Skip to content
Opens in a new window

[1] Sis jou apre sa, Jezi pran Pyè, Jak ak Jan, frè Jak la. Li mennen yo poukont yo sou yon mòn byen wo.

[2] Epi, li transfòme devan yo. Figi l vin klere kon solèy. Rad li vin blan tankou limyè.

[3] Epi, twouve, se Moyiz ak Eli ki parèt sou yo. Yo t ap pale ak Jezi.

[4] Men, Pyè reponn, li di Jezi: Mèt, li bon pou nou isit la. Si ou vle, n ap fè twa tant isit la: youn pou ou, youn pou Moyiz, youn pou Eli.

[5] Pandan l t ap pale a, twouve, yon nyaj klere kouvri yo. Epi, twouve, yon vwa ki soti nan nyaj la di: Li menm, li se pitit mwen renmen anpil la. Li fè m plezi anpil! Koute li!

[6] Lè disip li yo tande sa, yo tonbe sou fas. Yo te pè anpil.

[7] Alò, Jezi pwoche kote yo, li manyen yo, epi li di: Leve, pa pè.

[8] Lè yo leve je yo, yo pa wè pèsonn, eskepte Jezi sèl.

[9] Pandan yo t ap desann mòn nan, Jezi kòmande yo, li di: Pa di pèsonn vizyon an pou jis lè Pitit Lòm nan resisite pami mò yo.

[10] Epi, disip yo poze li yon kesyon. Yo di: Donk, poukisa pwofesè lalwa yo di fòk Eli vini anvan an?

[11] Jezi reponn, li di yo: Vrèmanvre, Eli ap vini anvan. E, l ap repare tout bagay.

[12] Men, m ap di nou sa: Eli te vini deja, e yo pa rekonèt li. Okontrè, yo fè li sa yo vle. Se konsa tou, Pitit Lòm nan pral soufri anba men yo.

[13] Lè sa a, disip yo konprann se de Jan Batis li t ap pale yo.

[14] Lè yo rive kote foul la, yon nonm pwoche kote Jezi, li ajenou devan li,

[15] epi li di: Senyè, pitye pou pitit gason m nan! Li gen malkadi, e l ap soufri anpil. Anpil fwa, li tonbe nan dife. Anpil fwa tou, se nan dlo.

[16] Mwen te mennen l bay disip ou yo, men, yo pa t kapab geri l.

[17] Jezi reponn, li di: Jenerasyon moun san lafwa ak moun pèvèti! Jis kilè m ap rete avèk nou? Jis kilè m ap sipòte nou? Mennen l ban mwen!

[18] Jezi fè l obsèvasyon, epi demon an soti sou li. E, depi lè sa a, timoun nan geri.

[19] Apre sa, disip yo pwoche kote Jezi apa, yo di: Poukisa, nou menm, nou pa t kapab chase li?

[20] Jezi di yo: Paske lafwa nou piti! Vrèmanvre, m ap di nou sa franchman: Si nou gen lafwa gwosè yon grenn moutad, nou ka di mòn sa a: «Wete kò w la, al lòt bò!» E, pa gen anyen nou p ap kapab fè.

[21] Men, san lapriyè ak jèn, anyen pa kapab fè kalite demon sa a soti.

[22] Pandan yo t ap viv Galile, Jezi di yo: Yo pral livre Pitit Lòm nan, nan men lèzòm.

[23] Epi, y ap tiye li. E, sou twazyèm jou a, l ap resisite. Sa te fè yo lapenn anpil.

[24] Lè yo rive Kapènawòm, pèseptè taks de drak yo pwoche kote Pyè, yo di: Kòman? Mèt nou an pa peye taks de drak la?

[25] Pyè di: Men wi! Epi, lè li antre nan kay la, Jezi pale anvan, li di: Sa w panse, Simon? Wa sou latè, sou kilès yo pran taks oubyen enpo? Sou pwòp pitit yo oubyen sou lòt moun?

[26] Pyè di li: Sou lòt moun! Jezi di li: Donk, pitit yo egzante, pa vre?

[27] Men, pou nou pa yon pyè d achopman pou moun sa yo, al nan lanmè a, voye yon zen, epi, premye pwason k mòde a, pran li. Lè w ouvè bouch li, w ap jwenn yon estatè. W a pran li pou w peye pou mwen menm avè w.

Levanjil Matye a — Chapters