[1] Se pa pou nou, Letènèl! Se pa nou! Men, se non ou pou w bay glwa, Akòz bonte ou, akòz fidelite ou.
[2] Poukisa pou nasyon yo ta di: Bon, kote Bondye yo a?
[3] Bondye nou an nan syèl, Li fè tout sa li vle.
[4] Zidòl yo se ajan ak lò, Se travay lòm fè ak men.
[5] Yo gen bouch, men yo pa pale; Yo gen je, men yo pa wè.
[6] Yo gen zòrèy, men yo pa tande; Yo gen nen, men yo pa pran sant anyen.
[7] Yo gen men, men yo pa manyen; Yo gen pye, men yo pa mache; Yo pa fè okenn bri nan gòj yo.
[8] Moun ki fabrike yo sanble ak yo, Ak tout moun ki mete konfyans nan yo.
[9] Izrayèl, mete konfyans ou nan Letènèl! Li se sekou yo, li se boukliye yo.
[10] Moun kay Aawon, mete konfyans nou nan Letènèl! Li se sekou yo, li se boukliye yo.
[11] Nou menm ki gen krentif pou Letènèl, mete konfyans nou nan Letènèl! Li se sekou yo, li se boukliye yo.
[12] Letènèl sonje nou, l ap beni. L ap beni moun kay Izrayèl, L ap beni moun kay Aawon.
[13] L ap beni moun ki gen krentif pou Letènèl, Piti kou gran.
[14] Letènèl ap miltipliye nou, Nou menm ak pitit nou yo.
[15] Se pou Letènèl beni nou, Li menm ki kreye syèl la ak tè a!
[16] Syèl la se syèl Letènèl, Men, li bay pitit lòm yo latè.
[17] Se pa mò yo ki louwe Letènèl, Se pa pèsonn ki desann kote ki fè silans lan.
[18] Men, nou menm, n ap beni Letènèl, Depi kounye a ak pou tout tan. Louwe Letènèl!