[1] Nan epòk sa a, yon jou saba, Jezi t ap pase nan chan ble yo. Epi, disip li yo ki te grangou kòmanse rache grap ble pou yo manje.
[2] Lè Farizyen yo wè sa, yo di li: Gade! Disip ou yo ap fè sa lalwa pa pèmèt moun fè nan jou saba a.
[3] Men, li di yo: Èske nou pa li sa David te fè, lè li menm ak moun ki te avèk li yo te grangou a?
[4] Li antre lakay Bondye, li manje pen sakre yo, alòske, lalwa pa pèmèt ni li menm ni moun ki te avèk li yo manje yo, eskepte sakrifikatè sèlman.
[5] Oubyen, èske nou pa li nan lalwa kòman, nan jou saba, sakrifikatè yo vyole saba nan tanp lan, san yo pa koupab?
[6] Men, m ap di nou sa: Isit la genyen yon bagay ki pi gran pase tanp lan.
[7] E, si nou te konnen sa sa vle di: «Se pitye mwen vle, se pa sakrifis» ebyen, nou pa t ap kondane inosan yo.
[8] Paske, Pitit Lòm nan se Mèt saba a li ye.
[9] Jezi pati sot la, l ale nan sinagòg yo a.
[10] Twouve, te genyen yon nonm men sèch ki te la. Yo poze Jezi yon kesyon pou yo te ka akize Jezi, yo di: Èske lalwa pèmèt yo fè gerizon jou saba?
[11] Men, li di yo: Ki moun pami nou la a ki ta gen yon mouton epi, si mouton an ta tonbe nan yon twou jou saba, pou li pa ta pran mouton an epi retire l nan twou a?
[12] Alòske, yon moun vo plis pase yon mouton. Konsa, lalwa pèmèt yo fè byen jou saba.
[13] Apre sa, Jezi di nonm nan: Lonje men ou. Li lonje li, epi men an geri, li vin bon menm jan ak lòt la.
[14] Men, Farizyen yo soti. Yo monte yon konplo kont Jezi pou yo ka detui li.
[15] Men, Jezi vin konn sa, li retire kò l la. Yon gwo foul moun suiv li. Li geri yo tout.
[16] Epi, li avèti yo pou yo pa fè konnen kilès li ye.
[17] Se te dekwa pou pawòl pwofèt Ezayi a te ka akonpli, lè l te di:
[18] Gade! Men sèvitè mwen chwazi a. Men byenneme m nan. Se nan li, nanm mwen pran plezi. M ap poze Lespri mwen sou li, Epi, l ap anonse nasyon yo jijman mwen.
[19] Li p ap ni plede ni rele. Pèsonn p ap tande vwa li nan lari.
[20] Li p ap kase wozo fele, E, li p ap etenn mèch lanp ki prèske mouri, Pou jis li fè jijman gen laviktwa.
[21] E, se nan non li, nasyon yo va met espwa yo.
[22] Apre sa, yo mennen ba li, yon moun ki te gen yon demon sou li epi ki te ni avèg, ni bèbè. Jezi geri li. Konsa, nonm ki te ni avèg, ni bèbè a pale, li wè.
[23] Tout foul moun yo te etone, yo t ap di: Se pa li ki pitit David la, pa vre?
[24] Men, lè Farizyen yo tande sa, yo di: Si se pa t grasa Bèlzeboul, chèf demon yo, misye pa t ap chase demon!
[25] Jezi li menm ki te konnen refleksyon yo, li di yo: Nenpòt wayòm ki dozado ak pwòp tèt li, l ap tounen yon devas. E, nenpòt vil oubyen nenpòt kay ki dozado ak pwòp tèt yo, yo p ap kanpe.
[26] Si Satan ap chase Satan, li dozado ak tèt li, donk, kòman pou wayòm li an fè kanpe?
[27] E, si mwen menm, se grasa Bèlzeboul m ap chase demon, pitit nou yo, grasa kilès yo chase demon? Se sa ki fè, se yo menm ki va jije nou.
[28] Men tou, si se grasa Lespri Bondye a m ap chase demon, ebyen, wayòm Bondye a rive sou nou.
[29] Oubyen tou, kòman yon moun ta kapab antre kay yon vanyan gason pou l piye byen li, san li pa mare vanyan gason an anvan? Se lè l fin fè sa, l ap ka piye kay la.
[30] Yon moun ki pa avèk mwen, se kont mwen, li ye. E, yon moun ki p ap rasanble avèk mwen, se gaye l ap gaye.
[31] Se poutèt sa, m ap di nou: Bondye ap padone tout peche ak move pawòl lèzòm. Men, Bondye p ap padone lèzòm si se Lespri a yo denigre.
[32] Si yon moun di yon pawòl kont Pitit Lòm nan, Bondye ap padone li. Men, nenpòt moun ki ta pale kont Lespri Sen an, Bondye p ap padone li ni nan tan kounye a, ni nan tan ki pral vini an.
[33] Oubyen ou fè pyebwa a bon, epi fwi l bon tou; oubyen ou fè pyebwa a move, epi fwi l move tou. Paske, yo rekonèt yon pyebwa daprè fwi li.
[34] Ras sèpan! Jan n move moun, kòman pou nou ta kapab di bon bagay? Paske, se daprè sa ki plen kè, bouch pale.
[35] Yon moun bon moun, paske li rale bon bagay soti nan depo bon bagay. Yon moun move moun, paske li rale move bagay soti nan depo move bagay.
[36] E, m ap di nou sa: Jou jijman an, lèzòm ap rann kont pou tout pawòl yo di san reflechi.
[37] Paske, se daprè pawòl ou, y ap jistifye w; e se daprè pawòl ou, y ap kondane w.
[38] Apre sa, kèk pwofesè lalwa ak Farizyen reponn, yo di: Mèt, nou ta vle w fè nou wè yon siy.
[39] Jezi reponn, li di yo: Yon jenerasyon move moun ak moun adiltè ap chèche siy, ebyen, mwen p ap ba li siy, eskepte siy pwofèt Jonas la.
[40] Vrèmanvre, menm jan Jonas te fè twa jou, twa nuit nan vant gwo pwason an, Pitit Lòm nan ap fè twa jou, twa nuit, nan zantray latè tou.
[41] Jou jenerasyon sa a va nan jijman, mesye Niniv yo va kanpe avèk li, yo va kondane l. Paske, yo menm, yo te repanti apre mesaj Jonas la. Alòske, gade! Men yon moun ki plis pase Jonas isit la!
[42] Jou jenerasyon sa a va nan jijman, rèn ki te sot nan Sid la va leve avèk li, l ap kondane l. Paske, li menm, li te soti nan pwent latè, vin koute sajès Salomon. Alòske, gade! Men yon moun ki plis pase Salomon isit la!
[43] Lè yon move lespri soti sou yon moun, li travèse kote ki san dlo, l ap chèche repo, epi li pa jwenn.
[44] Apre sa, li di: «M ap tounen lakay mwen, kote mwen soti a.» Lè li ale, li jwenn li vid, byen bale epi ann òd.
[45] Alò, l ale, li pran sèt lòt lespri avè l, ki pi move pase li, epi li antre abite nan kay la. Nan dènye kondisyon sa a, moun nan vin pi mal pase nan premye a. Ebyen, se menm bagay la k ap rive jenerasyon sa a.
[46] Pandan Jezi t ap pale ak foul la, twouve, manman li ak frè li yo te kanpe deyò a. Yo t ap chèche pou pale avèk li.
[47] Yon moun di li: Gade! Men manman w ak frè w yo kanpe deyò a, y ap chèche pale ak ou.
[48] Li reponn, li di moun ki te di l sa a: Kilès ki manman mwen? Epi, kilès ki frè mwen?
[49] Li lonje men l sou disip li yo, li di: Gade! Men manman mwen ak frè mwen!
[50] Paske, nenpòt moun ki fè volonte Papa mwen ki nan syèl la, li se frè mwen, sè mwen, manman mwen.