Skip to content
Opens in a new window

[1] Konsa, Jezi anbake nan kannòt la, li travèse, l ale nan peyi pa li.

[2] Epi, twouve, yo pote ba li yon nonm paralize ki te kouche sou yon kabann. Lè Jezi wè lafwa yo, li di nonm paralize a: Pran kouraj, pitit mwen, peche w yo padone.

[3] Twouve, kèk pwofesè lalwa pran di nan kè yo: Misye ap denigre Bondye.

[4] Jezi te konnen sa k nan lide yo. Li di yo: Poukisa nou gen move lide sa yo nan kè nou?

[5] Vrèmanvre, kisa ki pi fasil? Di: «Peche ou yo padone!», oubyen, di: «Leve, mache!»

[6] Ebyen, pou nou ka konnen Pitit Lòm nan genyen pouvwa sou latè pou li padone peche ... (kounye a, Jezi di nonm paralize a:) Leve, pran kabann ou, al lakay ou!

[7] Misye leve, l al lakay li.

[8] Lè foul moun yo wè sa, yo sezi, yo bay Bondye glwa, dèske li bay lèzòm kalite pouvwa sa a.

[9] Pi lwen, pandan Jezi t ap pase, li wè yon nonm chita devan biwo kontribisyon an. Nonm sa a te rele Matye. Jezi di li: Suiv mwen. Li leve, li suiv Jezi.

[10] Vin rive yon lè, Jezi te sou tab nan kay la. Epi, twouve, anpil pèseptè ak pechè t ap manje ansanm avèk Jezi ak disip li yo.

[11] Lè Farizyen yo wè sa, yo di disip li yo: Poukisa mèt nou an ap manje epi l ap bwè ansanm avèk pèseptè yo ak pechè yo?

[12] Jezi tande sa, li di yo: Se pa moun an sante ki bezwen doktè, men, se moun malad.

[13] Al aprann sa sa vle di: «Se pitye mwen vle, se pa sakrifis!» Vrèmanvre, se pa moun jis mwen vin rele repanti, men, se pechè.

[14] Apre sa, disip Jan yo pwoche kote li, yo di: Poukisa nou menm ak Farizyen yo fè jèn anpil, alòske, disip ou yo pa fè jèn?

[15] Jezi di yo: Gasondonè yo pa kapab an dèy toutotan lemarye a la avèk yo, pa vre? Men, gen jou k ap vini, kote yo va wete lemarye a nan mitan yo. Lè sa a, yo va fè jèn.

[16] E, pèsonn pa janm pyese yon pyès twal nèf sou yon vye rad. Paske, pyès nèf la ap ratresi pati ale ak vye a. Konsa, li vin chire pi mal.

[17] Nonplis tou, yo pa mete diven nouvo nan vye veso an po. Paske, veso yo ap pete, diven an ap blayi, epi veso yo ap detui. Men, yo mete diven nouvo nan veso nèf. Konsa, tou de konsève ansanm.

[18] Pandan Jezi t ap di bagay sa yo, twouve, yon chèf vin koube devan li, li di li: Pitit fi m nan fèk mouri, vin poze men w sou li, epi l ap viv.

[19] Jezi leve avèk disip li yo, li suiv chèf la.

[20] Epi, twouve, yon dam, ki te genyen yon pèdisyon san depi douzan, pwoche pa dèyè, li manyen franj rad Jezi.

[21] Li fè sa paske li t ap di nan kè li: Si mwen manyen rad li sèlman, mwen delivre.

[22] Men, lè Jezi vire epi li wè dam nan, li di: Pran kouraj, pitit fi mwen. Lafwa w delivre w. Depi menm lè sa a, dam nan geri.

[23] Lè Jezi rive kay chèf la, li wè jwè flit yo ak foul la ki t ap fè eskandal.

[24] Alò, li di yo: Nou mèt soti, paske tifi a pa mouri. Se dòmi l ap dòmi. Yo pran ri li.

[25] Lè yo fin met foul la deyò, li antre, li pran men tifi a, epi tifi a leve.

[26] Konsa, nouvèl sa a gaye nan tout peyi a.

[27] Pi lwen, pandan Jezi t ap pase, de avèg pran suiv li. Yo t ap rele, yo t ap di: Pitit David, pitye pou nou!

[28] Lè li rive nan kay la, de avèg yo pwoche kote li. Jezi di yo: Èske nou kwè, mwen kapab fè sa? Yo di li: Wi, Senyè!

[29] Konsa, Jezi manyen je yo, li di: Se pou sa fèt pou nou, daprè lafwa nou!

[30] Epi, je yo ouvri. Jezi byen avèti yo, li di: Veye pou pèsonn pa konn sa.

[31] Yo menm, lè yo soti, yo simaye non li nan tout peyi a.

[32] Pandan yo t aprale a, twouve, kèk moun mennen yon nonm, demon te fè bèbè, bay Jezi.

[33] Jezi chase demon an, epi nonm bèbè a pale. Foul moun yo sezi, yo di: Moun pa janm wè anyen konsa ann Izrayèl!

[34] Farizyen yo, yo menm, yo di: Se grasa chèf demon yo, l ap chase demon.

[35] Jezi pwomennen nan tout vil ak tout bouk. Li t ap anseye nan sinagòg yo, li t ap preche bon nouvèl wayòm nan, epi li t ap geri tout maladi ak tout enfimite pèp la te genyen.

[36] Lè Jezi wè foul moun yo, kè l fè l mal pou yo, paske yo te toumante, yo te faya, tankou mouton san bèje.

[37] Alò, li di disip li yo: Rekòt la anpil, men, kantite travayè yo piti.

[38] Donk, sipliye mèt rekòt la pou li voye travayè nan rekòt li.

Levanjil Matye a — Chapters