[1] Jezi te fèt nan Bètleyèm, sou tè Jide, nan epòk Ewòd te wa. Twouve, kèk maj ki soti nan zòn Lès rive Jerizalèm.
[2] Yo di: Kote wa Juif yo ki fèk fèt la? Paske, nou wè zetwal li depi nan zòn Lès, epi, nou vini pou nou adore li.
[3] Lè wa Ewòd tande sa, li te boulvèse, li menm ansanm ak tout moun Jerizalèm.
[4] Li reyini tout sakrifikatè prensipal yo ak pwofesè lalwa pèp la. Li mande yo kibò Kris la te dwe fèt.
[5] Yo di li: Se nan Bètleyèm, sou tè Jide! Paske, men sa pwofèt la te ekri:
[6] Ou menm, Bètleyèm ki nan peyi Jida, Toutbon vre, ou pa pi piti Pami vil prensipal yo nan Jida. Paske, se nan ou menm, yon dirijan ap soti, E se li menm k ap bèje Izrayèl, pèp mwen an.
[7] Lè sa a, Ewòd rele maj yo an kachèt. Li aprann nan men yo dat egzat zetwal la te parèt.
[8] Epi, li voye yo Bètleyèm, li di: Ale, pran ransèyman egzat sou timoun nan. Lè nou jwenn li, fè m konnen. Konsa, mwen menm tou, m a al adore li.
[9] Lè yo fin koute wa a, y ale. Epi, twouve, zetwal yo te wè nan Lès la t aprale devan yo, pou jis li rive sou tèt kote timoun nan te ye a. Epi, li kanpe.
[10] Lè maj yo wè zetwal la, yo te genyen yon sèl gwo kontantman.
[11] E, lè yo antre nan kay la, yo wè timoun nan avèk Mari, manman li. Yo bese pou yo adore li. Epi, yo ouvè kòf trezò yo, yo ofri li lò, lansan ak lami kòm kado.
[12] Apre sa, Bondye avèti yo nan yon rèv, pou yo pa retounen kote Ewòd. Vrèmanvre, yo retounen nan peyi yo sou yon lòt wout.
[13] Lè yo fin ale, twouve, yon zanj Senyè a parèt sou Jozèf nan yon rèv. Li di: Leve, pran pitit la ak manman li, sove al ann Ejip. Epi, rete la pou jis mwen pale avèk ou ankò. Paske, Ewòd pral chèche timoun nan pou li tiye li.
[14] Jozèf leve vre, li pran timoun nan ak manman li lannuit, epi li pati al ann Ejip.
[15] Li rete la pou jis Ewòd mouri, dekwa pou pawòl Senyè a te ka akonpli, lè pwofèt la te di: Mwen rele pitit gason mwen an sot ann Ejip.
[16] Alò, lè Ewòd wè se nan betiz maj yo pase l, li fè yon gwo kòlè. Epi, li voye tiye tout tigason nan Bètleyèm ak nan zòn Bètleyèm nan ki te gen dezan oubyen ki te pi piti, daprè dat egzat li te aprann nan men maj yo.
[17] Se konsa pawòl pwofèt Jeremi an te akonpli,
[18] lè li te di: Moun tande yon vwa nan Rama, Yon rèl, yon kriye ak yon gwo anmwe. Se Rachèl k ap kriye pou pitit li yo. E li pa vle pèsonn konsole l, paske yo pa la ankò.
[19] Men, pandan Jozèf ann Ejip, Ewòd mouri. Twouve, yon zanj Senyè a parèt sou Jozèf nan yon rèv.
[20] Li di: Leve, pran timoun nan ak manman li, ale nan peyi Izrayèl. Paske, moun ki t ap chèche pran lavi l yo mouri.
[21] Jozèf leve vre, li pran timoun nan ak manman li, l ale nan peyi Izrayèl.
[22] Men, lè l tande se Akelayis ki wa Jide nan plas Ewòd, papa li, Jozèf te pè al la. Bondye avèti li nan yon rèv, epi li pati al nan zòn Galile.
[23] L al abite nan yon vil yo rele Nazarèt, dekwa pou pawòl pwofèt yo ki di «Y ap rele li Nazareyen» ka akonpli.