[1] Paske, wayòm syèl la tankou yon nonm ki pwopriyetè yon jaden rezen. Li soti bonè nan maten pou li anplwaye travayè nan jaden an.
[2] Li antann ak yo pou yon denye pou jounen an. Epi, li voye yo nan jaden rezen an.
[3] Li soti vè twazyèm è a, epi li wè lòt travayè kanpe sou plas la san fè anyen.
[4] Li di yo: Nou menm tou, ale nan jaden rezen an, epi m a ban nou sa ki jis. Y ale vre.
[5] Li soti ankò vè sizyèm è a ak nevyèm è a, li fè menm bagay la.
[6] Lè l soti vè onzyèm è a, li jwenn lòt travayè ki kanpe. Li di yo: Poukisa nou kanpe tout jounen an san fè anyen?
[7] Yo di li: Se paske pèsonn pa anplwaye nou. Li di yo: Nou menm tou, ale nan jaden rezen an. Epi, n a resevwa sa ki jis.
[8] Lè aswè rive, mèt jaden rezen an di administratè l la: Rele travayè yo, epi peye yo salè yo. Kòmanse ak sa k te vin an dènye yo jis ou rive sou sa k te vin an premye yo.
[9] Travayè onzyèm è yo vini, yo resevwa yon denye.
[10] Lè sa k te vin an premye yo vini, yo te kwè yo t ap resevwa plis. Men, yo menm tou, yo resevwa yon denye.
[11] Lè yo resevwa li, yo pran babye kont pwopriyetè a.
[12] Yo di: Yo menm ki vin an dènye a, yo travay inè d tan ase, epi ou peye yo egal egal avèk nou menm ki sipòte chay ak chalè jounen an.
[13] Li reponn, li di youn nan yo: Zanmi, mwen pa fè w enjistis. Se sou yon denye nou te antann nou, pa vre?
[14] Ebyen, pran sa k pa w epi ale. Men, mwen vle bay sa ki vin an dènye a menm bagay avèk ou.
[15] Èske se lalwa ki pa pèmèt mwen fè sa m vle ak byen mwen? Oubyen, èske se mechanste ki gen nan je ou, dèske mwen se yon bon moun?
[16] Konsa tou, dènye yo va premye, epi premye yo va dènye. Paske, Bondye rele anpil moun, men, li pa chwazi anpil.
[17] Jezi t ap monte Jerizalèm. Pandan li te sou wout la, li pran douz disip yo apa.
[18] Li di yo: Gade! Men n ap monte Jerizalèm. Y ap livre Pitit Lòm nan bay sakrifikatè prensipal yo ak pwofesè lalwa yo. Yo menm, y ap kondane li a mò.
[19] Y ap livre li bay nasyon yo pou yo pase l nan betiz, pou yo bat li epi pou yo krisifye li. Men, sou twazyèm jou a, l ap resisite.
[20] Apre sa, manman pitit Zebede yo pwoche kote Jezi avèk pitit li yo. Li koube, li mande Jezi yon bagay.
[21] Jezi di li: Sa w vle? Li di: Di pou de pitit mwen yo chita youn adwat ou, youn agoch ou, lè w nan wayòm ou an.
[22] Jezi reponn, li di: Nou pa konnen sa n ap mande la a! Èske nou kapab bwè nan gode mwen pral bwè a, oubyen, èske nou ka batize nan batèm mwen pral batize a? Yo di li: Nou kapab!
[23] Li di yo: Vrèmanvre, nou va bwè nan gode m nan. E, nou va batize nan batèm mwen pral batize a. Men, kanta pou chita adwat mwen oubyen agoch mwen, se pa mwen ki pou bay sa. Men, sa la pou moun, Papa mwen te prepare yo a.
[24] Lè dis yo tande sa, yo vekse akòz de frè yo.
[25] Men, Jezi rele yo, li di. Nou konnen jan chèf nasyon yo fè diktatè sou yo epi grannèg yo domine sou nasyon yo.
[26] Men, pou nou menm, sa p ap konsa. Okontrè, moun ki ta vle vin gran nan mitan nou, yo dwe sèvitè nou.
[27] E, moun ki ta vle vini an premye, yo dwe esklav nou.
[28] Konsa tou, Pitit Lòm nan pa t vini pou yo sèvi li, men, pou li sèvi epi pou li bay lavi li pou peye delivrans anpil moun.
[29] Lè yo soti Jeriko, yon gwo foul moun suiv Jezi.
[30] Epi, twouve, de avèg ki te chita bò wout la tande se Jezi k ap pase. Yo rele, yo di: Senyè, Pitit David, pitye pou nou!
[31] Men, foul la fè yo obsèvasyon pou yo pe. Men, yo rele pi rèd, yo di: Senyè, Pitit David, pitye pou nou!
[32] Jezi rete, li rele yo, epi li di: Sa n vle m fè pou nou?
[33] Yo di li: Senyè, nou ta vle je nou louvri.
[34] Kè Jezi fè l mal. Li manyen je yo, epi, menm lè a, je yo louvri, yo suiv Jezi.