[1] Pou Maestwo koral la. Sou flèdelis. Pou David.
[2] O Bondye, sove m! Paske, dlo yo menase lavi m.
[3] Mwen plonje nan labou san m pa ka kanpe; Mwen tonbe byen fon nan dlo, kouran yo kouvri m.
[4] Mwen bouke kriye, gòj mwen sèch, Je m afebli tèlman m ap tann Bondye m nan.
[5] Moun ki rayi m pou granmesi yo Pi plis pase cheve nan tèt mwen. Yo pisan, moun ki vle fini avè m, Moun ki lènmi m pou granmesi yo. Fò mwen remèt sa m pa t vòlè!
[6] O Bondye, ou konnen foli mwen, Zak koupab mwen yo pa kache devan ou.
[7] Pa kite moun k ap tann ou yo wont akòz mwen menm, O Senyè, Letènèl dèz ame! O Bondye Izrayèl la, Pa kite moun k ap chèche ou yo wont akòz mwen menm!
[8] Paske, se poutèt ou m ap pote repwòch, Lawont bouche figi m.
[9] Mwen devni yon enkoni pou frè m yo, Mwen devni yon etranje pou pitit manman m yo.
[10] Paske, jalouzi mwen pou kay ou va manje kè mwen, Jouman moun k ap joure w yo tonbe sou mwen.
[11] Mwen kriye nan nanm mwen pandan m ap jene, Se sa ki rale lawont sou mwen.
[12] Mwen pran yon rad sak pou rad, Mwen tounen yon pwovèb pou yo.
[13] Sila yo ki chita nan pòtay la ap pale sou mwen, Moun ki bwè tafya yo chante sou mwen.
[14] Men, mwen menm, Letènèl, se ou menm mwen priye. O Bondye, nan gran bonte ou, fè se tan sa a ki favorab, Reponn mwen nan verite delivrans ou.
[15] Retire m nan labou pou m pa plonje, Se pou m delivre anba moun ki rayi m yo ak dlo fon.
[16] Pa kite kouran dlo yo kouvri m, Pa kite labim nan vale m, Pa kite twou a fèmen bouch li sou mwen.
[17] Letènèl, reponn mwen, paske fidelite ou bon. Nan gran konpasyon ou, vire je gade m.
[18] Pa kache fas ou pou sèvitè w, Paske mwen nan detrès; prese reponn mwen.
[19] Pwoche pre nanm mwen, rachte l. Libere m akòz lènmi m yo.
[20] Ou menm, ou konnen dezonè m, lawont mwen ak desepsyon m. Tout advèsè m yo devan ou.
[21] Lawont brize kè m e mwen malad, Mwen t ap tann konpasyon, men anyen! Mwen t ap tann moun pou konsole m, men, mwen pa jwenn.
[22] Yo mete fyèl nan manje m, Pou pase swaf mwen, yo ban m bwè vinèg.
[23] Se pou tab yo tounen yon pyèj devan yo, Se pou byen yo tounen yon pèlen.
[24] Se pou je yo vin fènwa, pou yo pa wè. Fè ren yo toujou tranble.
[25] Vide malediksyon w sou yo, Se pou flanm kòlè ou atrap yo.
[26] Se pou kote yo rete a devaste, Se pou pèsonn pa abite nan tant yo.
[27] Paske, yo pèsekite moun ou frape a, Yo rakonte soufrans moun ou blese a.
[28] Mete inikite sou inikite yo, Pa kite yo jwenn nan jistis ou.
[29] Se pou non yo efase nan liv lavi a, Pa kite yo enskri ansanm ak jis yo.
[30] Mwen se yon pòv, m ap soufri. O Bondye, se pou delivrans ou leve m wo!
[31] M ap louwe non Bondye nan yon chan, M ap egzalte l ak rekonesans.
[32] Sa bon pou Letènèl a plis pase yon bèf, Plis pase yon jèn towo ki gen kòn ak zago.
[33] Malere yo wè sa, e yo rejwi. Nou menm k ap chèche Bondye, Se pou kè nou viv.
[34] Paske, Letènèl tande pòv yo, Li pa meprize prizonye l yo.
[35] Se pou syèl ak latè louwe li, Lanmè ak tout sa k ap fè mouvman ladan.
[36] Paske, Bondye ap sove Siyon, l ap bati vil Jida yo, Moun va abite ladan e yo va posede l.
[37] Desandans sèvitè w yo ap genyen l pou eritaj. Moun ki renmen non li ap abite ladan.