[1] Apre sa, pwofesè lalwa yo ak Farizyen yo soti Jerizalèm, vin kote Jezi.
[2] Yo di: Poukisa disip ou yo ap vyole koutim ansyen yo? Paske, yo pa lave men yo, lè y ap manje manje yo.
[3] Jezi li menm reponn, li di yo: Nou menm tou, poukisa n ap vyole kòmandman Bondye a pou koutim nou an?
[4] Paske, Bondye bay kòmandman, li di: «Onore papa w ak manman w» epi: «Moun ki pale mal ak papa li oubyen ak manman li, fòk yo tiye li.»
[5] Men, nou menm, nou di: «Si yon moun ta di papa li oubyen manman li: Sa pou w ta resevwa nan men m nan, li se yon ofrann pou Bondye ...»
[6] Konsa, li pa bezwen onore papa li oubyen manman li. Donk, nou anile kòmandman Bondye a pou koutim nou an.
[7] Ipokrit! Ezayi te byen pwofetize sou nou, lè l te di:
[8] Se nan bouch yo, pèp sa a pwoche kote mwen, Se ak po bouch yo, yo onore mwen, Men, kè yo byen lwen mwen.
[9] Adorasyon, yo ban m nan initil, Paske, ansèyman y ap bay yo, se kòmandman lèzòm.
[10] Epi, Jezi rele foul la, li di yo: Koute, epi konprann!
[11] Se pa sa ki antre nan bouch yon moun ki sal li. Okontrè! Sa ki soti nan bouch yon moun, se sa ki sal li.
[12] Apre sa, disip li yo vini, yo di li: Èske w konnen, lè Farizyen yo tande pawòl la, li te yon pyè d achopman pou yo?
[13] Jezi reponn, li di yo: Tout plant Papa mwen ki nan syèl la pa plante, l ap derasinen yo.
[14] Pa okipe yo. Yo se avèg k ap mennen avèg. Si yon avèg ap mennen yon lòt avèg, yo tou de ap tonbe nan twou.
[15] Pyè reponn, li di Jezi: Esplike nou parabòl sa a.
[16] Jezi di li: Nou menm tou, nou san konprann toujou?
[17] Èske nou pa konprann sa? Tout bagay ki antre nan bouch, li pase nan vant, epi l al tonbe nan komòd.
[18] Men, sa ki sot nan bouch, se nan kè li soti. E, se sa ki sal yon moun.
[19] Paske, move lide, asasinay, adiltè, imoralite, vòl, fo temwayaj, denigre moun, se nan kè moun yo soti.
[20] Se bagay sa yo ki sal yon moun. Men, manje ak men san lave, sa pa sal yon moun.
[21] Epi, Jezi soti la, l ale nan zòn Ti ak Sidon.
[22] Twouve, yon dam pran rele ba li. Li te moun menm zòn sa yo, moun Kanaran. Li t ap di: Senyè, Pitit David, pitye pou mwen! Pitit fi m nan genyen yon move demon k ap malmennen l.
[23] Men, Jezi pa reponn yon mo. Alò, disip li yo pwoche kote li, yo sipliye li, yo di: Voye fi a ale, paske l ap fè eskandal dèyè nou.
[24] Jezi reponn, li di: Mouton ras Izrayèl ki pèdi yo, se pou yo sèl, yo voye mwen.
[25] Men, dam nan vini, li koube devan Jezi, li di: Ede m, Senyè!
[26] Jezi reponn, li di: Li pa bon pou yo pran pen timoun yo pou yo voye bay ti chen.
[27] Kounye a, dam nan di: Wi, Senyè. Men tou, ti chen manje miyèt ki sot tonbe sou tab mèt yo!
[28] Konsa, Jezi reponn, li di li: Madanm, ala gran lafwa ou gran! Sa ap rive pou ou jan ou vle l la. E, nan menm lè sa a, pitit fi l la geri.
[29] Epi, Jezi kite kote sa a, li pase bò lanmè Galile a, li monte sou mòn nan, epi li chita la.
[30] Yon gwo foul moun pwoche kote li. Pami yo, te genyen moun k ap bwate, moun avèg, moun bèbè, moun enfim ak anpil lòt ankò. Yo lage kò yo nan pye Jezi, epi li geri yo.
[31] Konsa, foul moun yo te sezi, lè yo wè moun bèbè ap pale, moun enfim vin an sante, moun ki t ap bwate ap mache, epi moun avèg wè. Epi, yo bay Bondye Izrayèl la glwa.
[32] Jezi rele disip li yo, li di: Kè m fè m mal pou foul la. Paske, depi twa jou yo la avèk mwen, e yo pa gen anyen pou yo manje. Mwen pa vle voye yo ale grangou, dekwa pou yo pa febli nan wout.
[33] Epi, disip li yo di li: Nan yon dezè konsa, kòman nou ta ka jwenn ase pen pou yon foul konsa ka kontante?
[34] Jezi di yo: Konbyen pen nou genyen? Yo di: Sèt ak kèk ti pwason.
[35] Li kòmande foul la pou yo chita atè a.
[36] Li pran sèt pen yo ak pwason yo, li rann gras, li kase yo, epi li bay disip li yo. Disip yo menm bay foul la.
[37] Yo tout manje, e yo te kontante. Epi, yo pran sèt pànye plen ak moso ki te rete yo.
[38] Te genyen katmil gason konsa ki te manje, san konte fi ak timoun.
[39] Epi, Jezi voye foul moun yo ale, li monte nan kannòt la, l al nan zòn Magdala.