Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 2:43

[1] Pou Maestwo koral la. «Pa detui.» Yon kantik David. Lè Sayil te voye veye kay David pou l tiye l.

[2] O Bondye, delivre m anba lènmi m yo. Pwoteje m kont moun ki leve kont mwen yo.

[3] Delivre m anba malfektè, Sove m anba moun k ap fè san koule.

[4] Paske, gade! Yo tann anbiskad pou pran lavi m, Moun vyolan ap fè konplo kont mwen, San m pa kriminèl, san m pa koupab, Letènèl.

[5] San mwen pa koupab, y ap kouri, y ap prepare yo; Leve pou vin kote m, epi gade.

[6] Ou menm, Letènèl, Dye dèz ame yo, Bondye Izrayèl la, Leve pou fè tout nasyon yo rann kont, Pa gen pitye pou okenn nan mechan, trèt sa yo. – Poze!

[7] Yo tounen nan aswè, yo gwonde tankou chen, Yo fè tou vil la.

[8] Gade sa yo vomi nan bouch yo! Yon epe soti nan bouch yo. Paske, yo di: Ki moun k ap tande?

[9] Men, ou menm, Letènèl, ou ri yo; Ou pase tout nasyon yo nan rizib.

[10] Malgre fòs yo, m ap tann ou; Paske, se Bondye ki refij mwen.

[11] Nan bonte li, Bondye vin kote m. Bondye ap fè m wè pase lènmi m yo.

[12] Pa tiye yo, san pa sa pèp mwen an ap bliye sa. Nan pisans ou, fè yo mache pasi pala, E jete yo anba, Senyè nou, boukliye nou.

[13] Bouch yo peche nan chak pawòl ki sou lèv yo. Se pou yo pran nan pwòp ògèy yo, Se sèman ak manti ase yo fè.

[14] Detui yo, detui yo nan kòlè w, se pou yo disparèt. Se pou yo konnen Bondye ap reye sou Jakòb, Jis nan dènye bout latè. – Poze!

[15] Yo tounen nan aswè, yo gwonde tankou chen, Yo fè tou vil la.

[16] Yo mache pasi pala nan chèche manje. Epi yo pase nuit la san vant yo pa plen.

[17] Men, mwen, m ap chante pouvwa ou. Depi nan maten, m ap chante fidelite ou byen fò. Paske, ou se fòtrès mwen, Ou se refij mwen nan jou detrès.

[18] Ou menm ki fòs mwen, m ap chante lwanj ou, Paske, Bondye se refij mwen, Bondye fidèl mwen.

Liv Sòm Yo — Chapters