[1] Lè sa a, wayòm syèl la va sanble ak dis fi vyèj ki pran lanp yo, pou y al rankontre lemarye a.
[2] Senk nan yo te entèlijan, e senk te san bonsans.
[3] Sa ki te san bonsans yo pran lanp yo, men, yo pa t pran luil pa yo.
[4] Sa ki te entèlijan yo, yo menm, yo pran veso luil pou lanp yo.
[5] Men, lemarye a t ap mize. Alò, yo tout kabicha, yo dòmi.
[6] Nan mitan lannuit lan, yon rèl pati: Gade! Men lemarye a ap vini! Soti al rankontre li!
[7] Lè sa a, tout fi vyèj yo leve, epi yo prepare lanp yo.
[8] Men, sa ki te san bonsans yo di sa ki te entèlijan yo: Ban nou nan luil nou an, paske lanp nou yo ap etenn.
[9] Sa ki te entèlijan yo reponn, yo di: Nou pè pou pa ta gen ase ni pou nou menm, ni pou nou, pito n al kay machann yo, n a achte pa nou.
[10] Pandan y al achte a, lemarye a vini. Sa ki te pare yo antre nan nòs la avèk li, epi yo fèmen pòt la.
[11] Pi ta, lòt fi vyèj yo vini tou, yo di: Senyè, senyè, louvri pou nou.
[12] Men, li reponn, li di: Franchman, m ap di nou sa: Mwen pa konnen nou.
[13] Donk, veye! Paske, nou pa konnen ni jou, ni lè Pitit Lòm nan ap vini.
[14] Vrèmanvre, se va tankou yon nonm k ap pati aletranje. Li rele sèvitè li yo, li remèt yo byen li yo.
[15] Li ba yo chak daprè sa kapasite yo ye: Li bay youn senk talan, yon lòt de, epi yon lòt youn. Epi, li pati menm lè a.
[16] Sa ki te resevwa senk talan an al envesti yo. Konsa, li fè senk lòt talan.
[17] Se te menm bagay la tou pou sa ki te gen de talan an. Li menm tou, li fè benefis de lòt talan.
[18] Sa ki te resevwa yon talan an, li menm, l al fouye yon twou nan tè, epi li sere lajan mèt li a.
[19] Lontan apre sa, mèt sèvitè sa yo tounen. Li fè regleman avèk yo.
[20] Sa ki te resevwa senk talan an pwoche, li pote senk lòt talan yo, li di: Senyè, ou te remèt mwen senk talan, men senk lòt mwen fè kòm benefis sou yo.
[21] Mèt li di li: Trè byen, sèvitè. Ou bon epi ou fidèl. Ou te fidèl nan ti bagay, m ap mete ou responsab gwo bagay. Vin rejwi ak mèt ou.
[22] Sa ki te resevwa de talan an pwoche tou, li di: Senyè, ou te remèt mwen de talan, men de lòt mwen fè kòm benefis sou yo.
[23] Mèt li di li: Trè byen, sèvitè. Ou bon epi ou fidèl. Ou te fidèl nan ti bagay, m ap mete ou responsab gwo bagay. Vin rejwi ak mèt ou.
[24] Sa ki te resevwa yon sèl talan an pwoche tou. Li di: Senyè, mwen konnen ou se yon nonm ki di. Ou rekòlte kote ou pa t simen, ou ranmase kote ou pa t voye semans.
[25] Mwen te pè. Donk, m al sere talan w lan anba tè. Men li, pran sa k pou ou a.
[26] Mèt li reponn, li di li: Sèvitè mechan! Parese! Ou konnen mwen se moun ki rekòlte kote mwen pa simen, epi mwen ranmase kote mwen pa voye semans.
[27] Donk, fòk ou te mete lajan m nan labank. Konsa, lè m vini, mwen ta repran sa k pou mwen an, avèk enterè.
[28] Donk, nou mèt pran talan an nan men misye. Sa ki gen dis talan an, ba li l.
[29] Paske, chak moun ki genyen, yo va ba li, epi l ap nan abondans. Men, moun ki pa genyen an, menm sa li genyen an, y ap pran l nan men l.
[30] Epi, sèvitè initil sa a, jete l nan fènwa deyò a. La, ap gen rèl ak manje dan.
[31] Lè Pitit Lòm nan va vini nan glwa li, tout zanj li yo ki sen va avèk li. Lè sa a, l ap chita sou twòn li nan laglwa.
[32] Epi, tout nasyon yo ap rasanble devan li. L ap separe yo youn avèk lòt, menm jan yon bèje separe mouton avèk kabrit.
[33] L ap mete mouton yo adwat li epi kabrit yo agoch li.
[34] Apre sa, wa a ap di sa ki adwat li yo: Vini, nou menm, Papa m beni yo. Pran eritaj nou an, wayòm ki te prepare pou nou, depi anvan Bondye te kreye lemonn nan.
[35] Paske, mwen te grangou, epi nou te ban mwen manje. Mwen te swaf, epi nou te ban mwen bwè. Mwen te etranje, epi, nou te ban mwen ladesant.
[36] Mwen te toutouni, epi, nou te abiye mwen. Mwen te malad, epi nou te vin vizite mwen. E, mwen te nan prizon, epi nou te vini kote mwen.
[37] Lè sa a, moun jis yo ap reponn li, y ap di: Senyè, kilè nou te wè ou grangou epi nou te ba ou manje a? Oubyen, kilè nou te wè ou swaf epi nou te ba ou bwè a?
[38] Kilè nou te wè ou etranje epi nou te ba ou ladesant lan? Oubyen, kilè nou te wè ou toutouni epi nou te abiye ou la?
[39] Kilè nou te wè ou malad oubyen nan prizon epi nou te ale kote w la?
[40] Epi, wa a ap reponn, l ap di yo: Franchman, m ap di nou sa: Chak fwa nou te fè bagay sa yo pou youn nan pi piti sa yo pami frè m yo, ebyen, se pou mwen nou te fè yo.
[41] Apre sa, l ap di sa ki agoch li yo tou: Retire nou sou mwen, moun modi! Ale nan dife etènèl ki te prepare pou djab la ansanm avèk zanj li yo.
[42] Paske, mwen te grangou, epi nou pa t ban mwen manje. Mwen te swaf, epi nou pa t ban mwen bwè.
[43] Mwen te etranje, epi nou pa t ban mwen ladesant. Mwen te toutouni, epi nou pa t abiye mwen. Mwen te malad, mwen te nan prizon, epi nou pa t vin vizite mwen.
[44] Lè sa a, yo menm tou, y ap reponn, y ap di: Senyè, kilè nou te wè ou grangou, oubyen swaf, oubyen tankou yon etranje, oubyen toutouni, oubyen malad, oubyen nan prizon epi nou pa t rann ou sèvis la?
[45] Lè sa a, l ap reponn yo, l ap di: Franchman, m ap di nou sa: Chak fwa nou pa t fè bagay sa yo pou youn nan pi piti sa yo, se pou mwen nou pa t fè yo.
[46] Epi, l ap voye moun sa yo al anba chatiman etènèl la. Men, moun jis yo, l ap voye yo al nan lavi etènèl.