Skip to content
Opens in a new window

[1] Kounye a, lè Jezi fin di pawòl sa yo, li kite Galile, l ale nan zòn Jide, lòt bò Jouden an.

[2] Yon gwo foul moun suiv li. Epi, li geri yo la.

[3] Farizyen yo pwoche kote li pou yo tante li. Yo di li: Èske lalwa pèmèt yon nonm divòse ak madanm li pou nenpòt ki bagay?

[4] Jezi reponn, li di yo: «O kòmansman, Kreyatè a fè gason ak fi.» Èske nou pa janm li sa?

[5] Epi, li di: «Se poutèt sa, yon nonm va kite papa li ak manman li pou li ini ak madanm li, epi, yo tou de va fè yon sèl chè.»

[6] Konsa, yo pa fè de ankò, men, yo fè yon sèl chè. Donk, sa Bondye mete ansanm, pinga pèsonn separe li.

[7] Yo di li: Donk, poukisa Moyiz te kòmande pou yo bay madanm nan yon papye divòs epi konsa pou divòse avèk li?

[8] Jezi di yo: Se paske nou fè rèd nan kè nou ki fè Moyiz te pèmèt nou divòse ak madanm nou. Men, o kòmansman, sa pa t konsa.

[9] E, m ap di nou sa: Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, san se pa akòz imoralite epi ki al marye ak yon lòt fi, ebyen, li fè adiltè. E, moun ki marye ak fi divòse a, li fè adiltè tou.

[10] Disip li yo di li: Si se konsa bagay la ye ant yon nonm avèk madanm li, pito l pa marye.

[11] Men, Jezi di yo: Se pa tout moun ki aksepte pawòl sa a, men, se sèlman moun Bondye bay don an.

[12] Vrèmanvre, gen kèk enik ki vin enik depi nan vant manman yo. Genyen kèk enik se moun ki fè yo enik. E, genyen kèk enik ki fè tèt yo enik poutèt wayòm syèl la. Moun ki kapab aksepte sa, aksepte l.

[13] Apre sa, yo mennen kèk timoun bay Jezi pou li te ka poze men sou yo epi pou l te ka priye pou yo. Men, disip yo fè yo obsèvasyon.

[14] Jezi di: Kite timoun yo. Pa anpeche yo vin jwenn mwen. Paske, se pou moun ki tankou yo, wayòm syèl la ye.

[15] Li poze men sou yo epi li sot la.

[16] Twouve, yon moun pwoche, epi li di Jezi: Bon mèt, ki bon bagay mwen dwe fè pou m ka gen lavi etènèl?

[17] Men, Jezi di li: Poukisa se mwen ou rele «bon» an? Pa gen pèsonn ki bon, eskepte youn: Se Bondye! Men, si ou vle antre nan lavi a, kenbe kòmandman yo.

[18] Li di Jezi: Ki kòmandman? Jezi di: Men yo: Pa tiye moun. Pa fè adiltè. Pa vòlè. Pa fè fo temwayaj.

[19] Onore papa ou ak manman ou. Epi, ou va renmen pwochen ou, menm jan ou renmen tèt ou.

[20] Jennonm nan di Jezi: Depi mwen te pi jèn, m ap obsève tout bagay sa yo. Ki lòt kòmandman ankò?

[21] Jezi di li: Si ou vle vin total, ale, vann byen w yo pou w bay pòv, epi w ap gen yon trezò nan syèl la. Apre sa, vini, suiv mwen.

[22] Lè jennonm nan tande pawòl la, l ale tou tris, paske li te genyen anpil byen.

[23] Jezi, li menm, di disip li yo: Franchman, m ap di nou sa: Li difisil pou yon moun rich antre nan wayòm syèl la.

[24] E, m ap di nou ankò: Li pi fasil pou yon chamo pase nan yon je zegui, pase pou yon moun rich antre nan wayòm Bondye a.

[25] Lè disip li yo tande sa, yo te sezi anpil. Yo di: Alò, kilès ki kapab sove?

[26] Jezi gade yo, li di yo: Pou lèzòm, sa pa posib. Men, pou Bondye, tout bagay posib.

[27] Apre sa, Pyè reponn, li di li: Gade! Nou menm, nou kite tout bagay, epi nou suiv ou. Alò, kisa n ap jwenn?

[28] Jezi di yo: Franchman, m ap di nou sa: Nou menm ki suiv mwen yo, lè tout bagay refèt, lè Pitit Lòm nan chita sou twòn li nan laglwa, nou menm tou, n ap chita sou douz twòn pou nou jije douz tribi Izrayèl yo.

[29] E, nenpòt moun ki kite kay, oubyen frè, oubyen sè, oubyen papa, oubyen manman, oubyen madanm, oubyen pitit, oubyen jaden poutèt mwen, l ap resevwa yo san fwa plis pase sa, epitou l ap eritye lavi etènèl la.

[30] Men, anpil moun ki premye va dènye. Epi, dènye yo va premye.

Levanjil Matye a — Chapters