[1] Louwe Letènèl! Benediksyon pou moun ki gen krentif pou Letènèl, Ki jwenn anpil plezi nan kòmandman l yo.
[2] Desandan l yo ap vin fò sou tè a; Y ap beni jenerasyon moun ki dwat yo.
[3] Lakay li se pwosperite ak richès, Jistis li ap dire pou tout tan.
[4] Limyè leve nan fènwa pou moun ki dwat, Pou moun ki fè gras, ki gen konpasyon ak jistis.
[5] Benediksyon pou moun ki fè gras e ki prete, Ki regle zafè l daprè lajistis.
[6] Paske, li p ap janm bite. Moun ap toujou sonje jis la.
[7] Li pa pè move nouvèl; Kè l fèm, li konfye l nan Letènèl.
[8] Kè l solid. Li pa pè, Jiskaske li pran plezi gade advèsè l yo.
[9] Li simaye kado, li bay pòv yo. Jistis li ap dire pou tout tan. Tèt li ap leve nan laglwa.
[10] Mechan an wè l, li fache; Li graje dan epi li fonn; Dezi mechan ap peri.