[1] Nan jou sa yo, Jan Batis parèt. Li t ap preche nan dezè Jide a.
[2] Li t ap di: Repanti! Paske, wayòm syèl la pre rive.
[3] Vrèmanvre, se de Jan Batis, pwofèt Ezayi t ap pale, lè li te di: Vwa yon nonm k ap rele nan dezè a di: Pare chemen an pou Senyè a. Fè ti wout yo dwat pou li.
[4] Jan te genyen yon rad an pwal chamo sou li ak yon sentiwon kui nan ren li. Manje li, se te krikèt ak siwo myèl mawon.
[5] Epi, moun Jerizalèm, moun tout Jide ak moun ki nan tout zòn alantou Jouden an t ap soti vin kote li.
[6] Yo t ap konfese peche yo, epi li t ap batize yo nan Jouden an.
[7] Men, lè li wè anpil Farizyen ak Sadiseyen ap vin batize, li di yo: Ras sèpan! Kilès ki montre nou kòman pou nou chape anba kòlè ki pral vini an.
[8] Donnen fwi repantans merite.
[9] Epi, pa panse nou ka di nan kè nou: «Se Abraam nou genyen kòm papa!» Paske, m ap di nou sa: Bondye kapab fè pitit soti nan wòch sa yo pou Abraam.
[10] Okontrè menm, yo deja mete rach nan rasin pyebwa yo. Donk, tout pyebwa ki pa donnen bon fwi, yo koupe yo, epi yo lage yo nan dife.
[11] Mwen menm, mwen batize nou nan dlo pou nou repanti. Men, moun k ap vini apre m nan, li genyen plis pouvwa pase m. Mwen pa merite pou mwen ta pote sandal li. Li menm, li va batize nou nan Lespri Sen an.
[12] Laye l nan men l. L ap byen netwaye glasi ble li. L ap ranmase grenn yo, met nan depo li. Men, l ap boule pay yo nan yon dife ki pa kapab etenn.
[13] Epi, Jezi parèt. Li te soti Galile vin kote Jan bò Jouden an, dekwa pou Jan te ka batize li.
[14] Men, Jan eseye anpeche l, li di: Se mwen menm ki bezwen w batize mwen, epi se ou menm k ap vini kote m!
[15] Jezi reponn, li di li: Kite sa fèt kounye a. Paske, se konsa pou nou konfòme nou, pou nou akonpli tout sa ki jis. Vrèmanvre, Jan kite li.
[16] Lè Jezi fin batize, li monte sot nan dlo a menm lè a. Twouve, syèl la ouvè devan li. Epi, li wè Lespri Bondye k ap desann vin sou li tankou yon pijon.
[17] Epi ankò, twouve, yon vwa ki soti nan syèl la di: Li menm, li se pitit mwen renmen anpil la. Li fè m plezi anpil.