Skip to content
Opens in a new window

[1] Lè yo pwoche Jerizalèm epi yo rive Betfaje, nan direksyon Mòn Oliv, lè sa a, Jezi voye de disip.

[2] Li di yo: Ale nan bouk ki anfas nou an. Kon n rive, n ap jwenn yon manman bourik mare ak yon jèn bourik avèk li. Demare yo mennen ban mwen.

[3] E, si yon moun ta di nou kichòy, di: Senyè a bezwen yo. L ap voye yo tounen tousuit.

[4] Tout sa rive pou pawòl pwofèt la te ka akonpli, lè l te di:

[5] Di Siyon, pitit fi m nan: Gade! Men wa w la ap vini kote w. Li dou, li monte yon manman bourik, Epi yon jenn bourik, pitit yon bourik.

[6] Disip yo ale, yo fè menm sa Jezi te kòmande yo fè a.

[7] Yo mennen manman bourik la ak jèn bourik la vini. Yo mete rad yo sou bourik yo, epi Jezi chita sou yo.

[8] Pi fò moun nan foul la blayi rad yo sou wout la. Gen lòt moun ki koupe branch bwa epi ki blayi yo sou wout la.

[9] Ni foul moun ki te pran devan, ni moun ki t ap suiv dèyè t ap rele. Yo t ap di: Ozana pou Pitit David la! Benediksyon pou moun k ap vini nan non Senyè a! Ozana byen wo nan syèl la!

[10] Lè li antre Jerizalèm, tout vil la te chofe. Moun t ap di: Kilès sa a?

[11] Epi, foul la t ap reponn: Se Jezi, pwofèt ki soti Nazarèt la, nan Galile.

[12] Jezi antre nan lakou tanp Bondye a, li chase tout moun ki t ap vann ak moun ki t ap achte nan lakou tanp lan. Li chavire ni tab moun ki t ap chanje lajan, ni chèz moun ki t ap vann pijon.

[13] Epi, li di yo: Men sa ki ekri: «Yo va rele lakay mwen kay lapriyè.» Men, nou menm, nou fè l tounen yon gwòt malfektè.

[14] Moun k ap bwate ak moun avèg pwoche kote li nan lakou tanp lan, epi li geri yo.

[15] Men, sakrifikatè prensipal yo ak pwofesè lalwa yo vekse, lè yo wè mèvèy li t ap fè epi timoun ki t ap rele nan lakou tanp lan epi ki t ap di: «Ozana pou Pitit David la!»

[16] Yo di Jezi: Èske w tande sa y ap di a? Jezi di yo: Wi! Èske nou pa janm li pawòl sa a: «Nan bouch timoun avèk tibebe, ou prepare lwanj ou»?

[17] Epi, li kite yo, li soti nan vil la, l al Betani. Se la li pase nuit lan.

[18] Men, nan demen maten, pandan li t ap retounen nan vil la, li te grangou.

[19] Li wè yon pye figfrans sou wout la, l al bò kote li. Men, li pa t jwenn anyen sou li pase fèy sèlman. Alò, li di li: Apati jodi a, ou p ap janm donnen fwi ankò. Menm lè a tou, pye figfrans lan seche.

[20] Lè disip yo wè sa, yo te sezi. Yo di: Kòman pye figfrans lan fè seche vit konsa?

[21] Jezi reponn, li di yo: Franchman, m ap di nou sa: Si nou gen lafwa epi nou pa doute, se pa sèlman sa k rive figfrans lan n ap ka fè. Okontrè, menm si nou ta di mòn sa a: «Leve, jete tèt ou nan lanmè!» sa va rive vre.

[22] E, tout sa nou mande ak lafwa nan lapriyè, n ap resevwa l.

[23] Lè l rive nan lakou tanp lan, li t ap anseye. Alò, sakrifikatè prensipal yo ak ansyen pami pèp la pwoche kote li. Yo di: Avèk ki otorite w ap fè bagay sa yo? Epitou, kilès ki ba ou otorite sa a?

[24] Jezi reponn, li di yo: Mwen menm tou, m ap mande nou yon bagay. Si nou di m li, mwen menm tou, m a di nou avèk ki otorite m ap fè bagay sa yo.

[25] Kote otorite pou batèm Jan an soti? Nan syèl oubyen nan men lèzòm? Yo diskite sou sa youn ak lòt, yo di: Si nou ta di: «Nan syèl,» li va di: «Donk, poukisa nou pa t kwè li?»

[26] Men, si nou ta di: «Nan men lèzòm!» nou gen pou n pè foul la, paske yo tout pran Jan pou yon pwofèt.

[27] Lè yo reponn Jezi, yo di: Nou pa konnen. Jezi di yo tou: Mwen menm tou, mwen p ap di nou tou ak ki otorite m ap fè bagay sa yo.

[28] Sa n panse? Vwala se te yon nonm ki te gen de pitit gason. Li pwoche kote premye a, li di: Pitit mwen, jodi a, al travay nan jaden rezen m nan.

[29] Li reponn, li di: M pa vle! Men, pi ta, li chanje lide, l ale.

[30] Nonm nan pwoche kote lòt la, li di menm bagay la. Misye reponn, li di: Wi, mèt! Epi, li pa ale.

[31] Kilès nan yo de a ki fè volonte papa a? Yo di li: Premye a! Jezi di yo: Franchman, m ap di nou sa: Pèseptè yo ak pwostitiye yo ap pran devan sou nou nan wayòm Bondye a.

[32] Paske, Jan te vin kote nou pou l montre nou chemen jistis, e nou pa t kwè li. Men, pèseptè yo ak pwostitiye yo te kwè li. Men, nou menm, lè nou wè sa, nou pa repanti epi kwè nan li.

[33] Koute yon lòt parabòl: Yon nonm ki te yon pwopriyetè plante yon jaden rezen. Li fèmen l ak yon lantouraj. Li fouye yon basen pou ji rezen an. Li bati yon gerit. Li anfème jaden an ak kiltivatè. Epi, li pati aletranje.

[34] Lè sezon rekòt la pre rive, li voye sèvitè l yo kote kiltivatè yo pou l ka resevwa rekòt pa l.

[35] Kiltivatè yo pran sèvitè li yo. Yo bat youn. Yo tiye youn. Epi, yo kalonnen yon lòt wòch.

[36] Li voye lòt sèvitè ankò, pi plis pase premye fwa a. Men, kiltivatè yo fè yo menm bagay la.

[37] Apre sa, li voye pitit gason l lan kote yo. Li di: Omwen, yo va respekte pitit gason m nan.

[38] Men, lè kiltivatè yo wè se pitit gason an, youn di lòt: Se li ki eritye a. Vini! Ann tiye li, epi n ap kenbe eritaj li a.

[39] Yo pran misye, yo trennen l deyò jaden rezen an, epi yo tiye li.

[40] Donk, lè mèt jaden rezen an vini, kisa l va fè kiltivatè sa yo?

[41] Yo di li: Move moun sa yo! L ap detui yo tankou mechan. Epi, l ap anfème jaden rezen an ak lòt kiltivatè ki va remèt li yon pati rekòt la chak sezon.

[42] Jezi di yo: Nou pa janm li Ekriti sa a? «Wòch moun ki t ap bati yo jete a, Se li ki vin wòch prensipal la, wòch kwen an. Sa se travay Senyè a. E, se yon mèvèy nan je nou.»

[43] Se poutèt sa m ap di nou: Bondye pran wayòm li a nan men nou pou li bay yon nasyon li, yon nasyon k ap donnen fwi li yo.

[44] E, moun ki tonbe sou wòch sa a, l ap demantibile. E, lè l tonbe sou yon moun, l ap kraze l tankou poud.

[45] Lè sakrifikatè prensipal yo ak pwofesè lalwa yo tande parabòl li yo, yo te konnen se pou yo li t ap pale.

[46] Yo t ap chèche arete li. Men, yo te pè foul moun yo, paske, yo menm, yo te pran Jezi pou yon pwofèt.

Levanjil Matye a — Chapters