[1] Jezi pran lapawòl ankò, li pale ak yo an parabòl.
[2] Li di: Wayòm syèl la sanble ak yon nonm ki wa, k ap fè nòs pitit gason li.
[3] Li voye sèvitè l yo rele moun li te envite nan nòs la. Men, yo pa t vle vini.
[4] Li voye lòt sèvitè ankò. Li di: Di envite yo: «Gade! Resepsyon m nan pare. Mwen tiye bèf ak bèt ki t ap angrese. Tout bagay pare. Vini nan nòs la!»
[5] Men, envite yo neglije sa. Youn pati al nan jaden li, yon lòt al nan biznis li.
[6] Rès yo menm kenbe sèvitè l yo, yo avili yo, epi yo tiye yo.
[7] Lè wa a tande sa, li fè kòlè. Li voye lame l al detui asasen sa yo epi boule vil yo a.
[8] Apre sa, li di sèvitè l yo: Nòs la pare, men, envite yo pa t merite sa.
[9] Donk, ale nan tout kalfou nan lari a. Epi, envite tout moun nou jwenn nan nòs la.
[10] Sèvitè yo ale sou wout yo, yo rasanble tout moun yo jwenn, kit se move moun, kit se bon moun. Konsa, resepsyon nòs la te plen moun.
[11] Lè wa a antre vin admire moun nan resepsyon an, li wè yon nonm ki te la san l pa t abiye ak rad nòs la.
[12] Wa a di li: Zanmi, kòman w fè antre isit la san rad nòs la? Misye fèmen bouch li!
[13] Apre sa, wa a di sèvitè yo: Mare pye l ak men l. Pran li, jete l nan fènwa deyò a. La, ap gen rèl ak manje dan.
[14] Paske, Bondye rele anpil moun, men, li pa chwazi anpil.
[15] Apre sa, Farizyen yo ale, yo monte yon konplo pou pran Jezi nan pyèj ak pwòp pawòl li.
[16] Yo voye disip yo ansanm ak Ewodis yo kote li. Yo di: Mèt, nou konnen ou onèt epi ou anseye chemen Bondye a daprè laverite. Ou pa pè pèsonn, paske ou pa gade sou figi moun.
[17] Donk, di nou sa w panse. Wi oubyen non, èske lalwa pèmèt yo peye Seza taks?
[18] Jezi ki te konnen mechanste yo, li di: Ipokrit, poukisa n ap tante m nan?
[19] Montre m pyès lajan, yo peye taks la. Yo pote yon denye ba li.
[20] Epi, li di yo: Sa a se pòtre kilès? Epi, pou kilès yo ekri pawòl sa yo?
[21] Yo di li: Pou Seza! Apre sa, li di yo: Donk, bay Seza sa ki pou Seza. Bay Bondye sa ki pou Bondye.
[22] Lè yo tande sa, yo sezi. Epi, yo kite Jezi, y ale.
[23] Menm jou sa a, Sadiseyen yo pwoche kote Jezi. Se yo ki di pa gen rezirèksyon an. Yo poze li yon kesyon,
[24] yo di: Mèt, Moyiz di: «Si yon nonm ta mouri san li pa gen pitit, frè li dwe marye ak madanm li an. Konsa, li va fè pitit pou defen an.»
[25] Twouve, te genyen sèt frè pami nou. Premye a marye, epi li mouri. Kòm li pa t gen pitit, li kite madanm nan pou frè li.
[26] Epi, menm bagay la rive ak dezyèm nan, epi twazyèm nan, jis rive sou setyèm nan.
[27] Apre yo tout mouri, madanm nan mouri tou.
[28] Donk, jou rezirèksyon an, madanm kilès nan sèt yo l ap ye? Paske, yo tout te pran li pou madanm.
[29] Jezi reponn, li di yo: N ap twonpe tèt nou. Paske, nou pa konnen ni Lekriti, ni pisans Bondye.
[30] Vrèmanvre, lè moun resisite, yo p ap ni marye, ni bay fi pou maryaj. Men, yo va tankou zanj Bondye yo ki nan syèl la.
[31] Men, kanta pou rezirèksyon mò yo, èske nou pa konnen sa Bondye di nou?
[32] Li di: «Mwen se Bondye Abraam, Bondye Izaak ak Bondye Jakòb.» Bondye pa Bondye moun mouri, men, Bondye moun vivan.
[33] Ansèyman Jezi a te fè foul moun ki t ap koute l yo sezi.
[34] Lè Farizyen yo tande Jezi te fèmen bouch Sadiseyen yo, yo reyini ansanm.
[35] Youn nan yo ki yon avoka poze li yon kesyon pou l tante li.
[36] Li di: Mèt, ki kòmandman nan lalwa ki pi enpòtan?
[37] Jezi di li: Se «Ou va renmen Bondye, Senyè ou ak tout kè ou ak tout nanm ou ak tout lide ou.»
[38] Se kòmandman sa a ki premye epi ki pi enpòtan.
[39] Men dezyèm nan! Li menm jan: «Ou va renmen pwochen ou, menm jan ou renmen tèt ou.»
[40] Se sou de kòmandman sa yo, tout lalwa ak pwofesi yo kanpe.
[41] Pandan Farizyen yo te reyini ansanm, Jezi poze yo yon kesyon.
[42] Li di: Sa n panse de Kris la? Pitit kilès li ye? Yo di li: Pitit David.
[43] Li di yo: Donk, kòman David, sou direksyon Lespri a, fè rele li Senyè?
[44] Vrèmanvre, li di: Senyè a di Senyè m nan: «Chita adwat mwen, Jis mwen fè lènmi ou yo tounen yon machpye anba pye ou.»
[45] Donk, si David, li menm, rele li Senyè, kòman li fè pitit David?
[46] Pèsonn pa t kapab reponn li yon mo. E, depi jou sa a, pèsonn pa t oze poze li kesyon ankò.