[1] Letènèl ap reye. Se pou latè rejwi anpil. Se pou anpil zile yo rejwi!
[2] Nyaj ak fènwa antoure l. Twòn li chita sou jistis ak dwa.
[3] Dife soti devan li, Li boule advèsè l yo toutotou.
[4] Zeklè l yo klere lemonn, Latè wè li, li tranble.
[5] Mòn yo fonn tankou lasi devan Letènèl, Devan Senyè tout latè a.
[6] Syèl la rakonte jistis li. Tout pèp yo wè glwa li.
[7] Yo nan lawont, Tout moun ki sèvi estati, Moun ki vante tèt yo nan fo dye. Se pou tout dye yo koube devan Letènèl.
[8] O Letènèl, Siyon tande l, yo rejwi. Fi Jida yo nan gwo kontantman, Pou tèt jijman ou yo.
[9] Paske, ou menm Letènèl, ou se Bondye Trè Wo sou tout latè. Ou leve byen wo sou tout dye yo.
[10] Nou menm ki renmen Letènèl, rayi sa ki mal! Li gade nanm fidèl li yo, Li delivre yo anba men mechan yo.
[11] Limyè simen pou jis yo, Lajwa simen pou moun ki gen kè yo dwat.
[12] Nou menm ki jis, rejwi nou nan Letènèl, Selebre non li ki sen!