[1] Yo pase Anfipolis ak Apoloni, yo rive Tesalonik kote Juif yo te genyen yon sinagòg.
[2] Menm jan Pòl te abitye fè a, li antre kote yo. E, pandan twa saba, li diskite avèk yo sou Lekriti.
[3] Li t ap esplike epi li t ap demontre fòk Kris la te soufri, epitou, fòk li te resisite pami mò yo. Epi, li di: Jezi m ap anonse nou an, se li menm ki Kris la.
[4] Sa te konvenk kèk nan yo ansanm ak anpil Grèk devwe epi ak plizyè medam nan lelit la. Konsa, yo vin asosye yo avèk Pòl ak Silas.
[5] Men, Juif ki pa kwè yo te jalou. Alò, yo pran kèk gason mechan pami voryen yo, yo fè yon foul, epi yo twouble vil la. Lè yo debake kay Jazon, yo chèche Pòl ak Silas pou yo mennen yo devan pèp la.
[6] Men, yo pa jwenn yo. Alò, yo trennen Jazon ak kèk frè devan otorite yo. Epi, yo pran rele konsa: Mesye sa yo mete lemonn antye tèt anba. Men yo vin isit la tou. E, Jazon resevwa yo! Yo tout ap aji kont dekrè Seza a. Y ap di genyen yon lòt wa, se Jezi!
[8] Lè foul la ak otorite yo tande sa, yo te boulvèse.
[9] Yo pran yon amann nan men Jazon ak rès moun yo, epi yo lage yo.
[10] Menm lè a, frè yo voye Pòl ak Silas al Bere lannuit. Lè yo rive, y ale nan sinagòg Juif yo.
[11] Juif sa yo te pi debyen pase Juif Tesalonik yo: Yo resevwa pawòl la avèk tout bon dispozisyon. Epi, yo egzamine Lekriti jou apre jou pou wè si se konsa pawòl yo ye vre.
[12] Donk, anpil nan yo vin kwè, ni pami medam Grèk yo nan lelit la, ni pami anpil nan mesye yo.
[13] An menm tan, Juif Tesalonik yo vin konnen Pòl t ap anonse pawòl Bondye a nan Bere tou. Alò, yo vin chofe foul nan Bere yo tou.
[14] Donk, menm lè a, frè yo fè Pòl ale bò lanmè a. Silas ak Timote, yo menm, rete la.
[15] Moun ki te eskòte Pòl yo mennen li jis Atèn. Yo resevwa lòd nan men li pou Silas ak Timote vin jwenn li tousuit. Epi, yo pati.
[16] Men, pandan Pòl t ap tann yo Atèn, li wè vil la te plen ak zidòl. Sa boulvèse lespri li.
[17] Donk, li pran diskite nan sinagòg la avèk Juif yo ak moun devwe yo. Tou le jou, li t ap diskite sou plas piblik la avèk moun ki te rasanble yo.
[18] Twouve, kèk filozòf Epikiryen ak Estoyisyen vin diskite avèk li tou. Gen kèk nan yo ki t ap di: Kisa paladò sa a vle di la a? Men, paske li t ap anonse bon nouvèl la sou Jezi ak sou rezirèksyon an, lòt yo t ap di: Genlè li se predikatè kèk bondye etranje!
[19] Yo pran li, yo mennen li nan Areyopaj la, epi yo di: Èske nou ta kapab konnen ki nouvo ansèyman sa a w ap anonse a?
[20] Paske, w ap anonse kèk bagay dwòl nan zòrèy nou. Donk, nou ta renmen konnen sa bagay sa yo vle di.
[21] Vrèmanvre, tout Atenyen ak etranje ki abite Atèn pa t genyen lòt plezi pase bay nouvèl epi koute nouvèl.
[22] Alò, Pòl kanpe nan mitan Areyopaj la. Li di: Nou menm nan Atèn, mwen wè kòman nou fidèl anpil nan relijyon nan tout bagay.
[23] Vrèmanvre, nan pwomennen obsève bagay nou adore yo, mwen te menm wè yon lotèl avèk dedikas sa a: POU YON BONDYE NOU PA KONNEN Ebyen, sila n ap adore san nou pa konnen l lan, se li menm m ap anonse nou.
[24] Li fè lemonn ak tout sa ki ladan l. Se li menm ki Senyè sou syèl la ak sou tè a. Bondye sa a pa abite nan tanp lèzòm fè.
[25] Se pa men lèzòm ki sèvi li nonplis, kòmsi li ta bezwen yon bagay. Se li menm ki bay tout sa ki vivan lavi ak souf ansanm ak tout bagay.
[26] Li fè moun tout nasyon soti nan yon sèl san, pou yo ka abite sou tout tè sou latè. Li chwazi ni tan li fikse pou yo, ni lizyè bitasyon yo.
[27] Epitou, li fè yo pou yo ka chèche Senyè a, pou wè si petèt nan tatonnen, yo ta jwenn li. Alòske, li pa lwen okenn nan nou.
[28] Paske, se li ki ban nou lavi, mouvman ak egzistans. Se sa kèk nan powèt nou yo di tou: «Vrèmanvre, se desandans li nou ye.»
[29] Donk, si se desandans Bondye nou ye, nou pa dwe konsidere Bondye tankou yon imaj ladrès ak lide lèzòm fè ak lò ak ajan oubyen ak wòch.
[30] Ebyen, tan inyorans sa a, Bondye pase sou li. Men, kounye a, l ap anonse tout moun toupatou pou yo repanti.
[31] Paske, li fikse jou li pral jije lemonn avèk jistis, grasa nonm li te chwazi a. E, li bay tout moun prèv la, lè li te resisite l pami mò yo.
[32] Lè yo tande pawòl mò resisite a, kèk moun ri. Men, kèk lòt di: Nou va koute w ap pale sou sa yon lòt fwa.
[33] Se konsa Pòl soti pami yo.
[34] Kèk nan mesye yo vin kwè, yo pèsevere avèk Pòl. Pami yo, te genyen Deni, yon manm Areyopaj la ak yon dam yo rele Damaris ak lòt moun ansanm avèk yo.