Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 1:52

[1] Pou Maestwo koral la. «Pa detui.» Yon kantik David.

[2] Èske vrèman, se nan silans ou ran jistis? Nou menm, pitit lèzòm, èske nou jije daprè lajistis?

[3] Non! Nou komèt enjistis nan kè nou. Nan peyi a se vyolans men nou nou mete sou balans la.

[4] Mechan yo pèvèti depi nan vant, Moun k ap bay manti yo detounen depi nan vant.

[5] Yo gen yon pwazon ki tankou pwazon sèpan. Yo fèmen zòrèy yo tankou yon vipè ki soud,

[6] Ki pa tande vwa majisyen, Menm majisyen ki pi maton an.

[7] O Bondye, kase dan nan bouch yo. Letènèl, rache zo machwè jèn lyon yo.

[8] Se pou yo gaye tankou dlo k ap koule. Li lanse flèch li, e yo vin enfim.

[9] Tankou yon kalmanson k ap fonn pandan l ap mache, Tankou yon timoun ki fèt tou mouri, yo p ap wè solèy.

[10] Anvan chodyè nou yo touche dife pikan yo, Ke yo vèt, ke yo boule, Bondye ap pote yo ale nan tanpèt.

[11] Jis la ap nan lajwa lè li wè vanjans lan, L ap benyen pye li nan san mechan yo.

[12] Moun pral di: Vrèman, gen rekonpans pou jis la. Vrèman, gen yon Bondye k ap jije sou latè.

Liv Sòm Yo — Chapters