[1] Lè maten rive, tout sakrifikatè prensipal yo ak ansyen pami pèp la pran desizyon ansanm kont Jezi pou yo fè tiye li.
[2] Yo mare l mennen ale. Yo livre l bay gouvènè Pons Pilat.
[3] Jida, li menm, ki te trayi Jezi, lè l wè yo kondane Jezi, remò pran l. Li retounen trant pyès ann ajan yo bay sakrifikatè prensipal yo ak ansyen yo.
[4] Li di: Mwen peche! Paske, se yon san inosan mwen te livre ban nou. Men, yo di: Ki mele nou? Afè k gade w!
[5] Epi, Jida jete pyès ann ajan yo andedan tanp lan, li rale kò l, l al pann tèt li.
[6] Sakrifikatè prensipal yo pran pyès ann ajan yo. Yo di: Se pri san. Lalwa pa pèmèt nou mete l nan kès tanp lan.
[7] Yo pran desizyon ansanm, epi yo achte tè bòs potri a avèk lajan an, pou sèvi simityè pou etranje.
[8] Se poutèt sa, pou jis jodi a, yo rele tè sa a «Tè San.»
[9] E, lè sa a, pawòl pwofèt Jeremi an te akonpli, kote li te di: Yo pran trant pyès ann ajan yo, pri pou sila yo te machande a, sila pitit Izrayèl yo te fè pri sou li a,
[10] Epi yo bay yo pou tè bòs potri a. Tout sa, menm jan Senyè a te kòmande m li an.
[11] Jezi, li menm, konparèt devan gouvènè a. Gouvènè a poze li kesyon, li di: Èske ou se wa Juif yo? Jezi reponn li: Ou di li!
[12] Men, lè sakrifikatè prensipal yo ak ansyen yo akize li, li pa reponn anyen.
[13] Alò, Pilat di li: Ou pa tande tout jan y ap akize w?
[14] Men, Jezi pa reponn li, pa menm yon mo. E, sa te fè gouvènè a sezi anpil.
[15] Jou fèt, se te abitid gouvènè a pou l lage pou foul la prizonye yo te vle a.
[16] Lè sa a, te genyen yon prizonye ki te fè pale de li ki te rele Barabas.
[17] Donk, pandan yo reyini ansanm, Pilat di yo: Kilès nou ta vle mwen lage pou nou? Èske se Barabas oubyen Jezi ki rele Kris la?
[18] Li di sa paske li te konnen se jalouzi ki te lakòz yo fè arete Jezi.
[19] Men, pandan li chita nan tribinal la, madanm li voye di li: Pa mele nan anyen ak nonm jis sa a. Paske, jodi a, mwen fè yon rèv sou li ki toumante m anpil.
[20] Men, sakrifikatè prensipal yo ak ansyen yo konvenk foul moun yo, dekwa pou yo te mande lage Barabas epi pou Jezi, li menm, te peri.
[21] Men, gouvènè a reponn, li di: Kilès nan yo de a nou ta vle mwen lage pou nou? Yo di: Barabas!
[22] Pilat di yo: Donk, kisa m ap fè ak Jezi ki rele Kris la? Yo tout reponn li: Se pou yo krisifye l!
[23] Gouvènè a di: Ojis, ki mal li fè? Men, yo rele pi rèd, yo di: Se pou yo krisifye l!
[24] Lè Pilat wè, pase pou l genyen kichòy, okontrè, se dezòd k ap rive pito, li pran dlo, li lave men l devan foul la, li di: Mwen inosan pou san nonm jis sa a. Afè k gade nou!
[25] Tout pèp la reponn, yo di: San li mèt sou kont nou menm ak pitit nou yo!
[26] Apre sa, li lage Barabas ba yo. Men, li fè bat Jezi ak raso, epi li livre li pou yo krisifye li.
[27] Konsa, sòlda gouvènè a eskòte Jezi nan palè gouvènè a, epi tout rejiman an reyini toutotou Jezi.
[28] Yo dezabiye li, epi yo mete yon rad wouj vyolèt sou li.
[29] Yo trese yon kouwòn pikan met sou tèt li. Yo mete yon wozo nan men dwat li. Epi, yo ajenou devan li pou yo pase l nan betiz. Yo di: Viv wa Juif yo!
[30] Yo krache sou li. Yo pran wozo a, yo frape l sou tèt li.
[31] Lè yo fin pase l nan betiz, yo retire rad la sou li, yo abiye l ak pwòp rad li, epi yo mennen l pou yo krisifye l.
[32] Pandan y ap soti, yo jwenn yon moun Sirèn ki rele Simon. Yo fòse l pote kwa Jezi a.
[33] Y ale kote ki rele Gòlgota a, sa vle di: Plas Zo tèt.
[34] La, yo ba li bwè vinèg melanje ak fyèl. Lè l goute l, li pa t vle bwè l.
[35] Lè yo fin krisifye li, yo fè tirajosò pou yo separe rad li yo, dekwa pou pawòl pwofèt la ka akonpli: Yo separe rad mwen yo youn ak lòt. Yo fè tirajosò sou wòb mwen an.
[36] Epi, yo chita la pou yo veye li.
[37] Anlè tèt li, yo mete rezon kondanasyon an. Yo ekri: SILA A SE JEZI, WA JUIF YO.
[38] Lè sa a tou yo te krisifye de malfektè avèk li: Youn adwat li, youn agoch li.
[39] Moun ki t ap pase yo t ap denigre li. Yo t ap souke tèt yo,
[40] epi yo t ap di: Se pa ou menm sa a ki detui tanp lan pou ou bati li nan twa jou a! Ebyen, sove tèt ou! Si se Pitit Bondye ou ye vre, desann sou kwa a.
[41] Konsa tou, sakrifikatè prensipal yo ansanm ak pwofesè lalwa yo, ansyen yo ak Farizyen yo t ap pase l nan betiz.
[42] Yo t ap di: Li sove lòt yo, men, li pa kapab sove tèt li. Si se wa Izrayèl li ye vre, se pou l desann kwa a kounye a, epi n ap kwè nan li.
[43] Li te mete konfyans li nan Bondye, si Bondye renmen li, se pou l delivre li kounye a. Paske, li di: «Mwen se Pitit Bondye.»
[44] Malfektè yo te krisifye avè l yo t ap avili l menm jan an tou.
[45] Depi sizyèm è a pou jis nevyèm è a, te gen fènwa nan tout peyi a.
[46] Vè nevyèm è a, Jezi rele byen fò, li di: Eloyi, Eloyi, lama sabaktani? (Sa vle di: Bondye mwen, Bondye mwen, poukisa w abandone mwen?)
[47] Lè kèk nan moun ki te kanpe la yo tande sa, yo di: Men l ap rele Eli!
[48] E, menm lè a, youn nan yo kouri, li pran yon eponj, li plen l ak vinèg, li mete l sou yon wozo, epi li bay Jezi bwè.
[49] Men, rès moun yo di: Tann. Annou wè si Eli ap vin sove l.
[50] Men, Jezi rele byen fò ankò, epi li lage lespri l.
[51] Epi, twouve, rido tanp lan fann de bò, depi anwo jis anba. Tè a tranble. Wòch fann.
[52] Tonm louvri. Epi, kò anpil sen ki te mouri resisite.
[53] Yo soti nan tonm yo apre Jezi te resisite. Yo antre nan vil sent lan, epi yo parèt devan anpil moun.
[54] Lè santenye a ansanm avèk moun ki t ap veye Jezi yo wè tranblemanntè a ak bagay ki te rive yo, yo te pè anpil. Yo di: An verite, nonm sa a te Pitit Bondye.
[55] Te gen anpil medam ki te la, yo t ap gade de lwen. Se yo menm ki te suiv Jezi depi Galile pou yo te ka sèvi l la.
[56] Pami yo, te genyen Mari, moun Magdala; Mari, manman Jak ak Joz; epi manman pitit gason Zebede yo.
[57] Lè aswè rive, yon nonm rich, yo rele Jozèf, vini. Li te moun Arimate. Li menm tou, li te vin yon disip Jezi.
[58] Li pwoche kote Pilat, li mande l kò Jezi. Alò, Pilat pase lòd pou yo livre li kò a.
[59] Jozèf pran kò a, li vlope l nan yon twal len pwòp.
[60] Epi, li mete l nan yon tonm nèf yo te taye nan wòch pou li. Apre sa, li woule yon gwo wòch devan pòt tonm nan, epi l ale.
[61] Mari, moun Magdala ak lòt Mari a te chita la, anfas kavo a.
[62] Nan demen, ki te jou apre Preparasyon an, sakrifikatè prensipal yo ak Farizyen yo reyini devan Pilat.
[63] Yo di: Mèt, nou sonje lè demagòg sa a te vivan, li te di: «Apre twa jou, m ap resisite.»
[64] Donk, pase lòd pou yo veye kavo a jiska twazyèm jou a, dekwa pou disip li yo pa vin vòlè kò a lannuit epi pou yo pa di pèp la: «Li resisite pami mò yo.» Dènye demagoji sa a ta pi rèd pase premye a.
[65] Pilat di yo: Nou gen yon kò sekirite. Al fè veye kavo a jan nou konnen.
[66] Y ale vre, yo mete sele sou wòch la, yo poste sekirite. Konsa, yo fè veye kavo a.