Skip to content
Opens in a new window

[1] Apre sa, Jezi pale avèk foul moun yo ansanm ak disip li yo.

[2] Li di: Pwofesè lalwa yo ak Farizyen yo chita nan Chèz Moyiz la.

[3] Donk, tout bagay yo di nou fè, fè yo, obsève yo. Men, pa fè travay yo fè. Paske, yo di, men, yo pa fè.

[4] Vrèmanvre, yo mare chay ki lou epi ki difisil pou moun pote, epi yo mete yo sou zepòl moun. Alòske, yo menm, yo pa vle mete menm dwèt yo pou yo deplase chay sa yo.

[5] Tout travay y ap fè se pou moun ka admire yo. Konsa, yo fè filaktè yo laj. Yo fè franj rad yo gwo.

[6] Yo renmen premye plas nan resepsyon, plas devan nan sinagòg,

[7] onè sou plas piblik; yo renmen pou lèzòm ap rele yo: «Rabi! Rabi!»

[8] Men, nou menm, pa fè moun rele nou «Rabi!» Paske, se yon sèl Direktè nou genyen, se Kris la. Apre sa, nou tout se frè.

[9] E, pa rele pèsonn sou latè Papa nou. Paske, se yon sèl Papa nou genyen, se sila ki nan syèl la.

[10] Pa fè yo rele nou Direktè nonplis. Paske, se yon sèl Direktè nou genyen, se Kris la.

[11] Moun ki va sèvitè nou, se yo ki va pi enpòtan pami nou.

[12] Men, moun ki leve tèt yo, Bondye ap rabese yo. E, moun ki rabese tèt yo, Bondye ap leve yo.

[13] Malè pou nou, pwofesè lalwa ak Farizyen! Ipokrit! Paske, nou fèmen pòt wayòm syèl la devan lèzòm. Vrèmanvre, nou menm, nou pa antre. E, moun k ap antre yo, nou pa kite yo antre nonplis.

[14] Malè pou nou, pwofesè lalwa ak Farizyen! Ipokrit! Paske, n ap piye kay vèv yo, epi, kòm pretèks, n ap lapriyè byen long. Poutèt sa, n ap resevwa yon pi gwo kondanasyon.

[15] Malè pou nou, pwofesè lalwa ak Farizyen! Ipokrit! Paske, nou vwayaje toupatou sou lanmè ak sou latè pou nou fè menm yon pwozelit. E, lè nou jwenn youn, nou fè l vin yon pitit Jeyèn de fwa plis pase nou.

[16] Malè pou nou, dirijan avèg! N ap di: «Si yon moun sèmante sou tanp lan, sa pa anyen. Men, si yon moun sèmante sou lò nan tanp lan, sèman an kenbe.»

[17] Moun fou! Moun avèg! Vrèmanvre, kisa ki pi enpòtan? Èske se lò a, oubyen, èske se tanp lan ki sangtifye lò a?

[18] Nou di ankò: «Si yon moun sèmante sou lotèl la, sa pa anyen. Men, si yon moun sèmante sou ofrann ki sou lotèl la, sèman an kenbe.»

[19] Moun fou! Moun avèg! Vrèmanvre, kisa ki pi enpòtan? Èske se ofrann nan, oubyen, èske se lotèl ki sangtifye ofrann nan?

[20] Donk, lè yon moun sèmante sou lotèl la, li sèmante ni sou lotèl la, ni sou tout sa ki sou lotèl la.

[21] E, lè yon moun sèmante sou tanp lan, li sèmante ni sou tanp lan, ni sou sila ki abite nan tanp lan.

[22] E, lè yon moun sèmante sou syèl la, li sèmante ni sou twòn Bondye a, ni sou sila ki chita sou twòn nan.

[23] Malè pou nou, pwofesè lalwa ak Farizyen! Ipokrit! Paske, nou peye ladim sou mant, sou lanni ak sou kanèl, alòske, nou kite bagay ki pi enpòtan nan lalwa, tankou jistis, pitye ak fidelite. Fòk nou fè bagay sa yo tou, san nou pa kite lòt yo.

[24] Se gid ki avèg nou ye! Nou p ap bwè yon mouch, men, n ap vale yon chamo.

[25] Malè pou nou, pwofesè lalwa ak Farizyen! Ipokrit! Paske, nou netwaye gode ak asyèt sou deyò, alòske, andedan kè nou plen avèk lide vòlè epi avèk mechanste.

[26] Farizyen, moun avèg! Netwaye andedan gode ak asyèt la anvan, epi konsa, yo va vin pwòp sou deyò tou.

[27] Malè pou nou, pwofesè lalwa ak Farizyen! Ipokrit! Paske, nou tankou kavo yo blanchi. Sou deyò, yo parèt bèl. Men, andedan, yo plen avèk zosman mò ak tout kalite salte.

[28] Se konsa nou ye tou. Sou deyò, nou parèt jis devan lèzòm. Men, andedan kè nou plen avèk ipokrizi ak rebelyon.

[29] Malè pou nou, pwofesè lalwa ak Farizyen! Ipokrit! Paske, nou bati kavo pwofèt yo, nou dekore tonm moun jis yo,

[30] epi nou di: «Si nou te la nan jou zansèt nou yo, nou pa t ap met ansanm avèk yo pou vide san pwofèt yo.»

[31] Konsa, nou se temwen kont pwòp tèt nou, se pitit moun ki te asasinen pwofèt yo nou ye.

[32] Ebyen, nou menm, fin plen mezi mechanste zansèt nou yo non!

[33] Bann koulèv! Ras sèpan! Kòman pou n ta fè chape anba jijman Jeyèn nan!

[34] Se poutèt sa, gade! M ap voye pwofèt, saj ak pwofesè lalwa ban nou. Gen kèk nan yo n ap tiye epi n ap krisifye. Epi gen kèk nan yo n ap bat nan sinagòg nou yo epi n ap pèsekite vil apre vil.

[35] Konsa, soti sou san Abèl, nonm jis la, rive sou san Zakari, pitit Barachi nou te tiye ant tanp lan ak lotèl la, tout san moun jis ki te koule sou latè, se sou kont nou y ap tonbe.

[36] Franchman, m ap di nou sa: Tout bagay sa yo ap tonbe sou kont jenerasyon sa a.

[37] Aa Jerizalèm! Jerizalèm! Ou menm k ap tiye pwofèt yo epi k ap kalonnen moun yo voye kote w yo! Konbyen fwa mwen te vle rasanble pitit ou yo ansanm, menm jan ak yon poul ki rasanble pitit pa l anba zèl li. Men, nou pa janm vle.

[38] Ebyen, gade! Yo abandone kay ou tankou yon dezè.

[39] Paske, m ap di nou sa: Nou p ap wè mwen ditou pou jis lè pou nou va di: «Benediksyon pou sila k ap vini nan non Senyè a.»

Levanjil Matye a — Chapters