Skip to content
Opens in a new window

[1] Nan epòk sa a, Tetrak Ewòd tande pale de Jezi.

[2] Li di sèvitè l yo: Se Jan Batis! Se li menm ki resisite pami mò yo. E, se poutèt sa l ap fè mirak sa yo.

[3] Vrèmanvre, se Ewòd ki te pran Jan, ki te fè mare l, mete l nan prizon. E, se te poutèt Ewodyas, madanm Filip, frè Ewòd la.

[4] Paske, Jan te di li: Lalwa pa pèmèt ou marye avèk li.

[5] Ewòd te vle tiye Jan, men, li te pè foul la, paske yo te rekonèt Jan kòm yon pwofèt.

[6] Men, lè yo t ap fete fèt Ewòd, pitit fi Ewodyas la danse pami moun yo, li fè Ewòd plezi.

[7] Konsa, Ewòd sèmante, li deklare l ap bay tifi a nenpòt sa l mande.

[8] Men, li menm, sou presyon manman an, li di: Ban mwen tèt Jan Batis, isit la, nan yon kabare.

[9] Wa a te vin tris. Men, poutèt sèman li te fè a epi poutèt envite yo, li kòmande pou yo ba li l.

[10] Epi, li voye al koupe tèt Jan nan prizon an.

[11] Yo pote tèt Jan nan yon kabare, yo bay tifi a li, epi, li menm, li pote l bay manman l.

[12] Disip Jan yo vini, yo pran kò a, yo antere l, epi y al rakonte Jezi sa.

[13] Lè Jezi tande sa, li wete kò l. Li monte yon bato, l ale yon kote apa, nan yon dezè. Foul moun yo tande sa, yo kite vil yo, yo suiv li apye.

[14] Lè Jezi debake, li wè yon gwo foul. Kè l fè l mal pou yo. Epi, li geri moun malad yo.

[15] Konsa, aswè rive. Disip li yo pwoche kote li, yo di: Kote sa a se yon dezè. Epitou, lè a deja fin pase. Voye foul moun yo ale. Konsa, lè yo rive nan bouk yo, y a achte pwòp manje yo.

[16] Jezi di yo: Yo pa bezwen ale. Se nou menm ki pou ba yo manje.

[17] Alò, yo di li: Nou pa gen anyen isit la, eskepte senk pen ak de pwason.

[18] Li di: Pote yo ban mwen!

[19] Li kòmande foul moun yo pou yo chita sou zèb la. Li pran senk pen yo ak de pwason yo, li leve je l nan syèl la, li rann gras, epi li kase pen yo bay disip yo. Disip yo menm bay foul moun yo.

[20] Tout moun manje, epi yo kontante. Epi, yo pran douz pànye plen ak moso ki te rete yo.

[21] Te gen senkmil gason konsa ki te manje, san konte fi ak timoun.

[22] Menm lè a, Jezi fòse disip yo anbake nan kannòt la pou yo pran devan. Pandan yo t aprale lòt bò a, li menm, li t ap voye foul moun yo ale.

[23] Lè l fin voye foul moun yo ale, li monte sou mòn nan poukont li pou li lapriyè. Lè aswè rive, se sèl li menm ki te la.

[24] Men, kannòt la te deja nan mitan lanmè a. Lanm yo t ap malmennen li, paske, van an te kontre pou li.

[25] Vè katriyèm tranch nuit la, Jezi mache sou lanmè a, l al kote yo.

[26] Lè disip yo wè l ap mache sou lanmè a, yo te boulvèse. Yo di: Se yon lespri! Tèlman yo te pè, yo pran rele.

[27] Menm lè a, Jezi pale avèk yo, li di: Pran kouraj! Se mwen! Pa pè!

[28] Men, Pyè reponn li, li di: Senyè, si se ou, kòmande m vin kote w sou dlo a.

[29] Jezi di: Vini! Pyè desann kannòt la, li mache sou dlo a al kote Jezi.

[30] Men, lè li wè fòs van an, li te pè. E, kòm li te kòmanse ap koule, li rele, li di: Senyè, sove m!

[31] Menm lè a, Jezi lonje men l, li pran Pyè, epi li di li: Moun ti lafwa, poukisa ou te doute?

[32] Yo monte nan kannòt la, epi van an sispann.

[33] Moun ki te nan kannòt la vin koube devan li. Yo di: An verite, ou se Pitit Bondye!

[34] Lè yo fin travèse, yo koste nan peyi Jenezarèt.

[35] Mesye nan kote sa yo rekonèt Jezi. Yo voye nouvèl la toupatou nan tout zòn nan, epi yo mennen tout moun ki malad ba li.

[36] Yo sipliye li pou yo annik manyen franj rad li. E, tout moun ki te manyen li, te geri.

Levanjil Matye a — Chapters