[1] Konsa, lè Jezi fin bay douz disip li yo lòd, li kite kote l te ye a pou l al anseye ak preche nan vil yo.
[2] Men, pandan Jan nan prizon, li tande travay Jezi yo. Alò, li voye de nan disip li yo
[3] al di li: Èske ou se sila k ap vini an, oubyen, èske nou dwe tann yon lòt?
[4] Jezi reponn, li di yo: Al rapòte Jan sa nou tande ak sa nou wè:
[5] Moun avèg ap wè, epi moun bwate ap mache. Moun ki gen lèp ap vin pwòp, epi moun soud ap tande. Moun mouri ap resisite, epi moun pòv ap tande bon nouvèl la.
[6] Benediksyon pou moun ki pa chite poutèt mwen.
[7] Lè mesye yo ale, Jezi pran pale ak foul moun yo de Jan. Li di: Kisa nou te al admire nan dezè a? Èske se yon pye wozo, van ap souke?
[8] Osinon, kisa nou te al wè? Èske se yon moun ki abiye ak bèl rad? Gade! Moun ki mete bèl rad yo, se kay wa yo ye.
[9] Donk, kisa nou te al wè? Èske se yon pwofèt? Mwen di nou: Wi! E, li menm plis pase yon pwofèt.
[10] Paske, se sou li menm, yo te ekri: Gade! M ap voye mesaje m nan devan ou, li va pare chemen ou devan ou.
[11] Franchman, m ap di nou sa: Pami moun ki soti nan vant fi, pa genyen ki leve vin pi gran pase Jan Batis. Alòske, sa ki pi piti nan wayòm syèl la, li pi gran pase Jan.
[12] Men, depi nan jou Jan Batis yo, pou jis kounye a, wayòm syèl la ap sibi vyolans. E, se moun vyolan ki fè dappiyanp sou li.
[13] Vrèmanvre, tout pwofesi yo ansanm ak lalwa te pwofetize pou jis Jan parèt.
[14] E, si nou vle aksepte l, se li menm ki Eli ki te gen pou vini an.
[15] Moun ki gen zòrèy pou tande, tande!
[16] Men, ak kisa mwen ta konpare jenerasyon sa a? Yo tankou timoun ki chita sou plas piblik, youn ap rele lòt,
[17] epi y ap di: Nou jwe flit pou NOU, men, NOU pa danse. Nou chante chante tris pou NOU, men, NOU pa kriye.
[18] Vrèmanvre, Jan vini, li pa manje, li pa bwè. Epi, yo di: «Li gen demon sou li.»
[19] Pitit Lòm nan vini, li manje, li bwè. Epi, yo di: «Gade! Se yon nonm saf, yon tafyatè, yon zanmi pèseptè ak pechè li ye.» Men, pitit sajès yo deklare sajès jis.
[20] Apre sa, Jezi pran repwoche vil kote li te fè pi fò nan mirak li yo, poutèt yo pa t repanti.
[21] Li di: Malè pou ou, Korazen! Malè pou ou Betsayida! Paske, si mirak ki fèt pami nou yo se nan Ti ak Sidon yo te fèt, tanndat yo ta repanti epi yo ta chita nan sak ak nan sann.
[22] Men, m ap di nou sa: Nan jou jijman an, Ti ak Sidon ap pi kapab sipòte pase nou.
[23] Ou menm, Kapènawòm, yo te leve jis nan syèl la, ebyen, se jis nan peyi-mò y ap pimpe w. Paske, si mirak ki fèt pami ou yo, se nan Sodòm yo te fèt, Sodòm t ap la jis jodi a.
[24] Men, m ap di nou sa: Nan jou jijman an, peyi Sodòm ap pi kapab sipòte pase nou.
[25] Nan epòk sa a, Jezi pran lapawòl, li di: M ap ba ou glwa, Papa, ou menm ki Senyè nan syèl la ak sou tè a, paske ou kache bagay sa yo pou save yo ak entèlijan yo, epi ou revele yo bay timoun.
[26] Wi, Papa, sa konsa, paske se sa ki fè ou plezi.
[27] Papa mwen remèt tout bagay nan men mwen. Pèsonn pa konnen Pitit la, eskepte Papa a. Pèsonn pa konnen Papa a nonplis, eskepte Pitit la ak moun Pitit la vle revele sa.
[28] Vini jwenn mwen, nou tout ki anba fatig ak fado. Mwen menm, m ap ban nou repo.
[29] Aksepte jouk mwen sou nou, epi aprann nan men mwen, paske kè m sansib, li dosil. Konsa, n a jwenn repo pou nanm nou.
[30] Paske, jouk pa m nan dous, e fado pa m nan lejè.