Skip to content
Opens in a new window

[1] Menm jou sa a, Jezi soti nan kay la, l al chita bò lanmè a.

[2] Yon gwo foul moun te rasanble devan li. Poutèt sa, li monte sou yon kannòt pou li chita. Men, tout foul la te kanpe sou rivaj la.

[3] Li pale anpil bagay avèk yo an parabòl. Li di: Vwala se te yon kiltivatè ki soti al simen semans.

[4] Pandan l ap simen semans lan, kèk grenn tonbe bò wout la. Zwazo vini, yo manje yo.

[5] Kèk lòt tonbe nan tè wòch, kote ki pa t genyen anpil tè. Yo pouse menm lè a, paske, tè a te san pwofondè.

[6] Men, lè solèy la leve, yo boule. Kòm yo te san rasin, yo fennen.

[7] Kèk lòt tonbe nan mitan pikan. Alò, pikan yo pouse, yo toufe yo.

[8] Kèk lòt ankò tonbe nan bon tè. Yo donnen fwi: Youn donnen san, youn swasant, youn trant.

[9] Moun ki genyen zòrèy pou tande, tande!

[10] Disip li yo pwoche, yo di li: Poukisa se an parabòl, w ap pale ak moun yo?

[11] Li reponn, li di yo: Nou menm, Bondye te ban nou okazyon pou nou konnen mistè wayòm syèl la. Men, yo menm, Bondye pa t ba yo l.

[12] Paske, moun ki genyen, yo va ba yo, epi y ap nan abondans. Men, moun ki pa genyen, menm sa yo genyen an, y ap pran l nan men yo.

[13] Se poutèt sa, mwen pale avèk yo an parabòl, paske yo gade san yo pa wè, yo koute san yo pa ni tande ni konprann.

[14] Konsa, pwofesi Ezayi a akonpli sou yo lè l te di: Nou va koute ak zòrèy nou, men, nou p ap konprann ditou. Nou va gade gade, men, nou p ap wè ditou.

[15] Paske, kè pèp sa a vin lou. Yo tande di nan zòrèy yo, Epi, yo fèmen je yo, Dekwa pou yo pa wè ak je yo, Pou yo pa tande ak zòrèy yo, Pou yo pa konprann nan kè yo, Epi pou yo ka pa konvèti. Si se pa t sa, mwen ta geri yo.

[16] Men, nou menm, benediksyon pou je nou paske yo wè. Benediksyon pou zòrèy nou paske yo tande.

[17] Franchman, m ap di nou sa: Anpil pwofèt ak moun jis te anvi wè sa n ap wè yo, yo te anvi tande sa n ap tande yo, men, yo pa t wè yo, e yo pa t tande yo.

[18] Donk, nou menm, koute sans parabòl kiltivatè a:

[19] Tout moun ki tande pawòl wayòm nan san yo pa konprann, Mechan an vini, li rache pawòl ki te simen nan kè yo a. Se yo ki te resevwa semans ki te simen bò wout la.

[20] Tè wòch kote yo te simen l lan, se moun, lè yo tande pawòl la, menm lè a, yo resevwa l ak lajwa.

[21] Men, yo pa gen rasin nan yo menm. Yo la pou yon ti moman. Konsa, lè pawòl la lakòz tribilasyon ak pèsekisyon vini, menm lè a, yo chite.

[22] Tè pikan kote yo te simen semans lan, se moun ki tande pawòl la, epi tèt chaje nan lavi sa a ak richès ki twonpe moun, toufe pawòl la. Konsa, li pa donnen.

[23] Bon tè kote yo te simen semans lan, se moun ki koute pawòl la epi ki konprann li. Konsa, yo donnen: Youn bay san, youn swasant, youn trant.

[24] Jezi ba yo yon lòt parabòl. Li di: Wayòm syèl la tankou yon nonm ki simen bon semans nan jaden li.

[25] Men, pandan moun ap dòmi, lènmi li vini, li simen ble mawon nan mitan ble a, epi l ale.

[26] Lè flèch yo fleri epi yo donnen, lè sa a tou, ble mawon yo parèt.

[27] Alò, sèvitè patwon an pwoche, yo di li: Mèt, se bon semans, ou te simen nan jaden an, pa vre? Donk, kòman l fè gen ble mawon?

[28] Li di yo: Se yon lènmi ki fè sa. Sèvitè yo di li: Donk, èske w ta vle n al rasanble ble mawon yo ansanm?

[29] Li di: Non, dekwa pou lè n ap rasanble ble mawon yo, nou pa derasinen ble a ansanm avèk yo.

[30] Kite tou de pouse ansanm pou jis lè rekòt. Epi, nan tan rekòt, m a di moun k ap fè rekòt yo: «Rasanble ble mawon yo anvan, mare yo fè pakèt pou nou boule yo. Men, ble yo, ranmase yo met nan depo mwen.»

[31] Jezi ba yo yon lòt parabòl ankò, li di: Wayòm syèl la sanble ak yon grenn moutad yon nonm pran epi li simen l nan jaden l.

[32] Li pi piti pase tout semans. Men, lè l pouse, li pi gwo pase plant. Li vin yon pyebwa kote zwazo nan syèl vini, epi yo fè nich sou branch li.

[33] Jezi di yo yon lòt parabòl ankò: Wayòm syèl la sanble ak ledven yon dam pran epi li mete ak twa mezi farin, ki fè tout pat la leve.

[34] Se tout bagay sa yo Jezi te pale ak foul moun yo an parabòl. Dayè, li pa t pale avèk yo san se pa t an parabòl.

[35] Konsa, pawòl pwofèt la akonpli, kote li te di: M ap ouvri bouch mwen pou m pale an parabòl, M ap deklare bagay ki te kache depi lemonn te kreye.

[36] Apre sa, Jezi kite foul moun yo, l al nan kay la. Epi, disip li yo pwoche kote li, yo di: Esplike nou parabòl ble mawon nan jaden an.

[37] Li reponn, li di yo: Moun k ap simen bon semans lan se Pitit Lòm nan.

[38] Jaden an se lemonn. Bon semans yo menm, se pitit wayòm nan. Ble mawon yo se pitit Mechan an.

[39] Lènmi ki simen yo a se djab la. Rekòt la se lafen di monn. E, moun k ap rekòlte yo se zanj.

[40] Donk, menm jan yo rasanble ble mawon yo epi yo boule yo nan dife a, se konsa sa ap ye lè lafen di monn rive.

[41] Pitit Lòm nan ap voye zanj li yo. Y ap rasanble tout bagay nan wayòm li an k ap lakòz moun chite, y ap rasanble moun k ap fè rebèl.

[42] Epi, y ap lage yo nan founèz dife a. La, ap gen rèl ak manje dan!

[43] Apre sa, moun ki jis yo ap klere kon solèy nan wayòm Papa yo a. Moun ki gen zòrèy pou tande, tande!

[44] Epi ankò, wayòm syèl la tankou yon ja ki te kache nan yon jaden. Lè yon moun rive jwenn li, li sere l ankò. E, li tèlman kontan, l al vann tout sa l genyen, epi l achte jaden sa a.

[45] Epi ankò, wayòm syèl la tankou yon moun ki yon machann k ap chèche bèl pèl.

[46] Lè l jwenn yon pèl ki gen anpil valè, l al vann tout sa l genyen, epi l achte pèl la.

[47] Epi ankò, wayòm syèl la tankou yon privye yo voye nan lanmè epi ki ranmase tout kalite pwason.

[48] Lè l plen, moun yo rale l sou rivaj la, yo chita, yo triye sa k bon yo met nan pànye, epi, yo voye sa k pouri yo jete.

[49] Se konsa sa ap ye lè lafen di monn rive. Zanj yo ap vini, y ap separe moun mechan yo ak moun jis yo.

[50] Epi, y ap voye moun mechan yo nan founèz dife a. La, ap gen rèl ak manje dan.

[51] Jezi di yo: Èske nou konprann tout bagay sa yo? Yo di li: Wi, Senyè!

[52] Epi, li di yo: Se poutèt sa, nenpòt pwofesè lalwa ki vin disip nan wayòm syèl la, li tankou yon mèt kay k ap rale ni bagay nèf, ni bagay ansyen nan depo li, met deyò.

[53] Lè Jezi fini ak parabòl sa yo, li wete kò l,

[54] l ale nan peyi li, epi li anseye moun yo nan sinagòg yo a. Konsa, yo te sezi, yo di: Kote l jwenn sajès sa a ak mirak sa yo?

[55] Se pa pitit bòs chapant lan? Se pa manman l ki rele Mari a epi frè l yo rele Jak, Joz, Simon ak Jid la?

[56] Se pa tout sè l yo ki pami nou la a? Donk, kote l jwenn tout bagay sa yo?

[57] Li te yon pyè d achopman pou yo. Men, Jezi di yo: Yo respekte yon pwofèt toupatou, eskepte nan peyi li ak lakay li.

[58] Poutèt yo te san lafwa, li pa t fè anpil mirak la.

Levanjil Matye a — Chapters