Skip to content
Opens in a new window

[1] Lè Jezi wè foul la, li monte sou mòn nan, li chita. Epi, disip li yo vini kote li.

[2] Li ouvè bouch li, li pran anseye yo. Li di:

[3] Benediksyon pou moun ki pòv nan lespri yo, Paske se pou yo wayòm syèl la ye.

[4] Benediksyon pou moun k ap kriye, Paske y ap jwenn konsolasyon.

[5] Benediksyon pou moun ki dou, Paske latè va eritaj yo.

[6] Benediksyon pou moun ki grangou pou jistis, epi ki swaf li, Paske yo va kontante.

[7] Benediksyon pou moun ki konn gen pitye pou lòt, Paske yo va gen pitye pou yo.

[8] Benediksyon pou moun ki gen kè yo pwòp, Paske yo va wè Bondye.

[9] Benediksyon pou moun ki travay pou lapè, Paske se pitit Bondye yo va rele yo.

[10] Benediksyon pou moun yo pèsekite poutèt jistis, Paske se pou yo wayòm syèl la ye.

[11] Se va benediksyon pou nou lè yo va avili nou, lè yo va pèsekite nou, epi lè yo va di tout move pawòl ki pa vre sou nou, tout sa akòz non mwen.

[12] Se pou nou nan lajwa! Se pou nou kontan! Paske, se yon gwo rekonpans nou gen nan syèl la. Vrèmanvre, se konsa moun te pèsekite pwofèt ki te anvan nou yo.

[13] Se nou ki sèl pou latè. Men, si sèl la ta pèdi gou l, ak kisa pou yo ta sale l. Lè sa a, li pa itil anyen ankò, eskepte jete pou yo jete l deyò epi pou moun pile l anba pye.

[14] Se nou ki limyè lemonn. Yon vil ki bati sou mòn pa kapab kache.

[15] Yo pa limen lanp pou yo mete l anba pànye. Okontrè, se sou etajè yo mete l, epi li klere tout moun nan kay la.

[16] Konsa tou, se pou limyè nou an klere devan lèzòm, dekwa pou yo ka wè bon zèv n ap fè yo, epi pou yo ka bay Papa nou ki nan syèl la glwa.

[17] Pa panse, mwen vini pou mwen aboli oubyen lalwa oubyen pwofesi yo. Mwen pa vin aboli yo. Okontrè, mwen vin akonpli yo.

[18] Vrèmanvre, m ap di nou sa franchman: Toutotan syèl la ak tè a pa disparèt, menm yon yota oubyen yon pwen p ap disparèt nan lalwa, pou jiskaske tout lalwa akonpli.

[19] Donk, si yon moun dezobeyi youn nan pi piti nan kòmandman sa yo, epi li anseye lèzòm menm bagay la, ebyen, yo va deklare se li ki pi piti nan wayòm syèl la. Men, moun ki obeyi yo epi ki anseye yo, se li yo va deklare ki gran nan wayòm syèl la.

[20] Paske, m ap di nou sa: Si jistis nou an pa depase jistis pwofesè lalwa yo ak Farizyen yo, nou p ap antre nan wayòm syèl la ditou.

[21] Nou tande yo te di zansèt yo: «Pa tiye moun. Yon moun ki tiye yon lòt moun merite jijman!»

[22] Ebyen, mwen menm, mwen di nou: Tout moun ki fè kòlè sou frè li san kòz, merite jijman. Yon moun ki di frè li: «Raka!» li merite jijman Konsèy la. E, si yon moun di frè li: «Moun fou!» li merite al nan dife Jeyèn nan.

[23] Donk, si ou vin ofri ofrann ou sou lotèl, epi pandan w la a, ou sonje frè ou gen yon bagay kont ou,

[24] ebyen, kite ofrann nan la devan lotèl la, ale, rekonsilye avèk frè w la anvan, epi, lè sa a, w a vin ofri ofrann ou an.

[25] Antann ou vit avèk advèsè ou depi ou sou wout avèk li, dekwa pou li pa livre w bay jij, pou jij pa livre w bay lapolis, pou lapolis pa lage w nan prizon.

[26] Franchman, m ap di ou sa: Ou p ap soti la ditou, toutotan ou pa peye dènye lajan an.

[27] Nou tande yo di: «Pa fè adiltè!»

[28] Men, mwen menm, m ap di nou sa: Tout moun ki gade yon fi avèk move dezi, ebyen, li deja fè adiltè avèk fi a nan kè li.

[29] E, si je w ta lakòz ou chite, rache l, epi jete l lwen w. Paske, pito w ta pèdi youn nan manm ou yo, pase pou se tout kò w yo ta jete nan Jeyèn.

[30] Si men dwat ou ta lakòz ou chite, koupe l, jete l lwen w. Paske, pito w ta pèdi youn nan manm ou yo, pase pou se tout kò w yo ta jete nan Jeyèn.

[31] Yo di tou: «Si pou w divòse ak madanm ou, se pou w ba li yon papye divòs.»

[32] Men, mwen menm, m ap di nou sa: Yon nonm ki ta divòse ak madanm li, si se pa pou afè imoralite, ebyen, li fè madanm nan fè adiltè. E, moun ki marye ak yon fi divòse, li fè adiltè.

[33] Epitou, nou tande yo te di zansèt nou yo: «Pa sèmante sou manti. Men, kenbe sèman, ou te fè Senyè a.»

[34] Men, mwen menm, mwen di nou: Pa sèmante ditou, ni sou syèl la, paske se twòn Bondye li ye;

[35] ni sou tè a, paske se machpye l li ye; ni sou Jerizalèm, paske se vil gran wa a li ye.

[36] Pa menm sèmante sou tèt ou, paske ou pa kapab fè yon cheve w vin blan oubyen nwa.

[37] Lè ou pale, se pou wi ou se wi, se pou non ou se non. Pi plis pase sa, se nan Mechan an sa soti.

[38] Nou tande yo te di: «Èy pou èy!» epi: «Dan pou dan!»

[39] Men, mwen menm, mwen di nou: Pa reziste ak moun mechan. Okontrè, si yon moun frape ou sou bò figi dwat, vire lòt bò a ba li tou.

[40] Si yon moun vle rele w nan tribinal epi li vle pran rad ou, kite chemizèt la pou li tou.

[41] Si yon moun egzije w fè yon kilomèt, rale de kilomèt avèk li.

[42] Moun ki mande w, ba li. E, pa vire do w bay moun ki vle prete nan men w.

[43] Nou tande yo te di: «Renmen pwochen w!» epi: «Rayi lènmi w!»

[44] Men, mwen menm, mwen di nou: Renmen lènmi nou. Beni moun ki modi nou. Fè byen pou moun ki rayi nou. Epi, priye pou moun ki maltrete nou, pou moun ki pèsekite nou.

[45] Konsa, nou va pitit Papa nou ki nan syèl la. Paske, li menm, li fè solèy li leve ni sou moun mechan, ni sou bon moun. E, li voye lapli ni sou moun jis, ni sou moun ki pa jis.

[46] Vrèmanvre, si se moun ki renmen w ou renmen, ki rekonpans w ap genyen? Pèseptè yo fè menm bagay la tou, pa vre?

[47] E, si se zanmi w sèl ou salye, kisa ou fè ki estwòdinè la a? Pèseptè yo fè menm jan an tou, pa vre?

[48] Donk, se pou nou total, menm jan Papa nou ki nan syèl la total.

Levanjil Matye a — Chapters