Skip to content
Opens in a new window

[1] Farizyen yo ak Sadiseyen yo parèt. Pou yo ka tante Jezi, yo mande l montre yo yon siy ki soti nan syèl.

[2] Men, li reponn, li di yo: Lè aswè rive, nou di: «Jan syèl la wouj la, l ap fè bon tan.»

[3] Epi, nan maten, nou di: «Ap gen move tan jodi a, paske syèl la wouj, li kouvri.» Ipokrit, nou konn fè diferans nan jan figi syèl la ye, men, pou siy epòk sa yo, nou pa kapab!

[4] Yon jenerasyon move moun ak moun adiltè ap chèche siy, ebyen, mwen p ap ba li siy, eskepte siy pwofèt Jonas la. Epi, li kite yo, l ale.

[5] Men, lè disip yo t apral lòt bò dlo a, yo te bliye pran pen.

[6] Jezi di yo: Veye, fè atansyon ak ledven Farizyen yo ansanm ak ledven Sadiseyen yo.

[7] Yo menm, yo reflechi nan kè yo, yo di: Se paske nou pa t pran pen!

[8] Men, Jezi te konnen sa. Li di yo: Moun ti lafwa, poukisa n ap reflechi nan kè nou dèske nou pa t pran pen?

[9] Nou poko konprann toujou? Nou pa sonje senk pen yo pou senkmil moun yo epi kantite pànye nou te pran?

[10] Nonplis tou, nou pa sonje sèt pen yo pou katmil moun yo epi kantite ti pànye nou te pran?

[11] Kòman nou fè pa wè se pa de pen m ap pale, lè mwen di nou pou nou fè atansyon ak ledven Farizyen yo epi ak ledven Sadiseyen yo?

[12] Apre sa, yo vin konprann se pa t ak ledven pou pen li te di yo fè atansyon an, men, se ak ansèyman Farizyen ak Sadiseyen yo.

[13] Lè Jezi rive nan zòn Sezare Filip, li poze disip li yo yon kesyon. Li di: Kilès lèzòm di mwen ye, mwen menm, Pitit Lòm nan?

[14] Yo di: Gen moun ki di Jan Batis. Gen lòt ki di Eli. Lòt moun ankò di Jeremi oubyen youn nan pwofèt yo.

[15] Li di yo: Men nou menm, kilès nou di mwen ye?

[16] Simon Pyè reponn, li di: Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an.

[17] Alò, Jezi reponn, li di li: Benediksyon pou ou, Simon, pitit Jonas. Paske, se pa ni chè ni san ki ba ou revelasyon sa a, men, se Papa mwen ki nan syèl la.

[18] E, mwen menm, m ap di ou sa: Se Pyè ou ye. E, se sou wòch sa a, m ap bati Legliz mwen an. E, pòtay peyi-mò p ap gen fòs sou li.

[19] M ap ba ou kle wayòm syèl la. Sa w mare sou latè ap mare nan syèl. E, sa w demare sou latè ap demare nan syèl.

[20] Apre sa, Jezi kòmande disip li yo pou yo pa di pèsonn se li, Jezi, ki Kris la.

[21] Depi lè sa a, Jezi kòmanse ap montre disip li yo fòk li ale Jerizalèm; fòk li soufri anpil bagay nan men ansyen yo, sakrifikatè prensipal yo ak pwofesè lalwa yo; fòk li mouri; epi, apre twa jou, fòk li resisite.

[22] Pyè rale Jezi sou kote, li kòmanse ap fè Jezi obsèvasyon. Li di: Mande Bondye padon, Senyè! Sa p ap janm rive w!

[23] Jezi vire, li di Pyè: Retire w sou mwen, Satan! Ou se yon pyè d achopman pou mwen. Paske, se pa bagay Bondye w ap panse, men, se bagay lèzòm.

[24] Apre sa, Jezi di disip li yo: Si yon moun vle mache dèyè m, se pou l nye tèt li, se pou l pran kwa li, epi se pou l suiv mwen.

[25] Paske, yon moun ki ta vle sove lavi li, l ap pèdi l. Men, yon moun ki ta pèdi lavi li poutèt mwen, l ap jwenn li.

[26] Paske tou, ki benefis yon moun ka fè, si li ta genyen lemonn antye epi li ta fè defisi nanm li? Oubyen, ki pri yon moun ta bay pou nanm li?

[27] Paske ankò, Pitit Lòm nan pral vini avèk zanj li yo nan glwa Papa a. E, lè sa a, l ap bay chak moun daprè jan yo te aji.

[28] Franchman, m ap di nou sa: Kèk nan nou ki kanpe isit la p ap goute lanmò, jis nou wè Pitit Lòm nan vini nan wayòm li an.

Levanjil Matye a — Chapters