Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 1:00

[1] Kantik eskalye yo. Yon sòm David. Gade! Ala bon, ala dous lè frè viv ansanm nan linite!

[2] Se tankou pi bon luil la ki sou tèt Aawon, Ki desann sou bab li, sou bab Aawon, Ki desann sou bò rad li.

[3] Se tankou lawouze Èmon an, Ki desann sou mòn Siyon; Paske, se la Letènèl voye benediksyon, Lavi pou letènite.

Liv Sòm Yo — Chapters