Skip to content
Opens in a new window

[1] Lè Jezi fin di tout pawòl sa yo, li di disip li yo:

[2] Nou konnen nan de jou, fèt Pak la ap rive, epi y ap livre Pitit Lòm nan pou yo krisifye li.

[3] Apre sa, sakrifikatè prensipal yo, pwofesè lalwa yo ak ansyen pami pèp la reyini nan lakou sakrifikatè an chèf, yo rele Kayif la.

[4] Yo deside ansanm y ap arete Jezi nan riz, epi y ap tiye li.

[5] Men, yo di: Fòk se pa pandan fèt la, dekwa pou pèp la pa fè dezòd.

[6] Jezi, li menm, te Betani, kay Simon ki te gen lèp la.

[7] Pandan li te sou tab, yon dam pwoche kote li ak yon krich ann albat ki te genyen yon pafen ki vann chè. Dam nan vide pafen an sou tèt Jezi.

[8] Lè disip li yo wè sa, yo vekse. Yo di: Pouki gaspiyaj sa a?

[9] Paske, yo ta kapab vann pafen sa a pou anpil kòb, epi yo ta bay pòv li.

[10] Jezi te konnen sa. Li di yo: Poukisa n ap nui dam nan konsa? Vrèmanvre, se yon bèl jès li fè avèk mwen.

[11] Paske, n ap toujou gen pòv yo avèk nou. Men, nou p ap toujou genyen mwen.

[12] Vrèmanvre, lè l vide pafen an sou kò mwen, li fè sa pou lè yo va antere mwen.

[13] Franchman, m ap di nou sa: Nenpòt kote nan lemonn antye, yo ta preche bon nouvèl sa a, y ap sonje dam nan pou yo rakonte sa li te fè a.

[14] Apre sa, youn nan Douz yo, sa yo rele Jida Iskaryòt la, ale kote sakrifikatè prensipal yo.

[15] Li di yo: Kisa nou vle ban mwen pou mwen livre li ban nou? Yo antann avèk li sou trant pyès ann ajan.

[16] Depi lè sa a, li pran chèche yon okazyon pou li trayi Jezi.

[17] Premye jou fèt Pen San Ledven an, disip yo pwoche kote Jezi, yo di li: Kibò w ta vle nou pare manje Pak la pou ou?

[18] Li di: Ale nan vil la kote entèl. Di li: «Mèt la di: Tan mwen pre rive. Se lakay ou m ap fete Pak la avèk disip mwen yo.»

[19] Disip yo fè sa Jezi te kòmande yo fè a. Epi, yo pare manje Pak la.

[20] Lè aswè rive, l al sou tab ak Douz yo.

[21] Pandan yo t ap manje, li di: Franchman, m ap di nou sa: Youn nan nou ap trayi mwen.

[22] Sa te fè yo tris anpil. Yo chak kòmanse di li: Senyè, èske se mwen menm?

[23] Li reponn, li di: Moun ki te mete men l ansanm avèk mwen nan bòl la, se li k ap trayi m nan.

[24] Pitit Lòm nan prale menm jan sa te ekri sou li a. Men tou, malè pou nonm sa a ki trayi Pitit Lòm nan. Li ta pi bon pou nonm sa a si li pa t janm fèt.

[25] Jida, li menm, ki t apral trayi li, reponn, li di: Rabi, èske se mwen menm? Jezi di li: Apa w di l!

[26] Pandan yo t ap manje a, Jezi pran pen. Li beni li. Li kase l bay disip yo. Epi, li di: Pran. Manje. Sa a se kò mwen.

[27] Li pran gode a tou. Li rann gras. Epi, pandan l ap ba yo li, li di: Nou tout, se pou nou bwè ladan l.

[28] Paske, sa a se san mwen, san nouvèl alyans ki koule pou anpil moun nan, pou padon peche yo.

[29] M ap di nou sa: Apati jodi a, mwen p ap bwè fwi rezen an ditou, pou jis jou sa a, lè mwen va bwè youn ki nouvo ansanm avèk nou, nan wayòm Papa m nan.

[30] Yo chante kantik. Epi, y ale sou Mòn Oliv.

[31] Apre sa, Jezi di yo: Lannuit sa a, nou tout ap chite akòz mwen menm. Paske, sa ekri konsa: Mwen va frape bèje a, epi, mouton nan twoupo a va gaye.

[32] Men, apre mwen resisite, mwen prale Galile anvan nou.

[33] Pyè reponn, li di li: Menm si yo tout ta chite akòz ou menm, mwen menm, mwen p ap janm chite.

[34] Jezi di li: Franchman, m ap di ou sa: Lannuit sa a, anvan kòk chante, w ap nye mwen twa fwa.

[35] Pyè di li: Menm si mwen ta dwe mouri avèk ou, mwen p ap janm nye ou. Tout disip yo di menm bagay la tou.

[36] Apre sa, Jezi ale yon kote yo rele Jetsemane avèk yo. Epi, li di disip yo: Chita isit la pandan mwen pral lapriyè lòt bò a.

[37] Li pran Pyè ak de pitit Zebede yo. Epi, li kòmanse gen lapenn ak kè sere.

[38] Lè sa a, Jezi di yo: Mwen ta mouri, tank nanm mwen tris. Rete veye isit la avèk mwen.

[39] Li vanse pi lwen, li koube fas atè pou li lapriyè. Li di: Papa mwen, si sa posib, se pou gode sa a pase lwen mwen. Men, pa fè jan mwen menm, mwen vle, men, jan ou vle.

[40] Lè li tounen kote disip yo, li jwenn y ap dòmi. Alò, li di Pyè: Donk, ou pa t kapab veye avèk mwen, menm inè d tan?

[41] Veye, epi, priye, pou nou pa tonbe nan tantasyon. Lespri a vle, men, chè a fèb.

[42] Jezi ale yon dezyèm fwa ankò, li lapriyè, li di: Papa mwen, si li pa posib pou gode sa a pase lwen mwen san mwen pa bwè l, se pou volonte ou fèt.

[43] Lè li retounen, li jwenn y ap dòmi ankò. Vrèmanvre, je yo te lou.

[44] Li kite yo, l al lapriyè ankò yon twazyèm fwa. Li di menm pawòl la.

[45] Apre sa, li vini kote disip li yo, li di yo: N ap dòmi toujou? N ap poze kò nou toujou? Gade! Lè a rive. Yo pral livre Pitit Lòm nan nan men pechè yo.

[46] Leve! Ann ale! Gade! Moun ki trayi m nan ap vini.

[47] Pandan menm, li t ap pale a, twouve, Jida, youn nan Douz yo, vini. Li te genyen yon gwo foul avèk li, ki te gen epe ak baton. Yo te soti kote sakrifikatè prensipal yo ak ansyen pami pèp la.

[48] Moun ki t ap trayi Jezi a te ba yo yon siy. Li te di: Moun mwen va bo a, se li menm. Pran li.

[49] Menm lè a tou, li pwoche sou Jezi, li di: Bonswa, Rabi! Epi, li pran bo li.

[50] Men, Jezi di li: Zanmi, poukisa w la a? Apre sa, yo pwoche, yo mete men sou Jezi, yo pran li.

[51] Epi, twouve, youn nan moun ki te avèk Jezi yo lonje men li, li rale epe li, li frape sèvitè sakrifikatè an chèf la, epi li koupe zòrèy li.

[52] Alò, Jezi di li: Remete epe w la nan plas li. Paske tout moun ki pran epe, se ak epe y ap mouri tou.

[53] Èske w panse mwen pa ta kapab sipliye Papa mwen kounye a epi li ta ban mwen plis pase douz rejiman zanj?

[54] Donk, lè sa a, kòman pou Lekriti ta akonpli? Paske, yo di: Fòk sa rive konsa!

[55] Nan menm lè sa a, Jezi di foul moun yo: Nou vin arete mwen avèk epe ak baton tankou se dèyè yon malfektè nou ye, pa vre? Se chak jou, mwen te chita avèk nou ap anseye nan lakou tanp lan. E, nou pa t pran mwen.

[56] Men, tout sa rive, dekwa pou Ekriti pwofèt yo ekri yo te ka akonpli. Lè sa a, tout disip yo kite li, yo sove.

[57] Moun ki te pran Jezi yo mennen li kote Kayif, sakrifikatè an chèf la. Se la pwofesè lalwa yo ak ansyen yo te reyini.

[58] Pyè, li menm, t ap suiv li de lwen, jis andedan lakou sakrifikatè an chèf la. Li antre andedan an, li chita avèk polis yo pou l wè jan sa ap fini.

[59] Sakrifikatè prensipal yo, ansyen yo ak tout Konsèy la t ap chèche fo temwayaj kont Jezi pou yo te ka tiye li.

[60] Men, yo pa t jwenn. Malgre anpil fo temwen te pwoche, yo pa t jwenn. Anfen, de fo temwen pwoche.

[61] Yo di: Misye di: «Mwen kapab detui tanp Bondye a epi pou mwen rebati l nan twa jou.»

[62] Alò, sakrifikatè an chèf la kanpe. Li di Jezi: Ou pa reponn anyen? Sa y ap temwaye kont ou konsa?

[63] Men, Jezi rete bouch fèmen. Sakrifikatè an chèf la pran lapawòl ankò, li di li: Devan Bondye vivan an, sèmante pou w di nou si se ou ki Kris la, Pitit Bondye a.

[64] Jezi di li: Apa ou di l. Plis ankò, m ap di nou sa: Apati jodi a, nou va wè Pitit Lòm nan lè li va chita adwat Pisans lan ak lè l ap vini sou nyaj nan syèl la.

[65] Lè sa a, sakrifikatè an chèf la chire rad li. Li di: Li denigre Bondye! Poukisa nou bezwen temwen ankò? Gade! Nou sot tande l ap denigre Bondye kounye a la a!

[66] Sa n panse? Yo reponn, yo di: Li merite lanmò!

[67] Apre sa, yo krache nan figi l, epi yo ba l kout pwen.

[68] Lòt moun ba l souflèt, epi yo di: Kris, pwofetize pou nou! Kilès ki frape w?

[69] Pyè, li menm, te chita nan lakou a. Yon sèvant pwoche kote li, li di: Ou menm tou, ou te avèk Jezi, moun Galile a.

[70] Men, Pyè nye sa devan yo tout. Li di: Mwen pa konn sa w ap di a.

[71] Epi, li soti al bò pòtay la. Yon lòt wè li, epi li di moun ki te la yo: Misye te avèk Jezi, moun Nazarèt la tou.

[72] Pyè sèmante, li nye sa ankò, li di: Mwen pa konnen nonm nan!

[73] Pi ta, moun ki te kanpe la yo pwoche, yo di Pyè: An verite, ou se youn nan yo tou, paske jan ou pale a fè yo rekonèt ou.

[74] Lè sa a, li kòmanse rele malediksyon sou tèt li. Li sèmante, li di: Mwen pa konnen nonm nan! Menm lè a tou, kòk chante.

[75] Alò, Pyè sonje pawòl Jezi a, lè li te di li: Anvan kòk chante, w ap nye mwen twa fwa. Li soti deyò a, li kriye avèk anpil lapenn.

Levanjil Matye a — Chapters