Skip to content
Opens in a new window

[1] Epi, Jezi rele douz disip li yo, li ba yo pouvwa pou yo chase move lespri epi pou yo geri tout maladi ak tout enfimite.

[2] Men non douz apot yo: toudabò, Simon, sa yo rele Pyè a ak Andre, frè li a; Jak, pitit Zebede a ak Jan, frè li a;

[3] Filip ak Batèlmi; Toma ak Matye, pèseptè a; Jak, pitit Alfe a ak Lebeyis ki te gen ti non Tade;

[4] Simon, Kananeyen an ak Jida Iskaryòt. Se li menm tou ki te trayi Jezi a.

[5] Se yo douz la, Jezi voye. Li kòmande yo, li di: Pa pran wout al kote lòt nasyon yo. E, pa antre nan vil Samariten yo.

[6] Men, pito nou ale kote mouton pèdi ki kay Izrayèl yo.

[7] Pandan nou prale, preche, di: «Wayòm syèl la pre rive.»

[8] Geri moun malad. Pirifye moun ki gen lèp. Chase demon. Se gratis nou resevwa, se gratis pou nou bay.

[9] Pa pran ni lò, ni ajan, ni lajan nan sentiwon nou,

[10] ni valiz pou wout la, ni yon dezyèm rad, ni sandal, ni baton. Paske, yon travayè merite manje l.

[11] Nan nenpòt vil oubyen nan nenpòt bouk nou antre, chèche yon moun ki merite resevwa nou, rete la pou jis nou ale.

[12] E, lè nou antre nan kay la, salye li.

[13] Si kay la merite sa, se pou lapè nou an al sou li. Men, si kay la pa merite sa, se pou lapè nou an retounen jwenn nou.

[14] Si pèsonn pa ni resevwa nou ni koute pawòl nou, lè n ap soti nan kay la oubyen nan vil sa a, souke pousyè nan pye nou.

[15] Franchman, m ap di nou sa: Nan jou jijman an, sa va pi rèd pou vil sa a pase pou peyi Sodòm ak Gomò.

[16] Gade! M ap voye nou tankou mouton ki pral nan mitan lou. Donk, se pou nou entèlijan tankou koulèv, epi se pou nou inosan tankou pijon.

[17] Fè atansyon ak moun. Paske, yo va arete nou mennen devan tribinal. Yo va bat nou nan sinagòg yo.

[18] Akòz non mwen, yo va mennen nou devan gouvènè ak wa pou nou temwaye devan yo ak devan lòt nasyon yo.

[19] E, lè yo arete nou, pa chaje tèt nou nan kalkile ni kòman nou pral pale, ni kisa nou pral di. Paske, nan lè sa a menm, Bondye va ban nou sa pou nou di.

[20] Vrèmanvre, se pa nou menm ki va pale, men, se Lespri Papa nou ki va pale nan nou.

[21] Men, frè va trayi frè pou fè tiye yo. Papa va fè menm bagay ak pitit. Epi, pitit va revòlte kont paran pou fè tiye yo.

[22] Non mwen va lakòz tout moun rayi nou. Men, moun ki va sipòte jiska lafen, se yo ki va sove.

[23] E, lè yo pèsekite nou nan yon vil, sove al nan yon lòt. Paske, m ap di nou sa franchman: Anvan nou fin al nan tout vil ann Izrayèl, Pitit Lòm nan ap vini.

[24] Yon elèv pa plis pase mèt li; yon sèvitè pa plis pase patwon li.

[25] Si yon elèv rive tankou mèt li, si yon sèvitè rive tankou patwon li, sa ase pou li. Paske, si yo rele mèt kay la Bèlzeboul, yo va rele moun lakay li plis toujou.

[26] Donk, pa pè yo. Pa gen anyen ki vwale ki p ap devwale. Nanpwen anyen ki kache ki p ap vin aklè.

[27] Sa mwen di nou nan fènwa, di li lajounen. E, sa nou tande nan zòrèy, pwoklame l sou do kay.

[28] E, pa pè moun k ap tiye kò, men, ki pa kapab tiye nanm. Men, sila ki kapab detui ni nanm ni kò nan Jeyèn nan, se li pito pou nou pè.

[29] Se de pou yon penich, yo vann ti zwazo, pa vre? Epoutan, pa gen youn nan yo ki tonbe atè, san se pa Papa nou ki vle.

[30] Alòske, nou menm, menm cheve nan tèt nou, yo tout konte.

[31] Donk, pa pè. Nou vo plis pase anpil ti zwazo.

[32] Donk, tout moun ki temwaye pou mwen devan lèzòm, mwen menm tou, m ap temwaye pou yo devan Papa mwen ki nan syèl la.

[33] E, yon moun ki nye mwen devan lèzòm, mwen menm tou, m ap nye li devan Papa mwen ki nan syèl la.

[34] Pa sipoze se lapè, mwen vin pote sou latè. Non, se pa lapè, mwen vin pote, se epe.

[35] Vrèmanvre, mwen vin mete divizyon ant yon nonm ak papa li, ant yon pitit fi ak manman li, ant yon bèlfi ak bèlmè li.

[36] E, se va pwòp moun lakay yon nonm ki va lènmi li.

[37] Yon moun ki renmen papa l oubyen manman l plis pase mwen, li pa merite mwen. Yon moun ki renmen pitit gason l oubyen pitit fi l plis pase mwen, li pa merite mwen.

[38] E, yon moun ki pa pran kwa li epi ki pa suiv mwen, li pa merite mwen.

[39] Yon moun k ap konsève lavi l, l ap pèdi l. E, yon moun ki pèdi lavi l poutèt mwen menm, l ap rejwenn li.

[40] Moun ki resevwa nou, se mwen yo resevwa. E, moun ki resevwa mwen, se sila ki voye m nan yo resevwa.

[41] Moun ki resevwa yon pwofèt paske li se pwofèt, y ap resevwa yon rekonpans pwofèt. E, moun ki resevwa yon moun jis paske li se yon moun jis, y ap resevwa yon rekonpans moun jis.

[42] Si yon moun ta bay youn nan pi piti pami sa yo, menm yon gode dlo fre, poutèt li se yon disip, franchman, m ap di nou sa: Moun sa a p ap pèdi rekonpans li ditou.

Levanjil Matye a — Chapters