Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 1:19

[1] Kantik eskalye yo. Yon sòm David. Mwen rejwi lè yo di mwen: Ann ale lakay Letènèl!

[2] Pye nou kanpe Devan pòtay ou yo, Jerizalèm!

[3] Jerizalèm, ou bati Tankou yon vil kote tout bagay byen konekte.

[4] Se la tribi yo monte, Branch fanmi Letènèl yo, Tankou yon temwayaj pou Izrayèl, Pou yo louwe non Letènèl.

[5] Se la twòn jijman yo enstale, Twòn fanmi David yo.

[6] Mande lapè pou Jerizalèm! Se pou moun ki renmen w yo viv trankil!

[7] Se pou lapè rete nan ranpa ou yo! Se pou sekirite rete nan palè w yo!

[8] Poutèt frè m yo ak zanmi m yo, Kounye a m ap di: Se pou lapè rete nan ou!

[9] Poutèt kay Letènèl la, Bondye nou, Mwen chèche sa ki bon pou ou.

Liv Sòm Yo — Chapters