Skip to content
Opens in a new window

[1] Apre saba a, avanjou, nan premye jou semèn nan, Mari, moun Magdala, avèk lòt Mari a, vin vizite tonm nan.

[2] E, twouve, vin genyen yon gwo tranblemanntè. Paske, yon zanj Senyè a desann sot nan syèl, vin woule wòch la devan pòt la, epi li chita sou li.

[3] Aparans kò li te tankou zèklè. E, rad li te blan kon lanèj.

[4] Gad yo tranble tank yo pè. Yo vin tankou mò.

[5] Zanj lan pran lapawòl, li di medam yo: Nou menm, nou pa bezwen pè. Paske, mwen konnen se Jezi, sila yo te krisifye a, n ap chèche.

[6] Li pa isit la! Paske, menm jan li te di a, li resisite. Vini, gade kote Senyè a te kouche a.

[7] Epi, ale vit kote disip li yo, di yo: Senyè a resisite pami mò yo. Gade! Li prale Galile devan nou. Se la n a wè li. Gade! Se mwen ki di nou sa!

[8] Yo soti nan tonm nan byen vit. Yo te pè, e yo te gen yon gwo kontantman tou. Yo kouri al anonse disip Jezi yo sa.

[9] Pandan menm, yo pral anonse disip li yo sa a, twouve, se Jezi ki rankontre avèk yo. Li di: Bonjou! Yo menm, yo pwoche, yo kenbe pye li, yo adore li.

[10] Alò, Jezi di yo: Pa pè! Al anonse frè mwen yo nouvèl la, dekwa pou yo ka ale Galile. Se la y ap wè mwen.

[11] Epi, pandan yo prale a, twouve, kèk nan sekirite yo ale nan vil la, yo anonse sakrifikatè prensipal yo tout sa ki te rive.

[12] Sakrifikatè prensipal yo reyini ak ansyen yo, yo pran yon desizyon, epi yo bay sòlda yo anpil lajan.

[13] Epi, yo di sòlda yo: Di se disip li yo ki vini lannuit pandan n ap dòmi epi ki vòlè kò a.

[14] E, si gouvènè a ta tande sa, nou menm, n a konvenk li, konsa, n ap pwoteje nou.

[15] Sòlda yo pran lajan an, epi, yo fè jan yo te di yo a. E, se pawòl sa a ki simaye pami Juif yo pou jis jodi a.

[16] Onz disip yo, yo menm, y ale Galile, sou mòn Jezi te endike yo a.

[17] Lè yo wè Jezi, yo adore li. Men, kèk te nan dout.

[18] Jezi, li menm, pwoche, li pale avèk yo, li di: Bondye ban mwen tout pouvwa nan syèl ak sou latè.

[19] Donk, ale. Fè moun tout nasyon vin disip. Batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Lespri Sen an.

[20] Anseye yo pou yo obsève tout sa mwen te kòmande nou yo. Gade! Mwen avèk nou chak jou, pou jis lafen di monn rive. Amèn!

Levanjil Matye a — Chapters