Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 3:34

[1] Pou maestwo koral la. Sou lè «Mouri pou pitit gason an.» Yon sòm David.

[2] M ap louwe Letènèl ak tout kè m. M ap rakonte tout mèvèy ou yo.

[3] M ap fè kè m kontan epi m ap rejwi nan ou. O Bondye Trè Wo, m ap chante non ou!

[4] Lè lènmi m yo fè bak, Yo tonbe epi yo peri devan fas ou.

[5] Paske se ou k ap defann dwa m ak kòz mwen. Ou chita sou twòn ou pou jije daprè lajistis.

[6] Ou reprimande nasyon yo, ou detui mechan yo. Ou efase non yo pou le tan e letènite.

[7] Pa gen lènmi ankò, ni dezas ki dire nèt ale! Ou derasinen vil yo, Epi moun pa sonje yo ankò.

[8] Men, Letènèl ap gouvène pou tout tan. Li tabli twòn li pou l fè jijman an.

[9] Li jije lemonn avèk jistis. Li jije nasyon yo nan ladwati.

[10] Letènèl se yon refij pou moun y ap peze, Yon refij nan tan detrès.

[11] Moun ki konnen non ou yo va kwè nan ou, Paske, Letènèl, ou p ap abandone moun k ap chèche w.

[12] Chante pou Letènèl ki abite nan Siyon. Pibliye nan mitan nasyon yo gwo bagay li fè.

[13] Paske sila a, k ap reklame san ki koule, sonje yo. Li pa bliye rèl malere.

[14] O Letènèl, fè m favè w! Gade mizè m anba moun ki rayi m yo, Ou menm ki fè m monte soti nan pòtay lanmò,

[15] Pou m ka rakonte tout lwanj ou yo Nan pòtay pitit fi Siyon an, Kite m rejwi anpil nan delivrans ou.

[16] Nasyon yo tonbe nan twou yo te fouye a. Filè yo te sere a, se pye yo ankò k ap pran ladan.

[17] Letènèl fè konnen kiyès li ye; Li fè jistis. Mechan an antòtye nan pyèj, nan travay li fè ak pwòp men l. – Jwe enstriman. Poze!

[18] Mechan yo gen pou yo retounen nan Peyi mò, Tout nasyon ki bliye Bondye.

[19] Paske yo p ap bliye malere a pou tout tan; Esperans moun ki nan mizè yo p ap peri pou tout tan.

[20] Leve, Letènèl! Pa kite se lèzòm ki triyonfe. Se pou nasyon yo vin jije devan ou.

[21] Letènèl, voye laperèz sou yo! Se pou nasyon yo konnen se moun ase yo ye! – Poze!

Liv Sòm Yo — Chapters