Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 2:21

[1] Pou Maestwo koral la. «Pa detui.» Yon kantik David. Lè li t ap kouri pou Sayil, pandan li te nan kavèn nan.

[2] Gen pitye pou mwen, Bondye, gen pitye pou mwen! Paske, nanm mwen ap chèche refij nan ou. M ap chèche refij anba lonbraj zèl ou, Jiskaske kalamite yo pase.

[3] M ap kriye bay Bondye Trè Wo a, Bondye ki aji pou mwen an.

[4] L ap voye delivrans mwen soti nan syèl. L ap fè moun k ap pilonnen m wont. – Poze! Bondye ap voye bonte li ak fidelite l.

[5] Nanm mwen nan mitan lyon, Mwen kouche pami moun k ap devore pitit lèzòm. Dan yo tankou lans ak flèch. Lang yo tankou yon epe ki file.

[6] Bondye, se pou ou egzalte sou syèl la. Se pou glwa ou sou tout latè.

[7] Yo tann yon filè sou wout mwen, Nanm mwen koube. Yo te fouye yon twou devan m, Yo tonbe ladan l. – Poze!

[8] Kè m vin fèm, o Bondye, kè m vin fèm. M ap chante, epi m ap jwe enstriman.

[9] Reveye w, nanm mwen. Reveye w, gita mwen ak hap mwen. M ap fè maten reveye.

[10] O Senyè, m ap louwe ou nan mitan pèp yo. M ap jwe enstriman pou ou nan mitan nasyon yo.

[11] Paske, bonte ou gran, li rive jis nan syèl. Fidelite w rive jis nan nyaj yo.

[12] Bondye, se pou ou egzalte sou syèl la. Se pou glwa ou sou tout latè.

Liv Sòm Yo — Chapters