Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 1:45

[1] Pou Maestwo koral la. Yon sòm David.

[2] O Bondye, tande vwa m, lè m ap jemi. Pwoteje lavi m kont lènmi k ap fè m pè a.

[3] Kache mwen kont konplo mechan yo, Kont moun k ap komèt inikite.

[4] Yo file lang yo tankou yon epe. Yo lanse pawòl anmè tankou flèch,

[5] Pou yo tire an kachèt sou inosan. Yo tire sou li sanzatann, e yo pa pè.

[6] Yo pran fòs nan fè konplo, Yo mete ansanm pou yo tann pyèj an kachèt. Yo di: Ki moun k ap wè pyèj yo?

[7] Yo planifye lenjistis epi yo di: Nou fini! Konplo a byen planifye! Anndan yo chak, kè yo se yon abim.

[8] Men, Bondye tire flèch li sanzatann kont yo, Li blese yo.

[9] Se lang yo ki fè yo tonbe. Tout moun ki wè yo pran kouri.

[10] Tout moun pral gen krentif, Yo va rakonte sa Bondye fè, Y ap konsidere zèv li.

[11] Jis la rejwi nan Letènèl, li chèche refij nan li. Tout moun ki gen kè yo dwat va fyè de li.

Liv Sòm Yo — Chapters