Skip to content
Opens in a new window

[1] Lè Jezi desann sot sou mòn nan, yon gwo foul moun suiv li.

[2] Epi, twouve, yon nonm ki gen lèp vin koube devan li, li di: Senyè, si ou vle, ou kapab pirifye mwen.

[3] Jezi lonje men li, li manyen nonm nan. Li di: Mwen vle! Ou mèt vin pwòp. Menm lè a tou, li pirifye nonm nan anba lèp la.

[4] Epi, Jezi di li: Veye pou w pa di pèsonn sa. Okontrè, ale, montre sakrifikatè a kò ou, epi ofri ofrann Moyiz kòmande a. Se va yon temwayaj pou yo.

[5] Pandan Jezi t ap antre Kapènawòm, yon santenye pwoche kote li, li sipliye li,

[6] li di: Senyè, mwen gen yon sèvitè ki kouche lakay, paralize. Li anba yon touman terib.

[7] Jezi di li: M ap vin geri li.

[8] Santenye a reponn, li di: Senyè, mwen pa merite pou w antre anba fetay kay mwen. Men, di yon pawòl sèlman, epi sèvitè m nan va geri.

[9] Paske, mwen menm ki se yon nonm ki anba otorite yon lòt moun, mwen gen sòlda anba otorite pa m tou. E, si m di youn: «Ale!», l ale. Si m di yon lòt: «Vini!», li vini. E, si m di sèvitè mwen: «Fè sa a!», li fè li.

[10] Lè Jezi tande sa, li montre admirasyon li, epi li di moun ki t ap suiv li yo: Franchman, m ap di nou sa! Menm ann Izrayèl, mwen pa jwenn yon gwo lafwa konsa.

[11] E, m ap di nou sa: Anpil moun ap soti nan zòn Lès ak nan zòn Lwès, y ap vin sou tab nan wayòm syèl la avèk Abraam, avèk Izaak epi avèk Jakòb.

[12] Alòske, pitit wayòm nan menm, y ap jete yo nan fènwa deyò a, kote k ap gen rèl ak manje dan.

[13] Epi, Jezi di santenye a: Ou mèt ale. Se pou sa pase pou ou daprè lafwa ou! Nan lè sa a vre, sèvitè li a geri.

[14] Lè Jezi rive kay Pyè, li wè bèlmè Pyè a kouche ak lafyèv.

[15] Jezi manyen men li, epi lafyèv la kite li. Apre sa, li leve, li sèvi Jezi.

[16] Men, nan aswè, yo mennen anpil moun ki genyen demon sou yo bay Jezi. Li chase move lespri yo ak pawòl li, epi li geri tout moun malad yo.

[17] Konsa, pawòl pwofèt Ezayi a te akonpli lè l te di: Se feblès nou yo li pran. Se fado maladi nou yo li pote.

[18] Men, lè Jezi wè yon foul moun toutotou li, li pase lòd al lòt bò dlo a.

[19] Epi, yon pwofesè lalwa pwoche, li di Jezi: Mèt, nenpòt kote ou prale, m ap suiv ou.

[20] Jezi di li: Rena gen twou yo, zwazo nan syèl gen nich yo. Pitit Lòm nan, li menm, li pa gen yon kote pou li poze tèt li.

[21] Yon lòt disip pami disip li yo, di li: Senyè, kite m ale pou m antere papa m anvan.

[22] Men, Jezi di li: Suiv mwen! Epi, kite mò antere pwòp mò yo.

[23] Lè Jezi anbake nan kannòt la, disip yo suiv li.

[24] Epi, twouve, yon gwo tanpèt vin sou lanmè a, ki fè vag yo t ap kouvri kannòt la. Jezi, li menm, t ap dòmi.

[25] Disip yo pwoche, yo leve li, yo di l: Senyè, sove nou! N ap peri!

[26] Li di yo: Moun ti lafwa, pouki nou kapon konsa? Apre sa, li leve, li fè van an ak lanmè a obsèvasyon. Epi, yon gwo kalmi vini.

[27] Mesye yo te sezi. Yo di: Ki kalite moun li ye, ki fè menm van ak lanmè obeyi l la?

[28] Lè li rive lòt bò dlo a, nan peyi Gadarenyen yo, de nonm ki te gen demon sou yo soti nan mitan tonm yo, vin kontre ak li. Yo te tèlman sovaj, moun pa t gen kouraj pase sou wout sa a.

[29] Epi, twouve, yo pran rele, yo di: Jezi, Pitit Bondye a, ou menm avèk nou, nan kisa nou ye ansanm? Èske se vini ou vini isit la pou w toumante nou anvan lè?

[30] Pi lwen yo, te genyen yon gwo twoupo kochon ki t ap manje.

[31] Demon yo sipliye Jezi, yo di: Si w ap chase nou, voye nou al nan twoupo kochon yo.

[32] Li di yo: Pati! Demon yo soti vre. Y ale nan twoupo kochon yo. Twouve, tout twoupo kochon an degrengole desann falèz la, tonbe nan lanmè a. Epi, yo mouri nan dlo a.

[33] Gadò kochon yo sove. Y al rapòte tout bagay nan vil la, sitou bagay moun ki te gen demon yo.

[34] Epi, twouve, tout moun nan vil la soti vin rankontre Jezi. Lè yo wè li, yo sipliye li pou li pati sot nan zòn yo a.

Levanjil Matye a — Chapters