Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 0:50

[1] Kantik eskalye yo. Yon sòm David. Letènèl, mwen pa gen kè anfle, ni je awogan; Mwen pa okipe m de bagay ki twò gran, bagay ki twò difisil pou mwen.

[2] Jamè! Mwen fè nanm mwen kalm e trankil, Tankou yon timoun sevre ki bò kote manman l. Nanm mwen tankou yon timoun sevre.

[3] Izrayèl, mete espwa ou nan Letènèl, Depi kounye a ak pou tout tan!

Liv Sòm Yo — Chapters