[1] Pou Maestwo koral la. Yon sòm David, sèvitè Letènèl.
[2] Pawòl konsènan rebelyon mechan an nan fon kè mwen. Pa gen krentif Bondye devan je li.
[3] Li flate tèt li devan pwòp je li, Lè li dekouvri inikite l epi lè li rayi.
[4] Pawòl nan bouch li se manti ak trayizon. Li sispann saj, li sispann fè byen.
[5] Li planifye inikite sou kabann li. Li kanpe sou yon chemen ki pa bon. Li pa rejte sa ki mal.
[6] Letènèl, bonte ou rive jis nan syèl. Fidelite w rive jis nan nyaj yo.
[7] Jistis ou tankou montay Bondye yo. Jijman w tankou yon gwo abim. Letènèl, ou delivre ni moun ni bèt.
[8] O Bondye, ala gran valè bonte ou genyen! Pitit lèzòm yo chèche refij anba lonbraj zèl ou.
[9] Yo rasazye ak grès lakay ou. Ou ba yo bwè nan rivyè ou ki bay plezi.
[10] Paske, se bò kote w sous lavi a ye. Se nan limyè ou nou wè limyè.
[11] Repann favè ou sou moun ki konnen ou. Repann jistis ou sou moun ki gen kè yo dwat.
[12] Pa kite pye awogan an rive pre m. Pa kite men mechan yo fè m pran kouri.
[13] Se la moun k ap komèt inikite yo ap tonbe. Yo jete yo atè, e yo pa ka leve.