Skip to content
Opens in a new window

[1] Kòmansman levanjil sou Jezi Kris, Pitit Bondye a.

[2] Menm jan pwofèt yo te ekri a: (Gade! M ap voye mesaje m nan devan ou. Li va pare chemen ou devan ou.

[3] Vwa yon nonm k ap rele nan dezè a di: Pare chemen an pou Senyè a. Fè ti wout yo dwat pou li.)

[4] se konsa Jan te parèt. Li t ap batize moun nan dezè a. Li t ap preche batèm repantans pou padon peche.

[5] Vrèmanvre, tout moun peyi Jide ak moun Jerizalèm t ap soti vin kote li. Yo t ap konfese peche yo. Li menm, li t ap batize yo tout nan rivyè Jouden an.

[6] Jan te abiye an plim chamo, yon sentiwon kui te nan ren li. Epi, li t ap manje krikèt ak siwo myèl mawon.

[7] Li t ap preche, li t ap di: Yon nonm ki genyen plis pouvwa pase mwen ap vini apre mwen. Mwen pa menm merite pou mwen ta bese demare lasèt sandal li.

[8] Mwen menm, mwen te batize nou nan dlo. Men, li menm, li va batize nou nan Lespri Sen an.

[9] Men, vin rive yon lè nan jou sa yo kote Jezi soti Nazarèt, nan Galile, epi Jan batize li nan Jouden an.

[10] Pandan menm li t ap monte soti nan dlo a, li wè syèl la fann, epi Lespri a desann sou li tankou yon pijon.

[11] Alò, yon vwa ki soti nan syèl la di: Ou se Pitit mwen renmen anpil la. Ou fè mwen plezi anpil.

[12] Menm lè a, Lespri a pouse Jezi ale nan dezè a.

[13] Jezi te la nan dezè a ak bèt mawon yo pandan karant jou. Satan t ap tante li, epi zanj yo t ap sèvi li.

[14] Men, apre yo te arete Jan, Jezi ale Galile. Li t ap preche bon nouvèl wayòm Bondye a.

[15] Li t ap di: Tan an rive! Wayòm Bondye a pre rive! Repanti! Kwè nan bon nouvèl la!

[16] Pandan li t ap mache bò lanmè Galile a, li wè Simon ak Andre, frè Simon an. Yo t ap voye privye nan lanmè a, paske se pechè pwason yo te ye.

[17] Jezi di yo: Suiv mwen! M a fè nou tounen pechè lèzòm.

[18] Menm lè a tou, yo kite filè yo, yo suiv li.

[19] Lè li vanse pi lwen, li wè Jak, pitit Zebede a ak Jan, frè l la. Yo menm tou, yo t ap repare filè nan yon kannòt.

[20] Li rele yo menm lè a. Epi, yo kite papa yo, Zebede, nan kannòt la avèk travayè yo, y ale ak Jezi.

[21] Apre sa, y ale Kapènawòm. Jou saba a, li antre nan sinagòg la. Li kòmanse anseye menm lè a.

[22] Ansèyman l lan te fè yo sezi, paske se pa tankou pwofesè lalwa yo li te konn anseye yo, men, se tankou yon nonm ki gen otorite.

[23] Te gen yon nonm nan sinagòg yo a ki te genyen yon move lespri sou li. Li t ap rele, li t ap di: Aa Jezi, moun Nazarèt, nou menm avèk ou, nan kisa nou ye ansanm? Èske ou vini pou w detui nou? Mwen konnen ki moun ou ye: Ou se Sen Bondye a!

[25] Jezi fè l obsèvasyon, li di l: Silans! Soti sou li!

[26] Move lespri a sakaje nonm nan, li rele byen fò, epi li soti sou li.

[27] Tout moun te tèlman sou kè sote, yo t ap diskite, youn ak lòt. Yo t ap di: Ki bagay sa a? Ki nouvo ansèyman sa a? Paske, li kòmande menm move lespri yo avèk otorite, epi yo obeyi li.

[28] Menm lè a, nouvèl la gaye. Yo t ap pale de li nan tout zòn Galile a.

[29] Menm lè a tou, yo soti nan sinagòg la, epi y ale ansanm avèk Jak ak Jan lakay Simon ak Andre.

[30] Men, bèlmè Simon an te kouche ak lafyèv. Menm lè a, yo pale ak Jezi de bèlmè a.

[31] Kounye a, Jezi ale, li pran men bèlmè a, li fè li leve. E, menm lè a, lafyèv la kite li. Epi, bèlmè a sèvi yo.

[32] Rive nan aswè, apre solèy la te fin kouche, yo t ap mennen tout moun malad ansanm ak moun ki genyen demon sou yo, bay Jezi.

[33] Tout vil la te rasanble devan pòt la.

[34] Jezi geri anpil moun ki te genyen divès kalite maladi epi li chase anpil demon. Men, li pa t kite demon yo pale, paske yo te konnen li.

[35] Epi, byen bonè, avanjou, Jezi leve, li soti, l ale yon kote apa, epi li kòmanse lapriyè la.

[36] Alò, Simon ak moun ki te avèk li yo rapousuiv Jezi.

[37] Lè yo jwenn li, yo di li: Tout moun ap chèche ou.

[38] Li di yo: Ann ale nan bouk ki tou pre yo pou mwen ka preche la tou. Paske, se pou sa mwen te vini.

[39] Epi, li preche nan sinagòg ki nan tout Galile a, epi li chase demon.

[40] Yon nonm malad ak lèp vini kote Jezi, li sipliye Jezi, li ajenou devan li, epi li di li: Si ou vle, ou kapab pirifye mwen.

[41] Lè sa a, kè Jezi fè l mal. Li lonje men l, li manyen nonm nan, epi li di li: Mwen vle. Ou mèt vin pwòp!

[42] Menm lè li di sa a, lèp la soti sou nonm nan, e li te vin pwòp.

[43] Jezi byen avèti li, epi li voye l ale menm lè a.

[44] Jezi di li: Pa di pèsonn anyen! Okontrè, ale. Montre sakrifikatè a kò ou. E, kòm ou vin pwòp, ofri yon sakrifis daprè sa Moyiz te kòmande a. Sa va yon temwayaj pou yo.

[45] Men, li menm, lè l ale, li kòmanse anonse sa, li simaye pawòl la. Konsa, Jezi pa t kapab antre nan yon vil an piblik ankò. Men, li rete deyò, kèk kote apa, epi moun soti toupatou vin jwenn li.

Levanjil Mak la — Chapters