[1] Menm lè sa a, disip yo pwoche kote Jezi, yo di: Kilès ki pi enpòtan nan wayòm syèl la?
[2] Alò, Jezi rele yon timoun, li mete l nan mitan yo.
[3] Epi, li di: Franchman, m ap di nou sa: Si nou pa konvèti, si nou pa vin tankou timoun, nou p ap antre nan wayòm syèl la ditou.
[4] Donk, nenpòt moun ki rabese tèt li pou l tankou timoun sa a, se li ki pi enpòtan nan wayòm syèl la.
[5] E, si yon moun resevwa yon timoun tankou timoun sa a nan non mwen, se mwen li resevwa.
[6] Si yon moun ta lakòz youn nan timoun ki kwè nan mwen yo chite, li t ap plis nan avantaj li si se yon wòch moulen yo te pann nan kou l epi yo te neye l nan fon lanmè.
[7] Malè pou lemonn poutèt pyè d achopman! Vrèmanvre, oblije gen pyè d achopman. Men, malè pou moun sa a ki ta lakòz gen pyè d achopman an!
[8] E, si men w oubyen pye w ta lakòz ou chite, koupe yo, epi jete yo lwen w. Pito w antre nan lavi a ak yon men oubyen ak yon pye, pase pou w ta gen tou de men w oubyen tou de pye w, epi pou se nan dife etènèl la yo jete w.
[9] E, si je w ta lakòz ou chite, rache l, epi jete l lwen w. Li pi bon pou w antre nan lavi a ak yon je, pase pou w ta gen tou de je w, epi pou se nan Jeyèn dife a yo jete w.
[10] Veye pou nou pa meprize menm youn nan ti piti sa yo. Paske, m ap di nou sa: Zanj pa yo nan syèl la, y ap gade figi Papa mwen nan syèl la tout tan.
[11] Vrèmanvre, Pitit Lòm nan vin sove sa ki te pèdi.
[12] Sa n panse? Si yon nonm ta gen san mouton, epi youn nan yo ta pèdi, èske li p ap kite katrevendiznèf lòt yo sou mòn nan pou l al chèche sa ki pèdi a?
[13] Franchman, m ap di nou sa: Si li jwenn li, l ap pi kontan poutèt mouton sa a, pase pou katrevendiznèf lòt ki pa t pèdi yo.
[14] Konsa tou, se pa volonte Papa nou ki nan syèl la, pou menm youn nan ti piti sa yo ta peri.
[15] Si frè ou fè peche kont ou, ale, epi reprimande l ant ou menm avè l sèlman. Si li koute, ebyen, ou rejwenn frè ou.
[16] Men, si li pa koute, pran youn oubyen de lòt moun avèk ou, dekwa pou tout afè a ka regle sou depozisyon de oubyen twa temwen.
[17] Si li refize koute yo, di legliz sa. Men, si li refize koute legliz, ebyen, gade misye tankou yon payen, tankou yon pèseptè.
[18] Franchman, m ap di nou sa: Tout sa nou mare sou latè ap mare nan syèl la. E, tout sa nou demare sou latè ap demare nan syèl la.
[19] Franchman ankò, m ap di nou sa: Si de nan nou mete nou dakò sou latè sou nenpòt bagay n ap mande Bondye, ebyen, Papa mwen ki nan syèl la ap fè l pou nou.
[20] Paske, kote de oubyen twa reyini nan non mwen, mwen la nan mitan yo.
[21] Apre sa, Pyè pwoche kote Jezi, li di: Senyè, konbyen fwa yon frè mwen ka peche kont mwen epi pou mwen padone l? Èske se jiska sèt fwa?
[22] Jezi di li: Se pa jis sou sèt fwa m ap di ou, men, se jis sou swasanndis fwa sèt fwa.
[23] Poutèt sa, wayòm syèl la sanble ak yon nonm ki wa, ki te vle fè regleman avèk sèvitè li yo.
[24] Lè l kòmanse regleman an, yo mennen yon sèvitè ki te dwe dimil talan ba li.
[25] Kòm li pa t genyen yo pou l remèt, mèt li kòmande pou yo vann ni misye, ni madanm li, ni pitit li, ni tout sa l te genyen, epi pou l remèt dèt la.
[26] Alò, sèvitè a bese, li koube devan mèt la, li di: Mèt, pran pasyans avèk mwen, epi m ap remèt ou tout bagay.
[27] Kè mèt sèvitè a fè l mal, li lage misye, epi li anile dèt li a.
[28] Men, lè sèvitè sa a soti, li jwenn ak yon sèvitè parèy li ki te dwe li san denye. Misye met men sou li, li pran trangle li, li di: Remèt mwen sa w dwe m nan.
[29] Kounye a, sèvitè parèy li a tonbe nan pye li, li sipliye li, li di: Pran pasyans avèk mwen, epi m ap remèt ou li.
[30] Men, misye pa t vle. Okontrè, l al fè mete l nan prizon pou jis li remèt sa l te dwe a.
[31] Lè sèvitè parèy li yo wè sa k pase, yo te gen anpil lapenn. Y ale, yo esplike mèt yo tout sa k te pase.
[32] Apre sa, mèt la fè rele sèvitè a, li di li: Sèvitè mechan! Tout dèt sa a mwen anile pou ou, paske ou te sipliye mwen!
[33] Ou te dwe gen pitye pou sèvitè parèy ou a menm jan mwen te gen pitye pou ou a, pa vre?
[34] Mèt li fè kòlè. Li fè arete misye pou yo bat li, jis li remèt tout sa l te dwe l la.
[35] Se konsa tou Papa nou ki nan syèl la ap fè nou, si nou chak, nou pa padone fot frè nou ak tout kè nou.