[1] Lè yo te fin chape, yo aprann se Malta yo rele zile a.
[2] Abitan yo resevwa nou avèk yon jantiyès estwòdinè. Vrèmanvre, poutèt lapli ki t ap tonbe a, poutèt fredi a tou, yo resevwa nou bò yon dife yo te limen.
[3] Pòl, li menm, ranmase yon kantite bwa, li lage nan dife a. Yon sèpan soti nan chalè a, li vin vlope nan men li.
[4] Lè abitan yo wè bèt la pann nan men li, youn di lòt: Toutbon vre, nonm sa a se yon asasen. Li fin chape anba lanmè a, epi Jistis pa pèmèt li viv.
[5] Men, Pòl souke bèt la lage nan dife a, epi li pa soufri anyen mal.
[6] Yo menm, yo t ap atann Pòl t apral anfle oubyen li t apral tonbe mouri frèt. Men, lè yo tann lontan epi yo pa wè anyen dwòl rive li, yo chanje lide. Yo di Pòl se yon bondye.
[7] Gouvènè zile a, yon nonm yo rele Pibliyis, te genyen tè nan zòn sa a. Li resevwa nou tankou zanmi, e li ban nou ladesant pandan twa jou.
[8] Twouve, papa Pibliyis te kouche malad avèk lafyèv ak dyare. Pòl antre kote li, li priye, li poze men sou li, epi papa a geri.
[9] Lè sa rive, lòt moun malad nan zile a vini tou, e yo menm tou, yo geri.
[10] Yo ban nou anpil onè. E, lè n ap anbake, yo mete tout sa nou te bezwen abò bato a.
[11] Apre twa mwa, nou anbake nan yon bato Aleksandri ki te make avèk foto frè Jimo yo. Li te pase ivè a nan zile a.
[12] Lè nou koste Sirakiz, nou pase twa jou la.
[13] Soti la, nou lonje kòt la jis nou rive Rejyo. Nan demen, yon ti van Sid leve; ki fè, sou dezyèm jou a, nou rive Pouzòl.
[14] La, nou jwenn kèk frè ki sipliye nou rete avèk yo pandan sèt jou. Se konsa nou ale Wòm.
[15] Lè frè nan vil la tande pale de nou, yo soti vin rankontre nou jis Mache Apiyis ak Twa Restoran. Lè Pòl wè yo, li rann Bondye gras. Konsa, li pran kouraj.
[16] Lè nou rive Wòm, santenye a remèt prizonye yo bay kòmandan an. Men, yo pèmèt Pòl rete poukont li avèk sòlda ki t ap veye l la.
[17] Apre twa jou, twouve, Pòl fè rele moun ki chèf pami Juif yo. Lè yo rasanble, li di yo: Nou menm, frè mwen yo, san mwen pa fè anyen kont ni pèp nou an, ni koutim zansèt nou yo, yo livre mwen nan men Women Jerizalèm yo kòm yon prizonye.
[18] Lè yo menm, yo egzamine mwen, yo te vle lage mwen, paske pa t gen anyen nan mwen ki te merite lanmò.
[19] Se paske Juif yo te fè opozisyon ki fè mwen te oblije mande pou m konparèt devan Seza. Men, se pa paske genyen kèk akizasyon pou mwen pote kont nasyon m nan.
[20] Alò, se pou rezon sa a mwen te mande pou mwen wè nou epi pou mwen pale avèk nou. Paske, se poutèt esperans Izrayèl la ki fè mwen mare nan chenn sa yo.
[21] Yo di li: Nou menm, nou pa resevwa okenn lèt soti Jide sou ou. E, nonplis tou, pa genyen pèsonn nan frè yo ki vin rapòte oubyen ki vin pale kèk bagay mal sou ou.
[22] Men, nou panse li bon pou nou koute ou sou sa ou panse. Vrèmanvre, pou relijyon sa a, nou menm, nou konnen se toupatou y ap fè li opozisyon.
[23] Yo fikse yon jou pou li. Lè yo vini lakay li, yo te anpil. Nan esplikasyon li yo, li temwaye sou wayòm Bondye a. Depi nan maten rive nan aswè, li eseye konvenk yo sou tout sa ki konsène Jezi, ni nan lwa Moyiz la, ni nan liv pwofèt yo.
[24] Sa li t ap di yo te rive konvenk kèk nan yo, men, kèk lòt menm pa t kwè.
[25] Kòm yo t ap pati san youn pa t dakò ak lòt, Pòl di yo yon pawòl: Lespri Sen an te byen pale avèk zansèt nou yo, lè li te di ak bouch pwofèt Ezayi:
[26] Ale kote pèp sa a, epi di li: «Nou va koute koute, e nou p ap konprann ditou. Nou va gade gade, e nou p ap wè ditou.
[27] Paske, kè pèp sa a vin lou, Yo tande di nan zòrèy, E, yo fèmen je yo. Si se pa t konsa, yo ta wè nan je yo, Yo ta tande nan zòrèy yo, Yo ta konprann nan kè yo, yo ta konvèti; Epi, mwen ta geri yo.»
[28] Ebyen, se pou nou konnen se bay lòt nasyon yo Bondye voye delivrans li a. E, yo menm, yo va koute.
[29] Lè Pòl fin di bagay sa yo, Juif yo ale. Te genyen anpil diskisyon pami yo.
[30] Pòl, li menm, rete nan yon kay li te lwe pandan dezan antye. Tout moun ki vini kote li, li resevwa yo.
[31] Li preche wayòm Bondye a. E, avèk tout asirans, san anpechman, li anseye tout sa ki konsène Senyè Jezi Kris.