Skip to content
Opens in a new window

[1] Fè atansyon pou nou pa fè charite devan lèzòm dekwa pou yo ka wè nou. Si se pa sa, nou p ap gen rekonpans nan men Papa nou ki nan syèl la.

[2] Donk, lè n ap fè charite, pa sonnen twonpèt devan nou, menm jan ipokrit yo konn fè nan sinagòg ak nan lari, dekwa pou lèzòm ka fè lwanj pou yo. Franchman, m ap di nou sa: Yo resevwa rekonpans yo.

[3] Men, lè n ap fè charite, se pa pou men goch nou konnen sa men dwat la ap fè.

[4] Konsa, charite w la va yon sekrè. E, Papa ou ki wè nan sekrè, li menm, l a remèt ou sa an piblik.

[5] Lè w ap lapriyè, pa fè tankou ipokrit yo. Paske, yo renmen kanpe nan sinagòg ak nan kalfou gran chemen ap lapriyè, dekwa pou moun ka wè yo. Franchman, m ap di nou sa: Yo deja gen rekonpans yo.

[6] Men, ou menm, lè w ap lapriyè, antre nan chanm ou, fèmen pòt ou, lapriyè Papa ou ki la, an sekrè. Epi, Papa ou ki wè sa ki sekrè va remèt ou sa an piblik.

[7] Epi, lè n ap lapriyè, pa rablabla tankou payen yo. Paske, yo panse se avèk anpil pawòl, Bondye va rive koute yo.

[8] Donk, pa chèche sanble avèk yo. Paske, Papa nou deja konnen sa nou bezwen, menm anvan nou mande li.

[9] Donk, men kijan pou nou lapriyè: Papa nou ki nan syèl la, Se pou yo kenbe non ou sen.

[10] Se pou wayòm ou an rive. Se pou volonte ou fèt, Sou latè menm jan ak nan syèl la!

[11] Jodi a, ban nou pen pou jounen an.

[12] Padone nou pou mal nou fè, Menm jan, nou menm tou, nou padone moun ki fè nou mal.

[13] Pa mennen nou al anba tantasyon. Okontrè, delivre nou anba Mechan an. Paske, dominasyon, pisans ak glwa, Se pou ou yo ye pou letènite. Amèn!

[14] Vrèmanvre, si nou padone moun pou fot yo, ebyen, Papa nou ki nan syèl la ap padone nou pou fot nou yo tou.

[15] Men, si nou pa padone moun pou fot yo, Papa nou p ap padone nou pou fot nou yo nonplis.

[16] E, lè n ap fè jèn, pinga nou parèt tris, tankou ipokrit yo. Paske, yo renmen lage figi yo, dekwa pou moun ka wè y ap fè jèn. Franchman, m ap di nou sa: Yo deja gen rekonpans yo.

[17] Men, ou menm, lè w ap fè jèn, vide luil sou tèt ou, epi lave figi w,

[18] dekwa pou se pa moun ki wè w ap fè jèn, men, se Papa a ki la an sekrè. E, Papa a ki wè sa ki nan sekrè, l a remèt ou sa.

[19] Pa anpile trezò pou tèt nou sou latè, kote mit ak wouy ap detui yo, kote vòlè ap kase pou antre vòlè yo.

[20] Anpile trezò pou tèt nou nan syèl, kote ni mit ni wouy pa ka detui yo, kote vòlè pa ka ni kase antre, ni vòlè yo.

[21] Paske, kote trezò ou ye, se la kè ou va ye tou.

[22] Je se lanp kò. Donk, si je ou bon, se tout kò ou k ap nan limyè.

[23] Men, si je ou pa bon, se tout kò ou k ap nan fènwa. Donk, si limyè ki nan ou a se fènwa, ala gwo fènwa a gwo!

[24] Pèsonn pa kapab ap sèvi de mèt. Paske, se oubyen li rayi youn epi li renmen lòt la, oubyen li kole sou youn epi li meprize lòt la. Ou pa kapab ap sèvi Bondye ansanm ak Mamon.

[25] Se poutèt sa mwen di nou: Pa chaje tèt nou pou lavi nou, nan kalkile sa n ap manje ak sa n ap bwè. Pa toumante tèt nou pou kò nou, nan kalkile kijan n ap fè abiye. Lavi pi enpòtan pase manje, e kò pi enpòtan pase rad, pa vre?

[26] Gade zwazo nan syèl la. Yo pa ni plante, ni rekòlte, ni rasanble met nan depo. Epoutan, Papa nou ki nan syèl la ba yo manje. Nou vo plis lontan pase yo, pa vre?

[27] Epitou, kilès nan nou, poutèt l ap chaje tèt li a, ki kapab ajoute menm yon pous sou longè lavi l?

[28] Epi, konsènan rad, poukisa n ap chaje tèt nou? Obsève kijan flè de lis pouse nan jaden. Yo pa ni travay di, ni trikote.

[29] Men, m ap di nou sa: Menm Salomon, malgre tout glwa li a, pa t abiye byen menm jan avèk menm youn nan yo.

[30] Zèb nan jaden la jodi, epi yo jete yo nan fou demen. Si yo menm, Bondye ka dekore yo konsa, l ap fè plis pou nou lontan, moun ti lafwa!

[31] Donk, pa chaje tèt nou pou n ap di: «Kisa nou va manje?» oubyen, «Kisa nou va bwè?» oubyen, «Kisa nou va mete?»

[32] Paske, tout bagay sa yo, se payen yo k ap chèche yo. Vrèmanvre, Papa nou ki nan syèl la konnen nou bezwen tout bagay sa yo.

[33] Men, se pou nou chèche wayòm Bondye a ak jistis li, an premye. Epi, l ap ajoute tout bagay sa yo pou nou.

[34] Donk, pa chaje tèt nou pou demen, paske, demen va gen touman pa li. Mezi jounen an, mezi tèt chaje li.

Levanjil Matye a — Chapters