[1] Pandan Jezi t ap soti nan lakou tanp lan pou l ale, disip li yo pwoche pou yo montre li bilding tanp lan.
[2] Alò, Jezi di yo: Nou wè tout bagay sa yo, pa vre? Franchman, m ap di nou sa: Pa gen yon wòch k ap rete sou yon lòt wòch pou yo pa jete li atè.
[3] E, pandan li te chita sou Mòn Oliv, disip yo pwoche kote li apa. Yo di: Di nou kilè tout bagay sa yo ap rive? Epitou, ki siy k ap genyen, lè w ap vini ak lè lafen di monn ap rive?
[4] Jezi reponn, li di yo: Fè atansyon pou pèsonn pa twonpe nou.
[5] Paske, anpil moun va vini sou non mwen. Yo va di: «Se mwen ki Kris la!» Konsa, yo va twonpe anpil moun.
[6] Nou pral tande gen lagè ak bri lagè. Veye pou nou pa bay kò nou traka. Vrèmanvre, fòk tout bagay sa yo rive. Men, se p ap ko lafen an sa.
[7] Paske, nasyon va leve kont nasyon, wayòm va leve kont wayòm. Ap gen grangou ak epidemi ansanm ak tranblemanntè anpil kote.
[8] Men, tout bagay sa yo, se kòmansman doulè tranche a.
[9] Apre sa, y ap lage nou nan tribilasyon. Y ap tiye nou, epi tout nasyon yo ap rayi nou poutèt non mwen.
[10] E, apre sa, anpil moun ap chite, youn ap trayi lòt, youn ap rayi lòt.
[11] Anpil fo pwofèt ap parèt, epi y ap twonpe anpil moun.
[12] E, kòm ap plen rebelyon, lamou anpil moun ap rafredi.
[13] Men, moun ki va sipòte jiska lafen, se yo ki va sove.
[14] E, bon nouvèl wayòm sa a ap preche nan lemonn antye pou li sèvi kòm temwayaj bay tout nasyon. Epi, apre sa, lafen an ap rive.
[15] Pwofèt Danyèl pale sou Abominasyon ki lakòz devas la. (Alò, se pou moun k ap li a byen konprann.) Donk, lè nou va wè li kanpe nan plas ki sen an,
[16] lè sa a, se pou moun ki nan Jide sove al sou mòn yo.
[17] Moun ki sou do kay pa dwe desann pran bagay ki lakay yo.
[18] E, moun ki nan jaden pa dwe tounen dèyè pou yo pran rad yo.
[19] Men, pou fi ki ansent ak sa k ap bay tete nan jou sa yo, adye!
[20] Priye pou se pa ni nan tan ivè, ni nan jou saba pou n ap sove konsa.
[21] Paske, lè sa a, ap genyen yon gwo tribilasyon. Pa t janm genyen tankou l depi lemonn kòmanse pou jis kounye a. E, p ap janm genyen l ankò.
[22] E, si Bondye pa t koupe nan kantite jou sa yo, pa gen yon moun ki t ap sove. Men, poutèt moun li te chwazi yo, li koupe nan kantite jou sa yo.
[23] Lè sa a, si yon moun ta di nou: «Gade! Men Kris la isit!» oubyen: «Li lòt bò!» pa kwè.
[24] Paske, fo Kris ak fo pwofèt va parèt. Yo va fè gwo mirak siy ak mèvèy pou yo twonpe menm moun Bondye chwazi yo, si sa te posib.
[25] Gade! Mwen di nou sa davans.
[26] Donk, si yo ta di nou: «Gade! Li nan dezè a!» pa ale. Oubyen: «Gade! Li nan chanm!» pa kwè.
[27] Paske, menm jan ak zèklè ki soti nan zòn Lès epi ki flache nan zòn Lwès, se konsa sa va ye lè Pitit Lòm nan ap vini.
[28] Vrèmanvre, kote kadav la va ye, se la votou yo va rasanble.
[29] E, tousuit apre jou tribilasyon sa yo, Solèy la va vin tou nwa, Lalin nan p ap bay limyè li, Zetwal yo ap tonbe sot nan syèl, Epi, pisans ki nan syèl yo va brannen.
[30] E, lè sa a, siy Pitit Lòm nan ap parèt nan syèl la. Lè sa a tou, tout tribi sou latè ap kriye, y ap wè Pitit Lòm nan ap vini sou nyaj nan syèl la, avèk pisans epi avèk anpil glwa.
[31] L ap voye zanj li yo sonnen twonpèt byen fò. Epi, y ap rasanble moun li te chwazi yo nan direksyon kat van yo, soti nan yon pwent syèl la rive nan yon lòt.
[32] Men, aprann kichòy nan parabòl sa a sou pye figfrans. Lè branch li deja vin mou epi li pouse fèy, nou konnen lete pre vre.
[33] Konsa tou, lè nou menm nou va wè tout bagay sa yo, nou mèt konnen li tou pre, li nan papòt la.
[34] Franchman, m ap di nou sa: Jenerasyon sa a p ap pase ditou jis tout bagay sa yo rive.
[35] Syèl la ak tè a va pase, men, pawòl mwen yo p ap pase ditou.
[36] Men, kanta pou ki jou oubyen ki lè, pèsonn pa konnen, pa menm zanj yo ki nan syèl la. Sèl Papa a ki konnen.
[37] E, menm jan sa te ye nan jou Noe yo, se konsa sa va ye tou, lè Pitit Lòm nan ap vini.
[38] Vrèmanvre, se va menm jan ak jou anvan delij yo. Moun t ap manje, yo t ap bwè. Yo t ap marye, yo t ap bay pitit fi yo pou maryaj, jis jou Noe antre nan lach la.
[39] E, yo pa t konnen anyen, jis delij la vini epi li pran yo tout. Ebyen, se va konsa tou, lè Pitit Lòm nan ap vini.
[40] Lè sa a, de moun ka nan yon jaden. Y ap pran youn, y ap kite lòt la.
[41] De fi ka ap moulen ansanm nan yon moulen. Y ap pran youn, y ap kite lòt la.
[42] Donk, veye! Paske, nou pa konnen kilè Senyè nou an ap vini.
[43] Konnen sa byen! Si mèt yon kay te konnen nan ki tranch nuit la, vòlè a t ap vini, li t ap veye, e li pa t ap pèmèt vòlè kase kay li.
[44] Se poutèt sa tou, nou menm, fòk nou pare, paske Pitit Lòm nan ap vini lè nou pa ta panse.
[45] Alò, ki sèvitè ki fidèl epi ki entèlijan pou mèt li ta mete l responsab moun lakay li, pou l ba yo manje nan lè pou yo manje?
[46] Benediksyon pou sèvitè sa a si mèt li vin jwenn li ap fè sa vre!
[47] Franchman, m ap di nou sa: Mèt la ap mete l responsab tout byen l yo.
[48] Men, si li ta yon move sèvitè ki ta di nan kè li: «Mèt mwen ap pran tan anvan li vini.»
[49] Epi, li kòmanse bat sèvitè parèy li yo, li kòmanse manje ak bwè avèk tafyatè,
[50] ebyen, mèt sèvitè sa a va vini yon jou li pa t atann, yon lè li pa t konnen.
[51] Mèt la ap depatcha misye, epi l ap mete pòsyon pa misye a ansanm ak pa moun ipokrit yo. E, la, ap gen rèl ak manje dan.