Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 1:19

[1] Pou Maestwo koral la. Yon sòm pitit Kore yo.

[2] Nou tout, pèp, bat men. Fè bri lajwa nou monte jwenn Bondye.

[3] Paske, Letènèl, Bondye Trè wo a, terib. Li se gran wa sou tout latè.

[4] Li fè pèp yo soumèt devan nou. Li mete anpil nasyon anba pye nou.

[5] Li te chwazi nou kòm eritaj li, Sa se glwa Jakòb, moun li renmen an. – Poze!

[6] Bondye monte nan mitan bri kontantman. Letènèl egzalte ak son twonpèt.

[7] Chante pou Bondye! Chante! Chante pou wa nou an! Chante!

[8] Paske, Bondye se wa tout latè. Chante yon kantik!

[9] Bondye ap reye sou nasyon yo, Bondye chita sou twòn li ki sen.

[10] Notab pèp yo fè yon sèl Ak pèp Bondye Abraam nan. Paske, boukliye latè yo se pou Bondye. Li egzalte anpil.

Liv Sòm Yo — Chapters