Skip to content
Opens in a new window

[1] Pa jije, dekwa pou yo ka pa jije nou.

[2] Paske, jan nou jije a, se konsa yo va jije nou tou. E, nan mezi nou mezire a, se nan li y ap mezire pou nou tou.

[3] Epi, poukisa ou wè pay ki nan je frè w la, epi ou pa remake madriye ki nan je w la.

[4] E, kòman w fè di frè ou: «Kite m retire pay ki nan je w la» alòske, gade! Men yon madriye nan je w?

[5] Ipokrit! Se pou w retire madriye ki nan je w la anvan, epi apre, w a wè klè pou w retire pay la nan je frè w la.

[6] Pa bay chen bagay ki sen. Nonplis tou, pa lage pèl devan kochon, paske y ap pile yo anba pye yo, epi y ap vire, y ap depatcha nou.

[7] Mande, epi yo va ban nou. Chèche, epi nou va jwenn. Frape, epi yo va ouvè pou nou.

[8] Paske, tout moun ki mande, yo resevwa. Moun ki chèche, yo jwenn. E, yo ouvè pou moun ki frape.

[9] Kilès moun pami nou la a, si pitit li ta mande l pen, pou se yon wòch li ta lonje ba li?

[10] E, si pitit li ta mande l pwason, pou se yon sèpan li ta lonje ba li?

[11] Donk, si nou menm, atout nou mechan an, nou konnen pou nou bay timoun nou yo bon bagay, ebyen, se plis toujou pou Papa nou ki nan syèl la: Moun ki mande li, l ap ba yo bon bagay.

[12] Donk, tout bagay nou ta vle lèzòm fè pou nou, nou menm, se pou nou fè menm bagay la pou yo tou. Paske, se sa ki lalwa ak pwofesi yo.

[13] Antre nan pòtay etwat la. Paske, lòt pòtay la laj, epi chemen ki mennen moun al peri a gran. E, genyen anpil moun ki antre ladan l.

[14] Men, pòtay sa a etwat. Chemen ki mennen moun nan lavi a sentre. E, se yon ti kras moun ki jwenn li.

[15] Men, fè atansyon ak fo pwofèt yo. Yo vin sou nou, yo degize an mouton. Men, anndan kè yo, yo se lou devoran.

[16] N ap rekonèt yo daprè fwi yo. Moun pa keyi rezen sou pikan, ni figfrans sou bayawonn, pa vre?

[17] Konsa tou, tout bon pyebwa donnen bon fwi. Men, move pyebwa donnen move fwi.

[18] Bon pyebwa pa kapab donnen move fwi. Move pyebwa pa kapab donnen bon fwi, nonplis.

[19] Tout pyebwa ki pa donnen bon fwi, yo koupe yo, epi yo jete yo nan dife.

[20] Kifè, se daprè fwi yo, n ap rekonèt yo.

[21] Se pa tout moun k ap di mwen: «Senyè! Senyè!» k ap antre nan wayòm syèl la, men, se moun ki fè volonte Papa mwen ki nan syèl la.

[22] Nan jou sa a, anpil moun va di mwen: «Senyè, Senyè, se nan non ou nou te pwofetize, se nan non ou nou te chase demon, e se nan non ou nou te fè anpil mirak, pa vre?»

[23] Lè sa a, m a deklare yo: Mwen pa t janm konnen nou. Retire nou sou mwen, nou menm moun ki konn fè rebèl!

[24] Donk, tout moun ki tande bagay sa yo m ap di a epi ki fè yo, m ap konpare yo ak yon nonm ki gen bonsans ki bati kay li sou wòch.

[25] Epi, lapli tonbe, lavalas desann, van soufle al bat sou kay la. Men, li pa tonbe. Paske, li te bati sou wòch.

[26] Men, tout moun ki tande bagay sa yo m ap di a epi ki pa fè yo, ebyen, yo tankou yon nonm fou ki bati kay li sou sab.

[27] Epi, lapli tonbe, lavalas desann, van soufle al bat sou kay la, kay la tonbe, epi se yon gwo devas.

[28] Konsa, lè Jezi fin di pawòl sa yo, ansèyman l lan te fè foul moun yo sezi.

[29] Paske, se pa tankou pwofesè lalwa yo li t ap anseye yo, men, se tankou yon moun ki gen otorite.

Levanjil Matye a — Chapters