Skip to content
Opens in a new window

[1] Apre sa, Lespri a mennen Jezi nan dezè a pou djab la ka tante li.

[2] Li pase karant jou, karant nuit ap jene. Apre sa, li vin grangou.

[3] Tantatè a pwoche kote l, li di: Si ou se Pitit Bondye, di wòch sa yo pou yo tounen pen.

[4] Men, Jezi reponn, li di: Men sa ki ekri: Se pa pen sèlman ki fè moun viv, men, se chak pawòl ki soti nan bouch Bondye.

[5] Apre sa, djab la pran li al nan vil sent lan, li mete li sou tèt tanp lan,

[6] epi li di li: Si ou se Pitit Bondye, lage kò w anba. Paske, men sa ki ekri: L ap pase zanj li yo lòd poutèt ou, Epi, yo va pote w nan men, Dekwa pou pye w pa bite sou wòch.

[7] Jezi di li: Men sa ki ekri ankò: Ou pa dwe tante Senyè a, Bondye ou.

[8] Apre sa ankò, djab la mennen Jezi sou yon mòn byen wo, pou l montre l tout wayòm sou latè ansanm ak glwa yo.

[9] Epi, li di: Se tout bagay sa yo m ap ba ou, si ou koube pou w adore mwen.

[10] Alò, Jezi di li: Retire w sou mwen, Satan! Paske, men sa ki ekri: Se Senyè a, Bondye ou, pou w adore. E, se li sèl pou w sèvi.

[11] Apre sa, djab la kite li. Epi, twouve, zanj pwoche kote Jezi, epi yo sèvi l.

[12] Lè Jezi tande yo arete Jan, li pati al Galile.

[13] Li kite Nazarèt, l al viv Kapènawòm, bò lanmè a, nan zòn Zabilon ak Nèftali.

[14] Konsa, pawòl pwofèt Ezayi a akonpli, lè li te di:

[15] Peyi Zabilon ak peyi Nèftali Sou wout lanmè a, Lòt bò Jouden an, Nan Galile nasyon yo.

[16] Pèp ki te chita nan fènwa a Wè yon gwo limyè. E, yon limyè leve Sou moun ki te chita nan peyi ak nan lonbraj lanmò yo.

[17] Depi lè sa a, Jezi te kòmanse ap preche. Li t ap di: Repanti! Paske, wayòm syèl la pre rive!

[18] Pandan Jezi t ap mache bò lanmè Galile a, li wè de frè. Se te Simon, sa yo rele Pyè a ak Andre, frè Simon an. Yo t ap voye privye nan lanmè a, paske se pechè pwason yo te ye.

[19] Jezi di yo: Suiv mwen! M a fè nou vin pechè lèzòm.

[20] Menm lè a tou, yo kite filè yo, yo suiv li.

[21] Lè li sot la, li wè de lòt frè. Se te Jak, pitit Zebede a ak Jan, frè li a. Yo te nan yon kannòt avèk papa yo Zebede. Yo t ap repare filè yo. Li rele yo tou.

[22] Menm lè a, yo kite ni kannòt la, ni papa yo, epi yo suiv Jezi.

[23] Jezi pran pwomennen nan tout Galile. Li t ap anseye nan sinagòg yo, li t ap preche bon nouvèl wayòm nan, epi li t ap geri tout maladi ak tout enfimite ki te genyen pami pèp la.

[24] E li te popilè jis nan tout peyi Siri. Epi, yo mennen ba li tout moun k ap soufri, moun ki anba lafliksyon divès maladi ak touman, moun ki gen demon sou yo, moun fou ak moun paralize, epi li te geri yo.

[25] E, gwo foul moun ki te soti Dekapolis, Jerizalèm, Jide ak lòt bò Jouden t ap suiv li.

Levanjil Matye a — Chapters