Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 2:21

[1] Pou Maestwo koral la. Sou lè «pijon sou terebent lwen yo.» Yon kantik David. Lè Filisten yo te kenbe l nan vil Gat.

[2] Bondye, gen pitye pou mwen! Paske, gen moun k ap toumante m. Tout lajounen y ap fè m lagè, y ap peze m.

[3] Tout lajounen, lènmi m yo ap toumante m. Moun k ap fè m lagè ak awogans yo anpil.

[4] Lè mwen pè, Se nan ou mwen konfye m.

[5] M ap vante tèt mwen nan Bondye, nan pawòl li. Mwen konfye m nan Bondye, mwen p ap pè Kisa moun ka fè m?

[6] Tout lajounen y ap defòme pawòl mwen, Tout panse yo sou mwen pou yo fè m mechanste.

[7] Y ap fè konplo, yo nan anbiskad. Y ap veye tras pye m. Yo vle retire lavi m.

[8] Èske y ap chape nan inikite yo? O Bondye, jete nasyon yo anba nan kòlè ou.

[9] Ou kontwole kouri kache m yo. Mete dlo je m yo nan boutèy ou. Èske yo pa ekri nan liv ou?

[10] Jou mwen kriye, lènmi m yo ap fè bak; Mwen konnen Bondye pou mwen.

[11] M ap vante tèt mwen nan Bondye, nan pawòl li, M ap vante tèt mwen nan Letènèl, nan pawòl li.

[12] Mwen konfye m nan Bondye, mwen p ap pè. Kisa moun ka fè m?

[13] O Bondye, ve mwen te fè w yo sou kont mwen. M ap ofri sakrifis remèsiman.

[14] Paske, ou delivre nanm mwen anba lanmò; Vrèmanvre, ou te anpeche pye m glise Pou m ka mache devan Bondye nan limyè moun vivan yo.

Liv Sòm Yo — Chapters