inikite. Pa genyen youn k ap fè byen.

[3] Bondye rete depi nan syèl la, li gade pami pitit lèzòm, Pou l wè si gen youn ki gen konprann, Youn k ap chèche Bondye.

[4] Yo tout pèdi chemen an, yo vin pèvèti ansanm. Pa genyen youn k ap fè byen, Pa genyen menm yon sèl.

[5] Moun k ap komèt inikite, èske yo pa konprann anyen? Yo devore pèp mwen an tankou yo devore pen. Epi yo pa envoke Bondye.

[6] La tou, se pa ti pè yo pral pè, kote p ap gen rezon pou moun pè. Bondye ap gaye zo moun k ap atake w yo. Ou ap fè yo wont, paske Bondye rejte yo.

[7] Kilès k ap fè delivrans Izrayèl soti nan Siyon? Lè Bondye va mennen prizonye pèp li a tounen, Jakòb ap nan gwo kontantman, Izrayèl ap nan lajwa.

Liv Sòm Yo — Chapters